Vous êtes sur la page 1sur 170

1

2
Rodolphe Mathurin

Lanvè Lavi
(Lanpatèt lanmò)

3
ISBN: 978 – 99970-64-52-3

Dépot Légal: 20-08-191

4
5
Liv ak kèk nan piblikasyon Otè a:

 Kraze Vè ak Pawòl anplis: Edisyon


lafimen, 2020
 Règ jwèt la : Edisyon Lafimen, 2019
 LOKIPASYON VOUZAN, EPI
VOUZAN ANKÒ-100 FWA: Edisyon
Lafimen, 2015
 Une histoire de Chiens et de
Chiennes : Editions Deschamps, 2014
 Texte : ‘’1986-2004, Lit ideyoljik nan
Mouvman Etidyan Ayisyen an’ :
Editions C3,2014, sous la direction de
Lucie Carmel Paul-Austin
 Texte : Mariloud, Editions C3, 20213,
sous la direction de Lionel Trouillot
 Danse et Ombre : Editions
Indélébiles, 2011

6
 Sens-Lieu. Dictatures et Contrées :
Editions Pages Folles, 2007
 Kraze Vè : Edisyon Lafimen, 2006
 Triste Sort : Publication UNIBANK,
1996

7
8
Nouvèl 1 : Pon Lamizè

9
10
Dabitid, nan lè sa a, kamyonèt yo toujou
byen ranpli. Yo tout byen chaje ak pasajè ki
prale, pou pi fò, nan menm direksyon.

Nan lè sa a, vil la panko fin dòmi.


Wonfleman tout kalte kontinye pase anba
fenèt, file nan tout twou pòt, vin kontre bap
pou bap nan kwen lari pou rakonte,
alaverite, inosans ak frajilite chak moun
[nan ka sa a] nan vil la. Anpil nan
wonfleman dènye okazyon sa yo se
pòtpawòl k ap temwaye sou ensètitid, sou
lapèrèz ak sou dezespwa k ap kouri nan
sonj vil la.

Toupatou. Nan tout kwen. Nan tout fatra.

Anpil lan rèv sa yo konn menm deja anonse


move maryaj lespri nou ak tout kò nou pral
fè ak latriye dlo sal, salte ak pèkmèl tout

11
kalte k ap dòmi leve nan blokis san pye san
tèt ki pran abitid bay vil la fòm, non, sèks ak
siyati.

Toupatou. Nan tout kwen. Nan tout fatra.

12
Se yon vil konsa li ye. Moun san fwa ni lwa,
moun san renmen ni fyète, san konesans ni
diyite, pran libète rakonte tout kalte vye
koze sou li ; epi, detanzantan, vire l tèt
anba, dezipe l jouk nan mis li : Wete tou sa
yo bezwen ; Mete tou sa yo pa vle ; Kale l ;
Dekale l ; Detripe l ; epi, Boure l ; Chaje l ;
Sifoke l ak tout sa yo jwenn.

Toutpatou. Nan tout kwen. Nan tout fatra.

Se yon vil konsa li tounen. Pa gen moun


k ap veye pou li. Pa gen moun k ap veye
sou li. Pa gen pèsonn, pèsonn, ni leta, ni
pyès chèf ki rekonèt tèt yo devan malè l. S
on vil k ap kase tèt tounen, sa fè lontan. Ak
tout boulin. San l pa di kote l prale ni ki
wout l ap pran. San Pèsonn pa mande l
nonplis, ni pouki ni pa pouki.

13
Depi lè a, li lage sou kont tèt li, tousèl. San
marenn san parenn san pitit san manman
papa san pyès fanmi ditou. Jis yon pwent
tete kote : rat tout kalte, gwo rat, ti rat, rat
lavil, rat fenk vini, rat tout koulè, rat
mawon, rat blan, rat dèye do anbachal, rat
ak kostim san soulye, rat ak fo dan san
diplòm, rat ak cheve san chive, rat ak cheve
natirèl san pèmanant, rat tèt kale san fo
cheve, … vini, an layv, gwo jounen, tout
lannuit, tou zo, tou mèg, byen gra, tou lèd…
vini souse san rete.

San anyen pa deranje!

S on vil konsa li sanble. Ak yon gwo bouton


maling. San lave. Ak ma. Ak kras. Ak pi
blanch. Ak kwout nwa. San rense. San kite
rès…, nouvo rat vin peze souse kanmenm.
San pran souf.

14
San anyen pa deranje!

S on vil n ap bay do. Kanmenm !

15
Nan lè sa a, li pi fasil pou kamyonèt yo bay
vil la do. San bri san kont. San pale anpil
ant okenn chofè. San koutsan ak pyès
machann, yomenm ki deklare lari a se byen
prive yo pou abiye lamizè yo anvan menm
yo bay vil la do.

Annik chofè a franchi nan kalfou bò Lopital


Jeneral la, yon kolonn pasaje monte. Nan lè
sa a, pa gen kouri pouse ; pa gen move
pawòl ni move jès nonplis. Nonplis tou,
prezans travayè ak manadjè pa nesesè
kòmkwa pou ta bay chalè pou machin plen
anvan lòt. Tout moun konnen kote yo prale
e yo menm gen tan pou chwazi kilès chofè
pou yo monte. San bri san kont. San pyès
panik.

Solèy la panko louvri zèl li. Li panko


melanje ak movèzodè lari yo, ni ak okenn

16
move enèji ki abitye fè chak moun ta
tounen, jan sa ye toulejou, baka abiye k ap
fè konkou mechanste nan youn di - lòt la
reponn; epi, pote pawòl dezagreman tout
kalte jouk pou n ta rive nan tout kalte lòbèy,
eskandal piblik, zen pete.

Pou granmèsi !

S on vil konsa, nan lè sa a, k ap montre nou


ka menm rive di youn-lòt bonjou menmjan
sa te konn fèt lontan kote nou te konn salye
ni sa nou pa wè ni sa nou pè. Alèkile, sèl
moun ki pè nan vil la, se mrenmenm,
oumenm, limenm ak tout moun ak tout bèt
ki pa gen bwa dèyè bannann yo. Sila yo ki
pèdi lavwaochapit depi lontan, ak sila yo ki
san non. San sirèn. San parenn. San kontak.
San bakòp. San òkès ak san ban dèyè.

17
Dezyèm kanpe kamyonèt la se pou Premye
Avni Bòlòs nan kwen Wout Dèdal la. La a :
yon dezyèm gwo chajman fèt, pi gwo a. Plis
travayè monte men se sitou fanm k ap soti
nan tout alantou Tidekayèt, Fò Mèkredi,
nan Miwon, nan Jasmen…E se depi la a, vil
la koumanse ap parèt tèt li ak bann
machann pen, machann ze ak fig, machann
chabon ak ti machann tout kalte dyanni
tankou epis fouk, fèy rans, bonbon kanni,
boutèy lyann pou 101 maladi e latriye.
Machann sa yo, byen bonè, koumanse pote
bak yo ak konsyans yo, devan ; epi, yo tou
pare pou layite tout koutsan, tout kout fout
lanmèd, ak tout gwo mo tout koulè anba
tout kalte salte ki t ap dòmileve nan
dezespwa yo.

18
Se toulejou kou solèy kale je l ; kou lalin
mete men l nan fouk li : machann lòbèy sa
yo santi peyi a di yo Vouzan. Yo santi yo se
etranje andedan pwòp lakay yo. Konsa lè
kliyan rive devan yo, yo deja pare pou
renmèt kout Vouzan an. E se konsa tou, nan
chen manje chen sa a : chofè machin va gen
pou jwenn ak pa yo ; moun ki vin achte nan
men machann sa yo va gen pou vini ak kòlè
pa yo pou koresponn ak yo.

E yo chak va gen pou detaye youn ak lòt,


youn kont lòt, nan yon ti pil gwo pil, youn
sou lòt tout tan.

Toupatou. Nan tout kwen. Nan tout fatra.

19
S on vil konsa li ye. Yon men gòch toujou
jwenn rezon pou l goumen ak yon men
dwat parèy li ; 2 zo nan yon menm kolonn,
youn pa pe kite pou lòt jiskaske mouche
Leta va pwente- si li vle vini ; li va rive
paweze, ratibwaze, kraze epi brize- si li
kapab.

Toupatou. Nan tout kwen. Nan tout fatra.

Vil la denpi lontan, monte, ak pyès ki fèt


pou sa menm. Pou youn monte sou lòt.
Youn kont lòt. San konnen pouki ak pa
pouki.

Men tou sa panko twò gwo pwoblèm.


Paske Chofè yo ap gen tan kouri glise
desann rive Bò Simityè a ; pran dènye
pòsyon pasajè ki t ap tann nan zòn Fedèm
lan epi pran dispozisyon pou ateri nan zòn

20
Pak Endistriyèl la sou zòn Laplenn, nan
direksyon nò kapital la.

Okazyon nan lè sa yo toujou pi bon pou


tout chofè yo. Se okazyon pou yo woule sou
tout longè lari yo ak tout boulin. San pyès
detou. San oken respè pou panno. Pou
pèsonn. Ni pou okenn bèt lage. Ni tou pou
pèpap. Nan lè sa a, okenn chèf pa fouti gen
siflèt pou kanpe yo. Dayè chèf bò isit pa
konn leve bonè.

Nan lè sa a, chofè yo ansanm ak tout pasajè


yo rive wè pi byen kouman rèv chèf ki
abitye toufounen peyi a pa t janm pi wo
pase sa ni pi gwo nonplis. Tout pwojè lari
yo se yon bann koulwa tou zuit lanmezi ti
rèv, ti lide zuit, pawòl yanmyanm kaka
chat, kolepyese, frany, mòlmòl… ki nan foli
chèf yo. Lanmezi pwent nen yo.

21
Okazyon vòl dirèk sa yo tou se yon bon
okazyon pou tout travayè sa yo ki pra l lage
fòs kouray yo nan yon jounen travay ki pa
charye okenn espwa pou lavi miyò. Yo ka
kanmenm rive ekonomize yon bouda
monnen nan grapday y ap lage nan bòl yo a
: y ap peye yon sèl kous machin olye 3.

Anplis : kit yo kwè, kit yo pa kwè, travayè


sa yo jwenn ribanbèl mizik levanjil k ap
travay konsyans yo pou rann yo pi
annanfans, san ren, san defans. Malgre
sitiyasyon malouk k ap toufonnen lavi yo.

