Vous êtes sur la page 1sur 2

EGLISE ADVENTISTE DU SEPTIEME JOUR

Mission de la Plaine du Cul-de-Sac des Adventistes du Septième Jour d’Haïti


Temple Adventiste Tekoa
11, Rue Pélican, Clercine 4, Blvd Toussaint Louverture, Tabarre, Haïti
Téléphone: 509 3462 0016 / 509 4283 5313 / 509 3239 1848
Email:egliseadventistetekoa07@gmail.com

Département des Communications

Frè m, sè m, ou menm ki ap vizite nou, bonjou e bon saba nan non Seyè a. Nan moman sila a, se
depatman kominikasyon ki antre lakay ou nan kad dezyèm sòti li pou mwa desanm sila a. Anvan
nou kòmanse ak anons yo, kite nou li panse jounen an ki chita kò li nan pwovèb 17 vèsè 28 :
Moun ki gen lespri pa janm cho pou pale. Menm moun ki sòt, lè yo rete ak bouch yo fèmen, yo
pase pou moun ki gen lespri.

Ansyena
Ansyen Joel Jean Noel ap genyen pou sèvi legliz la nan semen ki pral vini an la.
Dyakona
Remèsiman a gwoup 2 ki te sèvi legliz la pandan semèn ki sot pase a, pou semèn ki pral vini an,
se gwoup 3 ki ap de sèvis.
Ministè pèsonèl
Ministè pèsonèl vle rankontre tout manm ki nome pou lane 2024 yo nan yon reyinyon aprè midi
an a 3 zè.
Anons klèb senyò
Samdi 16 desanm nan se ap sabbat de l’amour. Yon fason pou nou fini ane 2023 nan lanmou ak
linite.
Se okazyon pou nou chak pwouve lanmou nou gen nan kè nou pou zanmi, fanmi oubyen sila ki
konte pou nou paske antanke moun kap suiv tras Jezi, nou dwe gen lanmou nan kè nou.
Koulè ki chwazi pou saba sa se woz ak wouj.
Nou ka abiye an wouj oswa an woz epi nou mete foula jenès la sou rad nou.
Nan demen dimanch kap 17 desanm, n ap gen yon gwo kokennchenn netwayaj nan zòn klèsin 4
la paske nou pa la sèlman pou nou bay levanjil, nou la pou nou enplike nou sosyalman tou.
Kidonk n ap tann konkou tout jèn, tout manm legliz, tout zanmi vizitè. Tout moun ki ta vle ede
nou nan zafè materyèl n ap gen bezwen pou aktivite sila a kapab wè ak nenpòt manm direksyon
an pou sa.

Se la anons nou pran bout pou jounen jodi a, n ap kite w avèk depatman sonorizasyon pou yon
spòt ki konsène pwogram jenès la.

Vous aimerez peut-être aussi