Vous êtes sur la page 1sur 2

VIV ABSTINANS

SIDA !

Se yon ti mo kat let ki pa vin bay piyay

Ou menm ki nan chen’k nan chat ak tout vye zagribay

Depanse pou fi pou yo diw neg Okay

En de pap padap ou pral di lavi babay

Ou d-zine Jenny ak Sophie, men ‘w pral mouri

M’ met bon zanmi abstinans ma gen lavi.

Nan lekol la ou se pi bel fanm

Chak le’m gade’w ou mache nan sanm

M’ta souse’w tankou yon bout kann

Men, SIDA ka fem tounen sann.

Jenn kounya a met pa gen kokoye y’ap fe dous

Kou pitit tonbe dous ame pase pwad chous

Jenn fi kounya a son kesyon de jete ! jete !

Kesyon m’ta poze’w eske ou konn konbyen’w rete

Men le msye tap touche’w ou pat ka dil rete.

Enhen ! ou pe soti ak Marijo

Nan de twa mwa ma we cheve’w siwo

Oke ! apre wa di siw te konnen

Pito’m we’w al chache dlo’w benyen


Menm si jodi a map fe spot pou li

Se yon towo m’pap janm ka zanmi

Nou menm ti bredjenn ki tize lavi

Zipe kanson’n pou’n bay SIDA dandi

Ou menm jenn fi ki poko nan anyen kenbe

Ou menm jenn gason ki vle we demen poze

Ou menm jenn fi ki gentan lage poste

Men si’w gentan gen dyare priye.

MERVIL
Richardson

Vous aimerez peut-être aussi