Seyans mizik gratis sa yo, ap raple travayè


yo : laglwa pa yo se nan syèl li ye ; e se
nòmal pou jodi a, sou tè a, pou lavi pa yo
fonn, pèdi nèt, nan yon monte desann nan
tout sans, san direksyon- san demen- san
avni.

22
Toupatou. Nan tout kwen. Nan tout fatra.

Men tou, sa p ap angaje pèsonn !

Piske okenn patwon pa deranje!

Animasyon mizik levanjil yo konn pouse


chofè yo melanje gaz ak konsyans. Lè
konsa, yo fè eksè ak vitès machin lan
jiskaske pasajè yo nan pridans yo, malgre
lafwa yo, va kanmenm di: “Mouche sa a
menm ou anraje maten an; se pa bèt non ki nan
machin ou an; se voye yo voye w; al di ou pa
jwenn…”

23
Apenn chofè a t ap ranje kò l pou pwoche
nan koub kote pou l depoze yon pòsyon
nan seri medam ki pral travay nan Pak
endistriyèl la- dabitid, isit, chofè yo se bout
wout yo fè ak pasaje-, Malèn kouri desann
ak yon anpresman moun pa janm wè.

Kè tout lòt pasajè yo manke bloke, sèk!

Jan l fè sa a se tankou se sou tèt bis la li te ye


epi l plake depi anlè, preske menmjan
timesye nan lari yo abitye vòltije sou pwent
tèt yo a. Li plonje kon kout flonn ou ta di
sirèn nan twazyèm jou gra detache nan
somèy li. Manzè pete yon sèl kous kouri ki
mete tout moun sou 2 ran.

Tout moun sezi !

San manke vide sou medam yo, tèlman


sezisman anvayi yo !

24
Li kouri, li kouri, li kouri, li kouri, li kouri, li
kouri…jiskaske yon pèsonaj ki wè li pral
trebiche, atrap li.

- Sa w genyen tikòmè w ap kouri konsa


a. Pran souf ou non, ou pa wè machin
lan sot manke fann ou 2 bout. Sa l
ye … ?
- Manman, manman, manman m……
- Kote manman w lan ? Sa l genyen ? Li
mouri ? Li malad ? Y a rete l ?
Rete, gad on kòz !

Malèn pantko ka rejwenn souf pou di yon


lòt mo. Jan l t ap kouri a, se kòmkidire li
t ap chache refè menm wout chofè a sot fè a
an mrens tan men nan menm vitès ansyen
tren ‘’Hasko’’ ki t ap janbe Laplenn lan, an
« ban m janb pran kann ; ban m janb pran

25
kann ; ban m janb pran kann… » ditan peyi
a pantko fin tounen zo nèt, do kale, tèt kale
san kò. Se kòmkwa Malèn te vle retounen
lakay li nan Tidekayèt, ou ta di yon timoun
k ap kouri al chache kanè l paske direktè
lekòl la mande l li, anvan menm li gen dwa
pase dènye egzamen final yo pou ane a.
Kouskouri Malèn lan tètkoupe ak kri yon
tibebe ki fenk ateri nan men yon matwòn e
ki mande retounen kote l te soti a vitvit-
preseprese san l pa kanpe pou limyè wouj
jis poutèt li gentan pran sant chòche ki gaye
sou tè a.

Toupatou. Nan tout kwen. Nan tout fatra.

Plizyè nan medam yo ki abitye pran wout la


ansanm ak Malèn, toulematen, gentan rive

26
bò kote l la, vini remèsye pèsonaj ki te atrap
li a. Yo tout men nan machwè.

Tank yo sezi !

Yo pè pou se pa yon kriz foli k ap monte


sou Malèn.

Pèsonaj la, yon mesye 60 lane konsa, pran


tan l eksplike yo :

- Se premye fwa li konsa ?


Nenpòt kijan, si li nouris, pa kite l bay
timoun lan lèt pandan 9 jou. Epi lè l
rive, ba l yon ti vèvenn ak kafe anmè
melanje ak yon ti asowosi tou piti jis
lanmezi yon ti tas pistach yo ; apre sa,
n a koule 2 fèy rakèt sou tèt li ak rès
ma kafe anmè a. Paske li gen yon san
sou li wi. Atansyon !

27
- Non, se timoun li ye. Li pa gen
timoun non. Antouka mèsi wi !

Se ak pawòl sa yo Janin, ki se kouzin Malèn


sou bò manman l, bay pèsonaj la respè li,
epi, tou remèsye lòt medam yo ki oblije al
travay.

Lè medam yo ap deplase, se ak gwo kèsere,


yo tout mete vwa yo ansanm pou di
« Rantre ak li, non, Ja. Al fè remèd la pou li.
N a pale ak sipèvizè Remon pou nou.
N espere l a konprann sa. Ou konnen ak
mouche sa a, ou pa janm konnen sa k ka
pase, sitou oumenm, sitou ou pa te janm te
vle ba l bò. Mh, Bondye k konnen. Ale non,
ak li… ».

Nan tout espektak bridsoukou sa a, lè


travay la gentan pase toutbon ; blokis la

28
gentan pwente toutbon. Vil la gentan ap
montre tout zo dan li ak tout kras k ap
kanni nan rasin yo, toutbon. L ap ouvè kò l,
l ap ouvè kò l … ofiramezi, jiskaske tout
moun koumanse ap mache moun sou
moun ; trennen youn lòt nan tout kalte
lòbèy, makiyaj, eskandal bèl oto ak gwo vit
fime k ap pote tout kalte istwa moun paka
ni wè ni konprann anba gwo kout sirèn,
anwo do bèl kout aplodisman pou lamizè.

Toupatou. Nan tout kwen. Nan tout fatra.

29
Gen timoun ki tou pwofite pran lari a daso,
yo tann klaksonn lamizè a rive sou yo ; epi,
tanzantan, yo kouri siye vit li, badijonnen l
ak pawòl madichon san fwa ni lwa.

San anyen pa deranje !

Gen granmoun tou ki pèdi tan yo, pèdi tout


figi yo nan tout jès, lè klaksonn lan rive sou
yo ; epi, detanzantan, yo chavire tout diyite
yo tèt anba devan 5goud, 20goud, …, jis
pou yon tiyen kafe.

Nonplis tou, sa pa deranje anyen !

Pi devan an menm, nan menm liy kote


Malèn ak Janin pral pase a, ekip raketè, mèt
beton, abolotcho tout kalte, yo toujou la. Lè
yo sispèk anyen panko ateri sou yo, yo prèt
pou kole dan yo sou chak machin ak vit
fime yo sispèk k ap charye privilèj ak

30
dezòd- la a, anbaje yo, anfas soufrans yo ;
epi, tanzantan, se youn nan yo ki pou ap di :

« Chèf la, chèf la, m te vote w wi !

Mete m on kote non. Fè m jwenn yon ti


kontra, non, chèf mwen ! »

Tout bagay nan vil la bloke. Vil la bloke


limenm tou. Sa gen lontan. Menm yon vye
lapawòli blòf pa fouti soti nan bouch chèf
la. Chèf la pa gen mo. Pawòl li bloke
lapoula. Menmjan ak wout la.

Malèn ak Janin, yomenm, bije kite solèy la


pouse do yo jis nan kalfou Ayopò a.

Janin tou pwofite ap mande Malèn :

- Men Ma, di m non. Kijan w santi w.


Ou ka kontinye mache, paske pa gen
machin, non, makomè !

31
- M ka, Kouz.
- Sa k te pase menm ojis, di m non !
- Kouz, se pa fòt mwen. Se jis m wè
dam lan travèse lari a pandan m nan
machin lan, epi…
- Epi kisa. Ki dam sa a ?
- Dam lan.
- Ou te manje manten an ?
Se pa nan tèt ou ki t ap vire epi ou vin
ap wè tout koze sa yo ?
- Non, m pa manje. Men se pa sa ki fè
sa. Se kòmkidire m wè m nan dam lan
k ap janbe lari a epi m ap kouri pou m
al jwenn li
- …Mh !
Machè pran tèt ou tande. Paske ou wè
koze dam sa a, w ap pale a, se pa

32
premye fwa non. Ou te deja bay mòd
derapaj sa yo wi !
- Tout bon ?
- Ban m di ou : Ou te pi piti, an n di, ou
te ka gen 8 lane konsa, Grann pa te ko
mouri, yon lè ou leve lannuit kouri
dèyè menm dam sa a.
- Kijan ?
- Machè, kòm Sentiv la pa lwenn nou la
a, an n tou fè yon rive ; m a manyen
priye pou m renmèt li kòz ou, paske
mwen ki sanse pase pou manman w,
jodi a, m pa ka fè anyen ankò. Mh !
An n ale, n a fin pale anwo, lakay.

Gen gwo eka ant laj Janin ak laj Malèn. Yo


pa moun menm jenerasyon menmsi yo alèz
pou pale youn ak lòt. Menmsi yo anba
menm imilyasyon yo nan travay la. Janin te

33
koumanse al travay pi jèn toujou pase
Malèn ki fenk gen 18 lane. Janin te lekòl ak
Mona, manman Malèn, e li te bay manzè 3
lane anplis konsa. Men Mona te toujou
parèt pi djanm pase Janin akòz se kò fanmi
sou bò papa li yo Janin te pran. Malèn se
krache Mona toupi. Yo gen menm koulè
nwa fen an, janb byen long ak tèt dèyè tèt
syèl la epi gwo souri laj san baryè a, tou sa
se pou manman an.

Jan w wè Malèn toujou prèt pou bliye tèt li


epi fè zanmi plezi a se konsa Mona te ye
tou. Malerezman li ale twò bonè, apèn li
t ap rantre nan debi ventèn li, lò a, Malèn
pantko menm fin fè tout dan li nèt. E se
depi lè a tou, Janin pran mayèt la ; l ap veye
sou Malèn tankou l ap mezire lonbray li,
tout nuit, tout lajounen.

34
Se sou reskonsabilite Janin, Malèn te vini ye
nèt depi Grann lan te lage sa. Janin toujou
byen kontan pote chay ki sou do l la. E li pa
janm sispann repete sa kòmkwa li santi li
fyè menm pou pote chay sa a pou Mona. Se
te bon kolòn li.

