Vous êtes sur la page 1sur 3
PLATE-FORME VERITE Pdtoprens, 18 out 2015 NOT POU LAPRES POZISYON PLATFOM VERITE SOU JOUNEN ELEKTORAL DIMANCH 9 OUT LA ‘Apre jounen elektoral 9 out 2015 la, Platfom Verite te vie pran tan li pou | tande, gade, ranmase enfémasyon pou li chéche byen konprann anvan li pale. Nou tande KEP a, nou tande gouvénman an, Lapolis, obsévaté nasyonal ak obsévate enténasyonal, responsab pati ak platfom politik, kandida yo. Jounen lendi 17 out la, Platfom Verite rankontre ak pifd kandida Ii yo pou tande yo sou sa ki te pase nan zon pa yo. ‘A. Porisyon Platfom Verite sou eleksyon dimanch 9 out yo 11, KEP la pat pare tout bon vre pou fé eleksyon jou dimanch 9 out Ia : anpil dganizasyon t ap di KEP la pat pare pandan KEP la ak gouvénman an t ap di tout bagay anfém — jan jounen 9 out la pase a montre sila yo kit ap di KEP la pat pare a, se yo ki te gen rezon paske mizanplas pou jounen elektoral la te mal fet : 1.1 Manda pou obsavaté elektoral yo ak mandate pati politik yo pat distribye ale osnon pat distribye ditou; 1.2 Fomasyon teknik manm biwo ak sant vot yo pat fét komsadwa; 1.3 Reta egzajere nan preparasyon lis elektoral yo lakdz anpil konfizyon nan preparasyon lojistik biwo ak sant vot yo; 1.4 Deplasman biwo vat yo ak elekté yo bay anpil pwoblém pou moun jwenn kote pou yo t alvote; 15 Anpil kote biwo vot yo louvri anreta, anpil lot kote biwo vot yo femen anvan Ie 2. Eske se sélman paske KEP la pat pare a ki fe jounen 9 out la mal pase osnon eske gen lot bagay ki ttap pare pa anba pou kraze ou vole eleksyon yo? Sa k pase ak Platfom Verite a montre gen lot bagay ki tap pare: 7.4 KEP la wole lalwa elektoral a jan li retire Jacky Lumarque, kandida a la Prezidans Verite a nan kous la. Petat yo te espere Verite ta pral fe dezdd, kraze brize pou yo lage responsablite gagat 9 out la sou do Il. N ap raple tout moun Verite fé 4 gwo rmanifestasyon nan Potoprens ak lot nan pwovens pou pwoteste kont zak gwo ponyet ki retire Jacky nan kous la. Pa gen yon wach ki voye, pa gen yon tet ki kase, pa gen yon kawotchou ki boule. 2.2 Anvan jou dimanch 9 out la, Verite te sibi yon pakét agresyon grav. N ap raple kek nan yo: ‘Te gen agresyon vabel nan radyo ak televizyon. Verite pa t reponn. ET Te gen agresyon fizik sou Verite, Men kék nan yo : ' Mékredi 22 jiyé yo touye ak bal 3 militan Verite kit ap kole foto nan Kafou : Schiller Antony, Jackson Pierre ak Rudy Raphaé! '* Dimanch 26 jiyé yon gwoup moun atake kandida depite Koniyon pandan lit ap soti lames ‘© Mekredi 29 jiyé yo atake lokal Verite nan Tigwav ak kout woch ‘+ Samdi premye out, yo atake kotaj Kandida Verite a nan Tigwav : 6 moun blese ‘© Samdi premye out nan Kotdefé nég ak zam atake yon rasanbleman Kandida pou senate sides, Madam Miralda Jameau avek Kandida pou depite Katdefé Joseph Gontrand Louis, t ap dganize ‘© Lendi maten 3 out yo atake Katye Jeneral Verite a nan Pétoprens ak kout woch ‘© Lendi 3 out yo tire sou yon rasanbleman Verite nan Grande Riviere du Nord. Anpil moun blese © Lendi 3 out nan Terre Rouge yo atake yon kote] Verite kit ap soti Plaisance. Toussaint Inelus pran yon bal nan pye goch, Michel Lourdena pran yon bal nan men dwat * Makredi 5 out nan Grande Saline yo atake machin Wilbert Desorme, kandida pou depite. Chofé Kandida a pran yon bal nan tet ‘* Mkredi 5 out, yo boule nan Mamiad biwo Salem Raphael, kandida Verite pou depite. Fas a tout agresyon sa yo, Verite rete tat frét e jou ki te madi 4 out la, Verite fé soti yon not pou mande tout kandida ak patizan kandida yo ret tet frét, pa joure lot kandida, pa chire foto, pa fe vyolans sou yo. B. Pozisyon Verite sou sa ki gen pou fet Verite pa swete eleksyon yo kraze paske lé sa a nou pral tonbe nan gouvenman tranzisyon ki pap bay Pep la dirjan i vie pou jere peyi a. Verite di fok koreksyon fat nan pwosesis elektoral la. Si koreksyon pa fet, gen anpil chans pou pép la pa gen dirijan lita vie pou jere peyi a. Eleksyon kraze ak move eleksyon ap bay menm rezilta: dirijan p&p la pa chwari ap vin nan tet peyi a. Si pwosesis elektoral la kraze, si ‘eleksyon yo mal fét, demokrasi n ap goumen pou li depi 7 fevriye 1986 la ap fe yon gwo bak. . Pwopozisyon Verite pou fé demokrasi a avanse 11. Fok diferan akt@ k ap dganize eleksyon yo, fok diferan akté k ap patisipe nan eleksyon yo ak sila ki tap obséve jounen 9 out la yon evalyasyon jounen an pou gade tout pwoblem yo epi pote koreksyon 2. Fok tout aktd ki responsab dezad yo, kit yo nan Verite, kit yo nan lot pati politik, kit yo nan gouvénman, kit yo nan lapolis, kit yo nan lasts, kit yo nan KEP la, jwenn sanksyon yo merite 3, Verite ap mande tout kandida ak patizan Verite yo ret tat frét pandan y ap mobilize pou retire ‘machin leta a ki Kole nan labou jounen eleksyon 9 out la 4. Verite mande tout patizan demokrasi ak eta de dwa kontinye mobilize pou fase KEP la respekte dwa Jacky Lumarque ak tout lot kandida ki ta viktim move desizyon KEP la ‘Tout patizan demokrasi, annou met tét ansanm pou retire Ayiti ki Kole nan labou jounen 9 out la Viv Ayiti! Viv Demokra: Paul Antoine BIEN-AIME PORTE:PAROLE

Vous aimerez peut-être aussi