Souvantfwa menm, Janin konn anvi


eksplike Malèn nan ki kondisyon malouk,
manman l te janbe a. Men li toujou chwazi
fè silans sou sa. Li pa konnen si Malèn pare
pou l ta konprann pa egzanp, lefèt yo te rive
asepte l vit konsa nan faktori a se sou
benefis lamizè Mona te sibi nan menm plas
la. Li panko pare pou eksplike Malèn tout
detay sou kondisyon ki te mennen manman
an nan peyi san chapo, byen bonè konsa.

Chak fwa pou l ta louvri bouch li, li pito


kite doulè a manje l, sifonnen l. Sof li toujou

35
siyale Malèn : ‘’…Manman l, Mona sa a, se
te yon bon moun e se nan bon moun li a, kè
sansib li, kifè li disparèt vit konsa. Men
elas !

Se li ki te pou ale, li ale ; men l ap toujou


rete manman w ! ’’

Lè yo chita andedan legliz la kote plizyè


moun, malerèz fanm sitou, te vin pase
renmèt ka pa yo nan men avoka Sentiv, jou
maten madi sa a - apre tout kalamite yo sot
viv ak pwoblèm Malèn sot bay la- Janin ap
mande tèt li eske moman an rive pou l
eksplike Malèn tout detay sou dam sa a l ap
plede wè tout tan an. Li menm anvi mande
Sentiv konsèy sou konpòtman li dwe
genyen – menmsi li konnen Sentiv ap
kontinye fè travay pa l la tou - eske li dwe

36
bay Malèn tout eksplikasyon yo, koulye a.
Paske Malèn gentan ap montre twòp siyal.

Antretan, yon ti dòmi pote Janin ale sou ban


an ; li pa wè lè pè a chase fidèl yo. Malèn
tou te gentan dòmi nan ban ki bay sou fenèt
yo ; li te santi l plis alèz pou rete lwen lotèl
pè a akòz ti van ki t ap chankre nan fant
pèsyèn yo.

Jiskaprezan, legliz Sentiv la se youn nan


legliz pami kèk grenn grenn, yo pa anpil, ki
pantko mete barikad pou kouvri sen li yo
akòz bann move je san fwa ni lwa ki, depi
kèk tan, te pran abitid mache kase legliz
toupatou. Malfektè sa yo debake ak tout
« jekwazandye yo », pote ale tout sa yo
jwenn : kit se bann imaj dekonfiti k ap sal
eskanp figi sen yo ; kit se papye demand,
malerèz mete anba pye sen pou pote pawòl

37
pa yo pi lwen ; kit se seri dekorasyon
medam ti blòdè yo pote vini pou anbeli sen
yo, rann yo pi modèn, pi ‘’swag’’ ; kit se vye
rès moso losti kanni, sakristen yo konn sere
anba pye sen yo jis pou tronpe vijilans
monpè ak je vikè tyèlèlè ki toujou ap siveye
pou al rapòte ; kit se foto gason, medam yo
pote vini pou mare gason ki gwòs yo epi
k soti pou met deyò san di yo yon mo sou
doulè k ap grandi andedan vant yo a ; kit
se paspò, moun mete beni anvan y al
mande viza pou bay vil la do, nèt…

Moun nan zòn lan toujou gen gwo afeksyon


pou pè sa a ki montre anpil kouraj ; li pa
janm dekouraje e li pa sispann ankouraje
popilasyon an nan monte brigad pou siveye
epi defann kay Bondye a.

Yo renmen odas li anpil!

38
Lè Janin ak Malèn retounen nan lari a,
blokis la te manyen kalme ; elèv lekòl ak
anplwaye nan administrasyon piblik la te
gentan libere lari a.

Annik yo kanpe sou twotwa a, yo jwenn


machin. Yo rantre lakay, toudwat.

Li te onzè konsa.

Moun nan zòn lan te gentan pran


dispozisyon pa yo pou akeyi Janin ak Malèn
; medam faktori yo te deja rele pou mete
katye a okouran sou sa k te rive Malèn lan.

Tout zòn lan te deja rantre nan gwo boulvès


e tout vwazinay te kanpe pou mete an
aplikasyon rekòmandasyon pèsonaj gason
an menmsi yo te deside y ap koumanse

39
remèd la ak yon ti kiyè lwil doliv cho pito.
Sa a, se te kontribisyon pa yo. E Janin te
byen kontan viv moman solidarite sa a.

Rive 6, 7è diswa, solèy la te gentan fin bay


vil la do.

Medam travayèz yo te gentan retounen


lakay yo. Sila yo ki te rete pre Janin te
kanmenm pase wè kijan Malèn pase jounen
an, epitou, profite esplike Janin reyaksyon
sipèvizè Remon ki te kareman di : « Bon, m
konprann si Malèn ap pran pòz tifi li se
nòmal pou l fè kriz ; se menmjan an,
manman l te konn ap pran pòz ti jezi nan po
krab li, la a, epi li t ap okipe gason ak kòb
faktori a. Manzè Janin limenm, nou mèt tou
fè l konnen, isit la, yo pa peye moun pou
gad malad. Si li pa ka travay, bay yon lòt
moun plas la. Dayè, m pral fè rapò m bay

40
direktè a paske isit la, se travay n ap
travay … »

- Travay n ap travay o !
Travay n ap travay o-o !
Di Remon al di doktè a vre maladi li
soufri a tande. Li pa revoke limenm !

Se ak pawòl sa yo, Janin leve danse. Yon


mannyè pou l di Remon p ap sis !

Annapre, li tou soti ak medam yo ; kondi yo


mete nan kafou a nan anbyans pawòl ale -
pawòl vini - pawòl zen, sekrè ak tripotay
tout kalte ki toujou akonpaye lamitye -
kòkòday pa yo. Se kòmkidire « pawòl san
fen » sa yo, se yon pòch rezistans menm
medam yo devlope, yon pòt sekou yo mete
kanpe pou jwenn entelijans pou rete vivan
devan tribilasyon, agresivite, prejije tout

41
kalte y ap sibi nan sosyete a, kèlkilanswa
ran sosyal yo. Pawòl (fanm yo) pa janm fini
alaverite.

Letan pou Janin tounen sot akonpaye


medam zanmi li yo, Malèn te gentan lwen,
byen lwen, nan pwofon somèy. Janin evite
fè bri. Li pran san l, tout san l pou l byen
kochte pòt la, epi boure dèyè pòt la ak
panyen veso, ak twa grenn chèz kay la te
genyen an. Li sonje kanpe bale a tèt anba
tou dèyè pòt la, yon mannyè pou ranvoye
byen lwen ravèt ak tout kalte move zè k ap
kouri sou yo, tout tan, nan zòn lan. Apresa,
san okenn bri, li lage kadavkò li atè devan
kabann sa a, Malèn te vin sèl eritye depi
lanmò Grann, matant Janin.

Yon ti dòmi dous dous te apèn ap pote


Janin ale, tout fatig jounen an te gentan

42
jwenn bout kò l, lè Malèn pede sekwe l, fè l
pantan :

- Sa w genyen ?
Malèn, sa w santi ?
Bagay la pran w ankò ?
- Non, se pa sa. Koute.
- Kisa ?
A!
Tann, ban m koute byen. Mh !
Ou wè, se sa m t ap di w la wi. Ban m
suiv byen…
- Tande l ankò.
Se pa vòlè !
Pinga se nèg ak zam yo, nou konn wè
pi ba kay kapitenn lan, non, ki monte
nan zòn lan !
- Non. Se pa sa.

43
Apa li. M rekonèt vwa makomè m lan.
Enhen. Se lakay li, wi, bri a ye. Depi w
wè sa, konnen mouche a tounen.
- Ki mesye sa a ?
- Tann, m di w.

Yon 7 minit apre konsa, pale


wounouwounou a janbe fetay, li rive sou
yo, anwo a. Epi, menm lè a, bri yon flonn
wòch vini fè eko nan zòrèy yo e se lè a Janin
reyaji pou l di Malèn :

- Enhen, sa m di w la, se sa wi. Se kay


makomè m lan
- Enbe, an n al pote sekou, non ; al gade
sa k genyen…
- Ep, tifi, pe la. Sa k genyen an, m
konnen l deja. Ou wè sa m ap di w la,
makomè m tètkoupe ak manman w.

44
- Ki makomè, se pa sè Lisya !
Grimèl wouj anba a, k ap douko a!
Men wotè fi a, tou long tou long,
potre yon vye jiraf la… epi w ap di li
sanble ak manman m!
M pa t konn manman m, se vre ; men
se pa sa ou konn esplike m sou Mona.
M te kwè ou di Mona te nwa anpil ; li
te gen menm koulè avè m, ak menm
fòm ak mwen… ; mh !
- Non Ma, pitit mwen. Se pa koulè ak
fòm ase ki kapab fè 2 moun sanble. Se
pa sa. Ou wè, ou inosan vre. Si se te
pou sa, tout moun nwa ta sanble ; yo
ta menm kote ; tout moun kout, pèdi
tè, ta nan menm pati a ; oubyen youn
ta ka ranplase lòt nenpòt kijan, nenpòt
kote…

45
Bon, w ap pale, ou pa wè mouche nan
travay la menm koulè ak nou, poutan
se li k ap make n pi di. E m byen kwè
li gendwa ka byen fanmi nou, paske
yon lè m te tande l ap pale, li di se sou
Kalabich li soti, nan zòn kote papa m
fèt e nan zòn sa a se yon sèl yo ye, frè
fè pitit ak kouzin, papa fè afè ak
matant, frè fè alyans ak nyès …. Se
yon sèl la yo ye. Remon gendwa se
bonjan fanmi nou wi.
Pou m di w byen, se pa paske moun
lan nwa oswa wouj, oubyen douko ni
nonplis tou paske li soti menm kote
ak ou, nan menm zòn…, ki vle di li
sanble w.
Bon, si se pou sa, chèf nou konn
genyen pa bò isit - pou jan yo sanble,

46
pou pifò, ak nou menm malere,
malerèz…, enbe yo ta sonje kote yo
soti !
Souvantfwa, ou pa wè yo toujou bliye
tè kote yo soti a ak tout moun ki te
konn manje lamizè ak yo, epoutan yo
tout gen menm trè ak nou, ak pèp la,
m ka di !
- Tande ankò. Anpil bri, wi !
- O!
Mesye a genlè ap ba l anpil kou!
Mezanmi!
Alatray pou fanm malerèz!
O, Jezi Wa !
Di yon mo, non, pou makomè m lan !
- Bon, pouki moun k ap voye wòch yo
pa al kote mesye a ?
- Sa w ap di la a, oumenm. Se konsa !

47
Moun lan ap regle afè l ak madanm li
epi pou w parèt, gwo lannuit sa a,
devan pòt kay li.
Se vre !
Se konsa !

Sa w wè y ap fè la a, se konsa pou yo
fè l wi. Panike salopri a ak galèt,
jiskaske li kite fi a repoze l.

- Bon, m te kwè gen yon mesye chèf


dèyè do kay makomè w la. Pouki li pa
pote sè Lisya, sekou?
- Ay, tifi, pe la tande. Ou wè depi se
pou ti po bagay Bondye ba w devan w
la, depi w di ou p ap bay li paske ou
pa sou sa, oswa paske ou fatige… tout
gason vle manje w, tande.

48
Mesye sa w ap pale a, se avèk li wi,
mouche Lisya a fè jounen ap bwè
tafya, drivaye nan jwèt zo… kijan pou
l ta pote sekou a. Se yon bann epav yo
ye, wi, m pa menm kwè l al travay ; e,
l ap jwenn yon lòt pi konwonpi pase l
k ap kouvri pou li nan travay chèf la.

Ata yon bokit dlo, yo p ap desann


pran nan Miwon an pou fi a. Se
limenm malerèz la ankò ki pou leve a
3zè dimaten : kouri desann nan dlo a ;
remonte vit bouyi yon mayi pou
timoun yo anvan y al lekòl la ; kouri
bourike nan faktori a ; retounen nan lè
byen ta ou wè nou konn lage a ;
retounen desann charye dlo ; netwaye
timoun yo ; fè manje ba mesye a
manje ; lave detwa moso rad ; epi, rete

49
veye lè yo bay kouran an pou pase
inifòm…,

Anyen mouche a p ap fè, Sòm !

Epi, lè w tande lannuit la rive,


vagabon an bezwen twou pou l vin
vomi tafya l la. Anyen yo p ap regle.
Se pa Bondye tou, mh !

- Yo manyen kalme. Genlè li vag sou fi


a. M te tande vwa timoun yo k ap
kriye talè a
- A wi, li oblije vag. M te di makomè m
sa. Se pou li kale je l ; rale yon bagay
pou l frennen l si li wè l ap vare sou li
konsa. Paske si li pa dòmi ditou
menm san li p ap jwenn pou l pote
bay souse nan faktori a. E ou wè si

50
manman w te konn defann tèt li, jodi
a, li ta la a.
- Kouman sa ?
Se sa ou pa janm vle esplike m lan ?
- Ban m di w, Ma : Ou wè istwa sa a, li
long anpil. Si nou rantre ladan, nou
riske pa al travay ankò epi bay Remon
bò pou l griyen dan l sou nou. Li
gentan 1è dimaten wi !
- Kouz, si se pou sa nou mèt tou kite
travay la.

Janin fè yon ti silans. Li leve kanpe. Li fè


yon ti mache nan kay la, apèn 25 mèt kare
ki te deja konble ak dyanni tout kalte Grann
lan te kite dèyè, li pa t difisil ditou pou l te
fè tout tou kay la, lapoula. Li pwoche bò
bout dwoum lan. Li tire yon gode dlo frèt. E
se konsa lè l ap rechita sou bout kabann lan,

51
Malèn remake li gen dlo nan je l. Janin pran
twa gòje anvan l louvri bouch li. Men Malèn
pou l mete Janin an konfyans nèt, li di:

- Kouz, ou mèt pale wi. M gran. M pa


timoun piti. Ou pa bezwen gen dlo
lan je. M ka konprann.
- Tande Ma, se pa dlo lan je non. Se wè
m ap wè kijan Mona file nan men nou
an wi. Men ou konnen se radòt koze
pwotestan li an, wi, enhen !
- Kijan sa. M te kwè Grann se te moun
ki te konn rale moun. Ou te menm di
m li te konn fè remèd pou timoun ki
gen dyòk ak pou jenn fi ki gen
konplikasyon pou fè timoun.
Kouman sa ?
- Enbe se nan afè renmen zanmi m ap
pale w tout tan an. Li vin kwaze ak

52
yon kolonn medam. M tande tout
lajounen yo kay pastè sesi pastè sela
epi, sòm, pitit fi mwen, mouche a tou
fè l kite lakay li. Lè a, apèn ou te gen 7
tan, ou te fenk ap chanje dan. Pa plis,
non. Grann pa te ko kite travay kay
moun yo, si m raple byen. E se nan
men 2 ti marasa yo, leplisouvan, ak
nan men yon lòt granmoun yo konn
kite voye je sou ou, lè m al travay.
- Epi ?
- Enbe, move lavidi vin ap bat manman
w. Tout fanmi abandone l. Menm sè a
ki te swadizan gen plis lespri pase l,
yo tout bliye l. Li oblije al vann twal,
vann tout kalte radòt ; chache fè
komès, byen bonè. Epi ki komès atò !

53
Byenvit, menm zanmi yo manje
komès la nan men l ankò. Jiskaske pi
jenn pase w, li oblije al travay kote ou
wè ou ye a. Paske lè sa a : tout fanmi l
yo, sè l, frè l, swadizan pwotestan tou,
yo tout vag sou li, pale l mal, imilye
l… kòmkwa li te fè w twò bonè … se
sa k fè li pa swadizan reyisi vi l.

Nan kè cho pou konn kijan sa te pase, epi


rive konprann poukisa se nan okazyon sa a
menm Janin fenk di Mona sanble ak sè
Lisya a, Malèn kouri mande Janin :

- Tann mwen, se pastè a ki touye l ?


- Non, m paka di se pastè a ni se legliz
la ki touye manman w. Men m paka
di se pa yo nonplis. Paske ban m di
w yon bagay : Ou wè yon moun se

54
alafwa sa li reve, sa yo di l pou l reve
e mwayen yo ba l pou l reyalize rèv li.
Ou ka wè nan lari a, plen moun tèt
pati. Anpil lan yo, se kote y ap viv la
ki fini ak yo nan fè yo reve manti gwo
lajounen ; epi pote espwa yo jete byen
fon. Lwen.

Toupatou. Nan tout kwen. Nan tout


fatra.

Tonnè boule m, pito se tèt kouzin


mwen an ki te pati olye pou m pa t ka
wè l devan je m la a alòske vye vòlò
pastè a toujou la, gra kou chat,
kontinye ap mache abize jenn tifi
malerèz…

Malèn reyalize Janin ap pèdi sanfwa li nèt,


li kase pawòl Janin lan.

55
- Ja, ou pa bezwen di sa. Gen bagay ou
konn wè moun fou ap fè nan peyi isit,
monchè ou konn di pito se mouri
moun lan te mouri, wi, si se fanmi w.
Antouka, li deja pa la. Men eksplike m
non :
Mona li, li nan faktori a !
Mwen, m nan men Grann mwen!
E, oumenm, lè a, kote w te ye ?
- Machè, lè a, mwen te gentan lakay pa
m. M te fenk fè yon foskouch kote m
pèdi 2 pitit ki te lan vant mwen an. Te
gen komès sou Panama ki te fenk ap
louvri, m vin ap fè alevini. Kifè m te
vin pèdi Mona devi nèt. Se lè tout
evènman yo fin pase, m vin aprann :
mesye pastè sa a se te menmjan ak
mouche Lisya a, li p ap travay pou

56
ou ; li p ap fè okenn efò chache djòb ;
li chaje jenn medam nan katye kote yo
te rete a … ; e malgre li swadizan
pastè, tout lajounen se jwe, se brè tout
kalte tafya epi nan aswè anpeche
Mona viv.
Bon, sa k pi rèd la, ou wè vye koze
Remon ap radote ak dyòl li a, ap pede
repete, tout lasentjounen, andedan
faktori a, kote l ap di mesye a pote 3
timoun bay Mona gade e se Mona
k ap okipe e mesye a e timoun yo, se
bon jan verite wi. E, m vin aprann se
bagay sa a menm ki te plis pote Grann
ale, anvan lè.
- Epi ?
- Enben se konsa : Nan mennen lavidi
jan w wè sè Lisya ap viv la, Mona vin

57
tonbe ansent pou salopri pastè a. Rive
sou 2 mwa, 3 mwa edmi, manzè
reyalize li p ap ka kenbe l ; li pa wè
ak kisa li pral okipe l. Gen 2 medam
zanmi li, m kwè yo la toujou, Noufàn
ak Evanya, ki mennen l fè yon kitaj.
Sou uityèm jou kitaj la, olye mesye a
akonpaye l, okipe l, ba l swen…, l ap
mande l fanm.
Menm jan ou sot tande wòch sou do
kay makomè m lan, wòch anvayi do
kay yo. Manman w se moun ki te
sansib pou prestij li, lawonte pran l.
Malgre tou, demen maten li leve al
nan dlo a ; salopri pastè a, ap wonfle
limenm, pran lèz kò l. E sanble se nan
dlo a li pran yon fredi ki pa janm soti

58
sou li. Rive sou 9 jou, tan an fèmen
nèt.
- Non kouz, tan an pa etenn, nonplis
tou li pa fèmen. Li fenk louvri. Paske
m resi konprann pouki m ap pede fè
kochma sa yo.
- Ret la, Malèn. M dwe di w tou, dapre
sa Grann toujou rakonte m : lè l fin
mouri, sou 7 mwa konsa li vin fè
Grann ou eksplikasyon e li di l l ap
vin pran pitit li. Se depi lè a, m di w,
ou t ap pede kouri leve nan dòmi an.
Se kote parenn ou, Grann ou te ale e
ki te fè yon remèd pou ou.

E kòm li te kontinye ap vin radote nan


koze l ap vin chache w la, Grann te
oblije al sou tonb li ak ou epi plen l ak
betiz. E se sa k fè maten an, lè m wè…

59
Malèn pa kite Janin fini fraz la. Li leve
kanpe. Li sere senti jip ki te sou li a. Li pran
gode dlo a nan men kouzin lan. Li kage yon
gòje. Li lage 2 gout atè a. Sa ki fè Janin
espantan.

- Sa l ye menm, Malèn ?
- Ou pa bezwen okipe w, non, Kouz. M
anfòm. M ap geri tèt mwen.
- E kijan w ap fè menm, pitit fi m?
- Machè m pral tounen pale ak
manman m.
Pa okipe w, l ap di egzakteman kijan
pou m pote pi lwen “pawòl san fen”
sa a, yon mannyè pou nou jwenn bout
tout pastè sa yo ak tout akolit yo ki
kontinye mache detounen jèn fanm,
fòkòp inosans lajenès.

60
Toupatou. Nan tout kwen. Nan tout
fatra.

61
1
Nouvèl 2 : [Bri Silans]

1
Lè Mari mouri, jou dimanch maten an, nan
lane 2003, se te yon gwo kou pou anpil
moun nan Tidekayèt. Tankou yon kout van
sanzatann, bridsoukou, pawòl la rive
andedan chak kay, pouse do tout moun soti
mete deyò san volonte yo. Toudousman,
dobadoba, li mache deplase chak pous tè
nan fon kè chak grenn abitan ak yon flonn
soupi san fen (Mh ! Mezanmi, mezanmi…
gadon kou, mh… !).

Anba yon ti seren lapli k ap yenyen nan fè


grimas, van an pran pawòl la kannale kouri
ak li toupatou nan tout kò tout moun : depi
nan po tèt ak cheve, po tèt san cheve pou al
plonje nan vizaj chak timoun, chak
granmoun ak yon pwofondè ki ta pral
dekale, ti kal pa ti kal, chak tiyen doulè ak
lapenn ki te blayi nan zòn lan.

S on Rèl ki te pran depi anwo bò kay mè


Lasajès yo, e ki t ap woule ak tout boulin,
1
degringole nan chak eskalye anbeton oswa
nan sila yo inondasyon tout kalte bay fòm li
chwazi, pou rive nan trip tout zòn lan : soti
Kafou Sen Jid- desann sou Savann Pistach
bò kay Valanten- pase pa Saye pou vire
tounen sou Kafou Chen nan tèt Ri Prevo, ri
ki paralèl ak ri Foucha a - nan Kafou Fèy.

E plis lè a t ap sele jounen an, se machann


kenkay tout kalte ki abitche fè pòz devan
kay Mari a ki t ap deploye pa 2, pa 4, an ti
pil gwo pil, vini gonfle van an, pote rèl la pi
lwen sa te ka posib…. Konsa petèt yon
fanmi Mari ta va aprann nouvèl la.

Paske dapre Jak, youn nan pi ansyen bòs


mason ki te premye bati nan zòn lan, apre
madan Lisyen, machann pate a, ak Benn ki
se koutye tout moun anba lavil konnen depi
sou Maglwa- depi lè li t ap asiste Mari nan
bati kay la, manzè te toujou di : « Li se
moun Ka-Milèt, sou Okoto ; li rantre
2
Pòtoprens depi lè l te gen 9 lane konsa, e se
te on pè ki te mennen l isit apre yon alatèt
nan Kongregasyon an te jwe nan
chouchoun li- sa ki te fè gwo bri nan tout
komin lan, menm prefè Okay la te oblije
desann Ka-Milèt . Men kòm ou konnen afè
legwo rete koze legliz ak yo, yo te annik
deplase sakrifikatè a epi bay grann li yon ti
kòb epi tout bagay te fini.

Pa t gen plis pale anpil pase sa.

Epi se konsa nan Pòtoprens la, li ta pral


konnen, limenm, tout kalte kout kanno :
depi sa k tire lè solda ak ofisye Lame Dayiti
te premye goumen antre yo, anvan
Prezidan kansonfè Pòl Ejèn Maglwa, bèl
gason nwa, chèlbè te vin mete lòd nan
bounda vagabon… jouk rive jounen jodi a
kote l wè devan pòt tounen dèyè kay,
otorite alèkile se kwann sou tab Mache
Anba k ap lote ti pil gwo pil nan tout vye
3
sòs sal. Limenm tou, li tire plizyè kou, tout
kalte kout kanno, nan tout lari Pòtoprens
men malerezman se pa chans pa l, li pa
janm fè timoun, se pa t volonte Bondye e
nonplis tou li pa janm jwenn gason rete nan
kay ak li ; li te toujou pou kont li. E an de
fwa, li te eseye pran yon nèg mete nan 2
pyès kay li a, nan tou 2 fwa sa yo, mesye a
bwote tou sa l te genyen pote bay jenn
fanm. Se depi lè a tou li pa janm lage sigarèt
la ; li vin pran yon gwosè li pa janm ka pèdi,
li toujou peze ant 280 e 300 liv, bagay sa a
dayè menm fè li adopte 80 ak 30 lè l ap mize
nan lave chodyè ; li fè tout kalte maladi
tansyon sik ak kè fè mal...

Si li la a, jiskaprezan, se lwa ginen l yo ak tèt


zafè l ki kenbe l… »

Men kout rèl machann kenkay yo te sitou


rive bò mesyedam ki nan baz domino dèyè
do kay Mari a. Yo te fenk fini lannuit samdi
4
a, tout moun te anba bèl gwòg, ak tèt yo
foul ak fimen, jan yo toujou fè sa toulejou.
Sepandan lò rèl la rive sou yo, tèt tout
moun vin klè ; sezisman an efase tout fòs
‘’Ay’’ la ki te lan yo. Yo kouri vin gade si
vreman sa yo kwè yo tande a se vre. Fanm
kou gason kraze tab jwèt la, vin konstate ak
2 nawè yo si se vre, toutbon vre, Rozmari
kite sa.

Lè Jeral rive bò kay la, li lage fès li sou ti


bout pewon an, jan li toujou fè l, chak
dimanch maten. Tou 2 grenn je l byen wouj.
Tout moun an doutdesavwa pou konnen
eske se lanmò a osnon eske se fimen an ak
tout padòmi a ki lakòz je l pran abiman fèy
zanman pouri sa a lapli mwad novanm pote
glise devan papòt legliz Sentàn. Men lè li
koumanse pale, ofiramezi, moun ap
dekouvri menmsi fimen an nan li tou,
tristès la te fò nan li. Pou Jeral s on aksidan

5
li fenk fè ; li menm panse se paske fimen an
pa soti nan bon rejiman ‘’pay’’ ki lakòz
moun ap pale de lanmò Mari. Li paka rive
kwè se verite kòmkwa : ‘’Mari pa l la, afè pa
l la, manman ki toujou soutni l nan tout
tribilasyon l ap sibi ta etenn bridsoukou,
konsa, la a. Non !’’.

- Se pa vre Rasta !
Kòmsi, fè m konprann koze Mari
mouri a non !
“That’s the” boulchit mann!
Koulangèt menn!
Se yè, la a, atè a, anba pye doliv la wi,
manzè rele m. Li di m Jeral, manyen
manje non, pa bwè san manje…E
mwen pou m anmègde l, m di l eske l
ap ban m aktivite pou m achte yon
fimen paske depim maten m panko
rale anyen. Li di m pa gen pwoblèm,

6
pase kote l demen maten nan soup la
kòmkidire koulye a.
Woy, woy, woy… !
Mari nan kisa w ap kite m, manman
pa m lan, fanm m kredi m lan…
Woooooyyyyyyy.
Mh !
- Ret la, w ap pale oumenm !

Se konsa Kalo limenm, li rantre nan koze a.

M te kwè se maten an, lè m kouri kite


nou nan domino a pou m t al
akonpaye manman nan wout la, ki ta
pral nan koze legliz li, byen bonè -
paske depi kèk tan sanble gen on
bann ti vòlò k ap friz moun nan Kafou
Chen an-, m te wè Mari kanpe la a, ak
yon bale nan men l, ap wouze devan
kay la. Li rele m, epi mwen, m di l
« Woy, m ap tounen ». Alòs m pa t ap

7
retounen vre akòz sa fè 7 dimanch m
pa ba l anyen sou dèt m gen pou li a...
Rete mesye, gade on pawòl !

Lòt ti fanm tèt cho ki monte ak yo a, Kalin,


reyaji pou di :

- A monchè Kalo, si w t ap peye fanm


lan ou ta peye depi anvan l mouri. Se
pa koulye a, lè fin pa la a, pou w ap
vin ap pale koze krezi kòmkwa …
- Fèmen dyòl ou la, oumenm. Eske se
pa moun nan Saye ou ye ?
Ou te fout konn Mari ? ...
Epi, ou pa vin touche pou li. Mari
genlè te konn nan konkòday avè w.
Kote w, konn Mari, w ap vin foure
bouch ou a…
Se vre wi, Jeral : moun nan vin nan
zòn lan, li pa menm konnen kouman
nou trip bò isit la, epi l ap vin foure
dan l nan zafè moun. Machè, fè wò l
8
ou tande pou m pa achete l pou ou….
Eskize m wi, mesyedam !
- O Kalo !
Nou pa gen lè noumenm !
Se sou moun nou ye wi !

Sa a se pawòl bòs Jak, yon mannyè pou l


chache mete yon ola nan derapaj la.

- Oke Pè a !
Ou fin pale. Eskize m ankò.

Se konsa Kalo reyaji pou montre li


konprann lanmò Mari pa merite tout
deblozay gratis sa a. Li tou pwoche pi pre
bò kote Jeral la ; li mete dèyè l sou dezyèm
nivo mach pewon an, yon jan paralèl ak
Jeral- longè mach la apeprè 1mèt 10 - youn
pa ta fouti jennen lòt menmsi yo ta chita
janm louvri epi kale kò yo. Twazyèm mach
la ki se te dènye a pratikman se te atè a
menm.

9
Nan touletwa onndèblay yo, rèl machann
kenkay yo te rale sou tab domino a, Kalo,
sanse pi ansyen. Li pami premye moun nan
zòn lan ki vini ak koze tèt cheve mòp la.
Drèd li a gentan genyen plis pase 25 lane. Li
pran kou pou li ; li bay kou tou pou li. Byen
bonè li te toujou aprann pale ak tout dyòl li,
san limit, menm lè diktati a te tou louvri,
nan tout kwen kay, nan tout jès ak nan souf
tout moun. Men tout moun nan zòn lan
asepte l konsa paske tout moun yo konnen
li pa nan okenn koze depaman, apre ti
fimen an. Li aprann jèn medam yo anpil
taktik konba pou defann tèt yo kont
vagabon ak kont granmoun deregle k ap
tante esplwate yo. Se yon rebèl natirèl Mari
te renmen anpil, e petèt plis pase Jeral, men
sa te rete la. Relasyon ant yo 2 a se te koze
bon fanm popilè ansyen aksyonè ak gason
vanyan ki pa nan betiz ak pèsonn sitou ak
otorite k ap pèdi wòl yo nan eseye vin fè abi
10
nan zòn lan. Kalo fè prizon anplizyè fwa e
nan anpil ka yo, se Mari ki jwe ak kontak li
te genyen pami ansyen kliyan li yo pou te
mete l deyò.

Li te gentan ap pwente 8è nan jou dimanch


sa a. Sezisman an te kontinye anvayi tout
kwen mi yo ; tout sant gwòg ki te koumanse
disparèt t ap tounen piti piti : chak moun te
gen rezon pa l pou pran yon kou, jis pou
kage tristès la dèyè tè li. Pòt ki te deja louvri
pou moun kouri al kay pastè Leyona ki
kanpe yon ti jan pi wo Legliz Karidad la,
tou kole bank bolèt ″Ange de Dieu a ″ pa
gentan fèmen sou deblozay asyèt, panyen
veso tètanba, rad sal ki te gen pou lave apre
lapriyè ; tout melimelo sa yo te rete plonyen
nan kwen kay yo ak tout dekourajman lavi
ki te toujou dòmileve andedan pi fò kay nan
kominote a. E se te menm kout ponya a pou
fidèl katolik ki ta prale nan bèl gwo mès

11
katolik 8 è dimaten nan legliz Karidad la. Yo
menm tou, yo jwenn ak pa yo. Nan kanpe
sezi sou ray tristès lanmò a, yo pran yon
kou, yo pran 2, yo pran 3 kou…, lanmezi
lakonsyans yo te kapab sipòte nan moman
an. E yo tout te konnen, depi yo tikatkat «
Detoutfason, nan peyi pa nou, Ayiti, pran
yon kout tafya, nan ka sa yo, se
premye prèv solidarite noumenm, pèp, nan
malè lòt la ».

12
Andedan vizaj chak timoun kou nan figi
chak granmoun, bri silans lan te kontinye
ap kouri e nan chak kwen kafou, li te pran
tout tan l pou l te kite yon koulè, yon lodè,
yon tach lanmou, oswa yon moso nan nwaj
lapenn… ki t ap gaye rèl kòlè nou kont
lanmò.

Men se nan kwen Kafou Chen an, bri silans


sa a pral plis deplwaye kò l ak rèl medam
jamèdodo yo ki t ap rive.

Medam sa yo deyò depi lan samdi nan


aswè. Nouvèl la rive sou yo, apenn yo
desann bis ki depoze yo a, nan ang ri
foucha e wout Dal la, pi ba kay madan
Pyewo a. Tout chany ki nan kwen kafou a te
gen tan sèvi yo alapapòt. E ofiramezi yo t
ap rale monte mòn lan, yo ta pral sètifye
soufrans lan. Se plis tou, yo t ap jwenn plis

13
enèji pou kouri monte mòn lan malgre yo
fin pèdi nwit.

Medam sa yo se tout yon kolòn jenn fanm


ki genyen ant 16 e 35 lane pou pi plis. Pifò
lan yo deja konnen, byen bonè, move kou
nan lavi a poutèt yo pa t gen paran ni okenn
sistèm sekirite sosyal ki te pou louvri pòt
pou yo- ni ki pou kouvri pou yo. Se yo
menm ak tout grandètmajè yo, depi yo fenk
kale, ki frennen sèk anba poto eletrik osnon
eskalade san gad dèye gwo limyè wouj lavi
a, ak tout boulin. Gen lan yo ki fè gwo
aksidan ki pa janm leve. Anpil lan yo tou
gentan genyen youn oswa 2 timoun k ap
suiv yo pye pou pye. Medam sa yo, nonplis
tou, pa moun ki pare pou al travay nan
faktori - si ta genyen; ni devan pòt kay
moun- menm lè Benn, ki se koutye pou
chache travay pou moun tou, ta jwenn yon
bon lokazyon pou yo. Yo toujou renmen

14
reponn Benn “pito se oumenm pè Benn,
nou fè kado yon kou gratis, paske ou se
grandèt nan zòn lan e ou pa moun ki sou
moun… olye pou n al fè 2 djòb devan kay
madanm, sa l ta ye la a menm !

Ala de ayayay…!”

Kifè chak aswè yo pito kite Tidekayèt, ant


6è e 7è, letan pou yo mache apye
leplisouvan, pou y al poste sou Pòtay oswa
nan zòn Labank Nasyonal la. Se la a, yo
sitou enstale biwo yo. Pafwa, yo ka lonje yo
tou sou tout alevini Granri a e yo ka menm
rantre nan sèten ri parantèz tankou tout ti
riyèl kout bò Simityè a oswa jouk nan zòn
estad Silvyo Katò a. Pafwa menm se nan
parantèz ri Kabòn, oswa nan ri Chareron pi
pre ansyen wout ray la; anfen, yo pran
pozisyon nan tout koridò ki ka resevwa
platfòm biwo a, san je moun pa twò rive
sou yo.
15
Men se nan samdi swa, yo sanse jwenn plis
afè. E se toujou bò kote Mari a, nan
dimanch maten, nan lè sezisman sa a menm
pou yo jwenn youn nan premye
satisfaksyon fòs travay yo, nan pran yon
soup epi kale kò yo nan tout longè ak lajè
libète egalite yo fin rache ak po devan yo a.
Yo pran abitid rele soup Mari a, soup
larekonesans: kòmkwa se la a, yo vin
rekonèt tèt yo kòm moun apre tout risk yo
fin pran nan lari a. Pafwa se kalòt,
arestasyon nan men lapolis oswa abizman
nan men jenn gason, leplisouvan pi jenn
pase yo men ki te gentan pran dispozisyon
pou yo tounen leta tou, nan Vil pòtoprens
sa a ki pa menm ditou ak sa Mari te konnen
an.

Gen lontan vil la ap chanje e fin transfòme


an yon gwo planmen chaje ak ologram k ap
bay tout koulè youn sou lòt san okenn

16
limyè pa parèt pou otan. Planmen an chaje
ak zenglen san pèsonn pa ka wè ni pye ni
tèt, ni kò ni bra k ap pote men an. Menm
lonbray entansyon gwo men sa a, pèsonn
pa rive kab wè. Anyen menm ki sanble ak
direksyon; anyen menm ki sanble ak rèv.
Anyen nan anyen vre !

17
Se pa menm Pòtoprens lan vre, lè Mari t ap
tire kanno pa l yo. Jounen jodi a, nenpòt
mafreze, nenpòt kilè ka deside lage boulèt
pa l. L a tonbe kote l tonbe. E pèsonn, ni
mouche leta, ni pyès anyen menm paka
anpeche pèsonn resevwa l.

Pou anyen.

Menm plent pa ka genyen !

Piske anyen menm, pa gen chèf !

Konsa, chak dimanch maten se toujou ak


fyète medam yo kontan peye kach tout
imilyasyon lannuit lan kite nan je yo, nan
lodè kò yo, nan fouk yo e toupatou nan
konsyans fanm yo. Se nan randevou
touledimanch sa a pou tout soufrans
mizèrere a fonn kou bè nan rakonte Mari
konbe jenn gason, ki valè granmoun, pastè,
gad, ak polisye … yo bay kout fouk pou
200, 300 jiska 500 goud. E Mari limenm pou
18
l ap pran plezi rakonte yo mèvèy li te konn
fè lè l te gen fòs nan fanm li menmsi li
toujou rekonèt si kout pyès yo te nan pri sa
a nan epòk pa l la, alèkile fòk li ta gen yon
chato kay nan Tidekayèt oswa yon bèl baza
sou wout Dal la. Anfen, se rèv tout kalte,
gwo, piti, mele ak foli, manti, ansanm ak
pawòl pou fè lapati mache oswa pou jwenn
kouraj devan tribilasyon lavi… ki monte tab
lè Mari ap pale ak medam yo. Youn
konprann lòt. Menmlè, e youn e lòt byen
konnen se sou blòf yo kanpe ; se manti k ap
bay ; se rèz k ap pase...

Alaverite, isit, nan peyi nou, nan plezi ant


zanmi, lapawòl pa gen limit. Nou te toujou
konsa : byen bonè, lè nou toupiti, nou
aprann kreye ilizyon pa nou, jis pou nou
rete vivan, ak espwa demen manti a kapab
tounen reyalite. Menmjan timoun malere ki
pa gen abitid gen bwat jwèt ak liv, goumen

19
anvan anyen jis pou jwe ak kò yo ; grandèt
malere yo, yo menm tou, yo monte fim pa
yo pou bay tèt yo plas nan sèn lavi a.
Devan pòt kay Mari a se sal teyat, espas
sinema zòn lan chak dimanch maten. Se
toujou gwo lodyans ki kreye anpil
animasyon nan zòn lan depi ekip sa a
debake. Se yomenm, menm, ki te premye
rele manzè « Manman baz » pou tout
konsèy li pran abitid ba yo nan reyalite lavi
dwòl y ap mennen an.

Tankou jan sa ye toupatou, kategori medam


jamèdodo sa yo toujou chanpyon nan
eskandalèz.

Lè yo resi rive devan Mari ki te toujou lonje


atè a, rèl yo pete te kont pou bay Lanperè
Janjak Desalin detwa bon sakad jouk pou l
ta leve kanpe, repyese kò l, moso apre
moso, pou vin rekanpe eskanp figi peyi
Dayiti. Rèl medam yo kouvri ni baz rasta
20
yo, ni machann kenkay yo, ansanm ak tout
vwazen vwazin ki t ap sonje jan Mari te bon
moun pou yo nan zòn lan.

‘’ Ooooooo, mezanmi gade on doulè.


Mari manman nou, leve pale ak nou,
non !

Leve ban nou konsèy non, sè pa nou an.


Ki moun ki pra l fè leson ak nou pou n
kontinye leve gason.

Ki moun, enh !

Ki moun ki pral di nou ak ki fèy pou n


lave zafè n, Mari, Mari… Nou p ap ka
pran l, now !

Woy, woy….’’

21
Nan eskandal tout koulè sa a : desepsyon,
dezolasyon, yo tout, jwenn ak repiyans, ak
dekourajman tout kalte pou finalman fè
tout moun konprann ‘’lavi a pa anyen’’.
Anyen menm.

Li frajil tankou yon frany dife pay nenpòt ti


van tou kout ka etenn ; lavi se jis yon pasay
okenn pon paka asire…

Antretan, madan Lisyen retounen. Li fè yon


ti kite komès pate a, pou vin di :

- Kòmkwa, pou dat mwen fin mare


zòtey fi a, pèsonn pa fè okenn demach
pou rele finèb la ?
Se nevè, wi, li pra l ye la a !

Pandan Jeral sou bout pewon an ak fimen l


nan bouch li, li atrap pawòl madan Lisyen
an pou li kouri ajoute nan fòm langaj pa l :

- Men wi !

22
Ou kontan voye l ale, vit. Kounye a,
ou paka di anyen non. Mari pa la ; pa
gen soup ; tout kliyan janbe nan pate.
Wey !
Afè w ap mache maten an. Se pa finèb
ase ou ta kouri rele ; ata kwòk mò ou
ta kouri mande kouri sele
- O o, gad on kòz, mezanmi!
Se mwen ki tchwe l !
Se volonte Bondye pou l ale, l ale.
Retire w la, Jeral. Pouki w pa ale nan
plas li oumenm. Pouki w pa kontinye
rale vye radòt w ap fimen nan figi
moun lan, w a fè pi ben!
- Men wi!
M ap rale pay!
kòmkwa m pa konprann!
Men wi, se sa!

23
Pandanstan, plenyen medam jamèdodo yo
rankontre ak pale anpil machann kenkay
yo, tou sa al jwenn ak tout radotay tout lòt
asistan yo pou finalman soti tout kalte koze
tètanba, sa ki se manti, sa ki pi lwen
laverite, sa ki pre imajinasyon ak mechanste
elatriye.

Konsa gen moun k ap di:

“Mh !

Li fè sa san pa te gen okenn siy maladi ki


te montre sa ditou; anplis se sitou on
fanm djanm, byen fèm sou 2 pye militè l
tout tan, depi l vin bò isit la. San pitit,
san okenn mouche gason dèyè do l-
dizon di, se la li toujou lese konprann; li
pa janm dwe okenn machann ni nonplis
ou pa janm tande l ap plenyen mizè l bay
pèsonn e li toujou prèt pou prete w. Sèl
asistans li- jan dayè li te toujou renmen

24
di l- se Ginen yo ak tèt zafè l ki kenbe l.
Atò ki tèt zafè, Mari te fin granmoun.
Pa t gen anyen la a ankò, ki te kapab
regle anyen.

Antouka, se zafè l, li pa ta fouti tire l jete.


Sa w di nan sa, Bòs Jak ?’’.

- Kisa mwen di nan sa !


Mwenmenm, ou mande sa !
O O, ala de traka pou w tande !
Tchwip !
Kifè, li te konn lese w konprann m te
konn ale nan tèt zafè l ?
Paske m pa ta fouti konprann pami
tout moun ki la a pou se mwen ou
chwazi mande koulè tèt zafè l.
Tanpri, wi !
Fi a deja fin mouri deja a !

25
Se konsa bòs Jak reponn moun ki rantre l
nan koze pale anpil la menmsi li pa konn
kiyès ki te pale a egzakteman.

Men lòt vwa t ap kontinye pote pawòl la


pou di : Sipriz lanmò se menmjan ak radyo
chinwa. Anvan anyen bouton tchwening
lan fòl lan menm w. W ap chache pòs ou
paka fouti jwenn anyen. Menm tèt ou, ou pa
rive tande. E se san avètisman sa ka rive,
nan nenpòt lè, nenpòt kote, kit ou gen
moun bò kote w, kit ou pou kò w. Gade sa
tranblemandtè a te fè dènyeman an, an
Ayiti : chen jwenn ak moun fè youn ; kadav
ki gen non, gwo non, fè youn ak pa malere
san siyati ni fiti ; yo tout sou pil fratra, gwo
pil ti pil, nan tout lari Pòtoprens… Kifè si
yon moun ou ka rale ti pay ou, jan ou wè
Jeral ap fè l la, san w pa deranje pèsonn, se
fè l ; bwè ti kleren w san w pa kite maladi
anvayi w, se fè l. Sa w di Jeral ?

26
E san Jeral, ni Kalo, ni pèsonn nan baz
onndèblay la pa gentan reyaji, pawòl la
kontinye pran fòm kò l nan vwa youn nan
medam eskandalèz yo :

‘’ Menmjan an tou, annatandan


Bondye rele w, tout ti kòb ou rantre
nan leve mete tout vye mazanza sou
vant ou- san ou pa konn kote l soti, ni
si kòb l ap bay la se kòb asasinay li sot
fè ni si se kòb vye dil, kòb move
pwen l ap pote ba ou…annatandan,
se pran l epi jan Manman baz ta di se
bay devan w bon lèt ak fèy pwa
kongo, fèy tibonb, fèy kalbas kourant,
fèy tronpèt………., paske sa Bondye
ba w pou defann ou a se pou w pran
swen l tankou yon pitit.

Sa w di Mari ?

27
- Bon, ou fou nèt, oumenm. Kote Mari
ye la a, w ap mande l sa li di !
- Ou pa wè se sezisman an ki varye m,
oumenm…Mh !

Machin ponpfinèb la te gentan rive. Okenn


nan animatè yo pa te gen tan wè sa.

San bri, li te lonje Monseyè Giyou dwat,


janbe Sana, derefize wout Saye a, pase
Savann Pistach epi finalman desann tèt mòn
ki eskive wout ki mennen Senjid la kote
gwo kamyon yo konn al ranmase sab tout
kalte- san okenn respè pou lavi moun, san
pèsonn pa janm rive frennen yo, malgre
dega yo fè sou tout longè anba pye mòn
lopital la-, epi li te ateri la a, devan kay
Bibliyotèk popilè yon ekip timesye te fè nan
zòn lan pou jèn yo.

Timesye sa yo, memnsi pèsonn pa fin


konprann twòp sa yo t ap regle nan zòn lan

28
se te moun Mari tou. Yo menm tou, lanmò a
kwaze nan vè gwòg yo. Yo pran tout kou yo
an silans.

San yo pa di Ay!

Men Ti Bis blan sa a ki te gentan rive nan


kare kadav la, moun lan zòn lan abitye ak li
deja. Pa gen lontan, se li ki te vin charye kò
doktè ki te gen klinik pou timoun nan zòn
lan nan mache Savann Pistach la. Depi li
rive nan zòn lan, tout timoun ki gen laj pou
konprann ak tout granmoun konnen gen
yon deplasman k ap fèt nan zòn lan jodi a.
Men anplis yo konnen se pa nenpòt moun
k ap deplase a. Paske gen lòt lanmò ki konn
fèt nan zòn lan e gen ti ponpfinèb dèyè
manman ki pou jere yo. Lè konsa, nenpòt
taksi ki gen longè nan modèl tibis jòn fatra
pèpè k ap anvayi peyi a depi kèk tan oswa
nenpòt kamyonèt ki konn fè Site yo kapab
sèvi pou transpòtasyon kò a. Ti ponp sa yo
29
se soutretman yo fè ; yo pa sèvi ak twòp
enstalasyon ; yo pa bezwen sa nonplis,
anbisyon yo pa twò gwo. Anprensip se
demachè yo ye. Sa vle di : siveye kote rèl
pete epi jwenn fason voye nouvèl bay yon
ponp ki gen gwo mwayen yo epi jere yon
dipousan. Men pafwa yo konn mete
aksyonè yo deyò ; yo tante yon kou ; yo
eseye jere tèt yo yon lòt jan. Konsa, pafwa,
olye yo kouri rele yon gwo ponpfinèb
kòmkwa youn ki deja gen non e ki an mezi
fè travay la, yo konn annik aranje yo an
sekrè ak kèk machann glas nan ri lantèman
pou rezève kèk gwo blòk glas pou yo ak
kèk nich glas epi jwenn yon kote ansekrè
pou kenbe kò a fre, annatandan yo jwenn
yon ponp ki dakò negosye ak yo, plis pase
dipousan an. Anmenmtan, yo konn mande
pou rantre nan dil lajan lantèman an tou. Lè
konsa se paran mò a ki sibi tout kout ponya

30
a. Li va gen pou bay dlo latristès pou mò a,
men tou pou pòch li.

Se on bras plizyè moun nan Tidekayèt e nan


anpil zòn popilè byen konnen. Yo viv ak li,
patisipe ladann menmjan yo abitche viv e
patisipe nan tout kalte salopriti pouriti k ap
fèt nan peyi a. San okenn respè pou diyite
moun : kit moun lan rete debou ; kit li lonje,
plat atè kon Mari, jodi a.

Ti bis la rive nan baz la.

San sirèn.

San avèti pèsonn.

Tout kè sere. Brik!

Silans!

31
Detoutfason sirèn lan pa t nesesè nonplis,
tout zòn lan alawonnbadè te gentan sou
brenzeng li paske koze lanmò Mari a se te
yon evènman ki pa t rete ak nenpòt bri
kouri machwa gonfle kè sere. Li te deja
mache deklete tout pòt, louvri tout dyòl,
fann kè granmoun kou timoun depi bò 6zè
20 konsa nan maten.

Apèn 4 gwo potorik gason pwoche ak yon


kad anbwa ki fin pèdi koulè vèt li te genyen
an nan Ranmase Pote Ale Depoze Mete la
sa ki p ap janm kapab tann sou latè, yon
jennonm toumens fè yon jès ki sanble di yo
Otan.

Panko Kouri Ranmase Pote l Ale.

Tann.

Depoze kad la.

Silans !

32
Ta sanble se mesye sa a ki t ap kondui
machin lan, e genlè se pitit mèt ponpfinèb
la. Li rive sou asistans la ak yon gwo kaye
jòn ki pa rekonèt koulè l ankò, yon plim yon
ka lank nan men l ak yon bann lòt papye ak
fèy tout longè, sal kou peny tidan. Se la a, li
koumanse anrejistreman k ap sètifye ou pa
sou kont ni fanmi ni zanmi ankò. Ou se zafè
pa l. Li va jere w jan l vle. Li va kole w ak
moun li vle. Anfen, li va fè w tou sa l vle
anvan fanmi w tounen ranmase w pou al
depoze w yon dènye fwa.

Konsa li di :

- Ki moun k ap siyen pou madanm


lan ?

Gen yon vagabon ransè nan zòn lan ki


reponn ‘’ Mari pa t konn li non, ki koze
siyen sa a, se nimewo bòlèt ase wi, li te
konn ekri. ‘’

33
- Zanmi se pa jwe m vin jwe la a. Si pou
m leve l, dwe gen yon moun ki pran
reskonsabilite mò a. E se ak moun sa a
papa m ap gen pou finalize tout
bagay.

Sa ki konfime vre, li se pitit propriyetè


antrepriz la.

Asistans lan replonje nan glas la.

Yo frèt kon mab.

Anvan Mari.

E se konsa, bonsans yo ap retounen pezape


epi y ap reyalize ‘’ okenn nan fanmi Mari pa
gentan okouran e nonplis tou yo pa konn
kouman pou ta avèti okenn ladan yo ‘’.
Pezape, alèkile, y ap konstate gen yon chay
atè a.

Toutbon.

34
Yon ti annapre, Jilyèn yon sè pwotestan ki
te abite anfas kay Mari a leve kanpe.

Tout moun byen sezi, yo tout espantan sou


derapman Jilyèn lan. Yo pa abitche wè l
konsa ; anplis, yo te pè pou manzè pa vini
ak yon reyaksyon ki ta kapab mete sou
pwoblèm yo akòz yo konnen li te toujou
nan yon pale anpil ak Mari paske pou li se
Mari ki responsab bann eskonbrit, pale
anpil tout kalte, tout koulè medam
jamèdodo yo toujou ap fè chak dimanch
devan kay li a.

Bridsoukou, Jilyèn koumanse chante ak dlo


lan je l. Pitit fi li a, Manouchka, limenm tou
li rantre nan won. Se yo 2 a sèl ki t ap viv
nan kay la. Yon sèl manman, yon sèl pitit.

Ansanm, y ap trese. Ansanm y ap tranble.


Dlo kò youn fonn nan kriye lòt… :

« Yo di malere pa defo
35
Si l pa defo, men yon chay atè a,

Sa k ap pote l, malere k ap pote l … »

Yo houke, yo ounke …

Jouk nan mwèl rèl yo!

E, ofiramezi, chante a ap fofile nan mitan


asistans la ; glise kò l pezape ; mache
demare kòd vant, li jwenn sou pasay li ;
rantre nan tèt, detrese sa k mare epi rale
souf, pouse nanm jouk nan dedoubleman.
Devan je tout moun.

Gwo dimanch maten.

Li fè 10zè 33minit.

Jodi a se 16 novanm, yon jou apre fèt


« Ravine Trompette » nan Port-Margot.

36
Nan Tidekayèt, kadav Mari se menmman
parèyman ak Mari sou 2 pye militè l :

Yon evènman ki kanpe anfas solèy la, fas


ba.

Yon fenomèn ki kwape vivan san rete.

Genyen li sele li tou monte.

Gen dòt li sele san monte.

E se konsa ofiramezi, youn ap di pawòl la.


Yon lòt ap plere l. Yo tout ap reprann li ak
menm fòs la « Sa k ap pote l, malere k ap
pote l … »

Yon tan apre, Bòs Jak ranje kò l byendwat


epi li di, toudeside : ‘’ Kanpe chante a. M ap
siyen. Dayè se pa premye fwa m ap siyen
pou Mari. Al devan antre pòt kay li a, w ap
wè: - « BÒS Jak, Mason reskonsab, Dawou
73- . Se mwen ki te fin sire atè kay la. M ap
siyen. ’’

37
Madan Lisyen di l ap siyen tou. Jilyèn di
menm bagay la.

Nan moman Kalin kanpe pou l di l ap siyen


tou, Kalo rale yon dènye paf, li di :

- Non, Kalin pa ladan.


Ou pa moun zòn lan.
Lè w mouri oumenm,
w a siyen pou tèt ou.

38
1
Nouvèl 3 : Kou sipriz

1
1
Bri ki t ap monte desann devan tribinal la te
kanpe anpil elèv ki t ap rantre lakay yo sou
kous tripotay la. Tout aryennafè nan zòn
tribinal la te gentan vin rejwenn ekip
machann dlo, machann famasi anbalavil,
vandèz ak revandèz tout kalte pou vin
konstate ak 2 nawè yo koze ki mete tout
anba lavil la sou 2 ran an. Anba yon solèy
midi tou blanch ki gen lontan l ap sapata jij,
akize ak tout inosan ki panko kapab rekonèt
yo nan tou won san fon ki blayi sou peyi a.

Malgre lapolis t ap fè chimen pou pèmèt jij


la rantre nan Tribinal la, sa pa t anpeche
yon ekip pwotestan fanatik te gentan poste
devan papòt jij la, nan lide menm pou tou
dikte l vèdik li dwe pran sou ka a. Sa ki te
bay vagabon ki te la yo, baz pou louvri tout
kalte blag, vye koze kredi, istwa tètanba,
koze rans, men tou pawòl -moun pa ta kwè-
ki kapab louvri gwo deba oswa pote moun
2
kalkile sou lekijan, lekòman lavi trese sou
latè. E sitou penmèt moun ki pi jèn yo afime
enèji yo nan remete an kesyon, pase pa dèyè
anpil nan pawòl moun te panse ki pa te
kapab depase, oswa ki te entouchab paske
pawòl sa yo ta swadizan pi gran pase tou sa
moun ta ka konnen.

Jèn moun alèkile mache ak lakonesans-


lesavwa yo nan plan men yo, nan pòch yo,
oswa nan zòrèy yo. Yo kouri pete zen ak li
anvan anyen. Yo louvri l kote yo vle ; yo
mache ak li toupatou pou verifye, sètifye
tout koze grandèt di. Pou yo, yo pa konn si
dyòl granmoun santi vre, men yo tou di w,
yo panko konn si sa dyòl granmoun pale se
verite. Fòk y al gade. Fòk y al verifye. Fòk
y al dekòtike. Fòk y al fè sètifye si verite sa
a kapab tounen vèvè : konsa y ap kapab
reprezante l nan lespri yo, san mo, san pyès
pawòl. Anvan menm pou yo di sa yo panse.
3
Se yon nouvo tan kote tout moun, dizondi
plis moun, rekonèt yo gen dwa panse ; yo
gen dwa tou pou yo di verite pa yo. Pou jèn
moun sa yo : menm jijman jij Penyèl pra l fè
a dwe jwenn jistifikasyon l nan bwat ki nan
men yo a. Mh !

Kifè lè Penyèl ap rantre nan Tribinal la,


yomenm tou (jèn yo) yo t ap patisipe nan
ede lapolis la fè wout ; yo bezwen konnen
kijan sa pral pase pou yo kapab vini ak
evalyasyon pa yo ; ak pwòp pawòl pa yo.
Pawòl lakonesans jan yo fè konprann li, sa
ap pale toupatou, e se jèn moun sitou ki gen
lavwaochapit ladann, koulye a.

Tout kote sou latè.

Detoutfason, angajman yo deploye pou ride


lapolis la pa depaman ak efò ak sakrifis
y abitye fè pou debloke lari a, lè trè klèman
leta a - devan je tout moun- konn montre li
4
kabeste devan dezòd chofè ak nan mitan
montay fatra, toupatou, ki konn lòk lari a.
Men yo fè l tou pou Penyèl : yon nonm tout
moun konnen sou ti non jwèt li « Penn », ki
te pase Lekòl Nasyonal sèlman anvan li te al
briye nan Fakilte Dedwa pandan li te soti
loreya nan filyè lèt nan Lekòl Nòmal
Siperyè.

Penyèl te toujou rete nan zòn li, blòk ant


‘’Anba vant chwal Desalin lan’’ e Granri,
malgre li te vin marye e nonmen jij nan
tribinal ki la pou jere antant nan komin lan.
Li te toujou rete yon bon èd pou tout jèn ki
te deside pran chimen ledikasyon malgre
sitiyasyon peyi a te kontinye ap dekouraje
pifò lan yo. Li te yon modèl sitwayen ki pa t
janm montre okenn santiman tifristre pou fè
sa k pa sa, ni rantre nan okenn tijwèt anba
tab. Nonplis tou, li pa t gen okenn
dispozisyon pou ta tounen abolotcho abiye
5
ak kravat nan vil la. Li te kwè nan efò moun
dwe fè pou jwenn diyite w ; li te bay jistis
ak etik la gwo enpòtans nan aksyon l ak nan
rèv li. E lafwa kretyèn li, nan okenn moman,
pa t yon andikap pou li. Tout moun toujou
rekonèt nan li, youn nan grenn jij ki jis nan
pozisyon l e sitou ki gen anpil ouvèti nan
lespri l sou lekijan, lekòman lavi ye ou ta
kapab ye…Men se toujou fòs agiman li yo
ki atire atansyon moun nan zòn lan lè y ap
pale ak li sou nenpòt koze, ak lè yo gen
posibilite vin tande l k ap plede. Li se fyète
machann aleken nan ri Lareyinyon ak
machann bweson sou plas Sentàn la.

Paske yo te wè l k ap vini tankou yon bon


grenn, yo te toujou pran plezi ba li kredi lè
li vin achte nan men yo. Machann yo te
konnen kredi sa yo se labank pou demen
kote yo pra l fè anpil benefis- depi mafreze
pa bò isit, pa ta detwi lavi Penyèl.
6
Solidarite sa a machann yo toujou montre l
anvè anpil etidyan ki nan difikilte pou
lamanjay. Se pou machann yo, fason ki pi jis
pou yo envesti nan pwodiksyon ak nan valè
ki nan peyi a, akote sakrifis yo deja ap fè
pou pitit ki soti nan pwòp vant yo.
Machann nan alantou inivèsite yo ak nan
zòn tout lekòl defavorize yo, nan sans sa a,
reprezante, isit nan peyi Dayiti, premye
gwoup moun ki rekonèt fòmasyon ak
pwodiksyon lespri se richès nasyonal. Men
se machann fanm yo sitou ki fè kalkil la, an
premye, e ki te aplike l.

Jij Penn, jan tout prizonye Granprizon konn


di ‘’depi l kondane w sè ke Bondye paka fè
anyen pou ou vre. Se pou w retounen nan
lavi ; epi retounen viv ak prensip, bon jan
prensip epitou rete lwen, byen lwen, anba
grif Lisifè. Pa menm yon fwa, ou pa ta dwe
pwoche l… »
7
Sa ki fè, lè jij Penyèl pwente nan bout
chanm kote 2 moun ki nan kont yo te chita
a, tou 2 pati yo te parèt montre yon
soulajman. Yo konnen, malgre ajitasyon
lahèn gwoup pwotestan yo t ap fè
ozalantou tribinal la, jij Penyèl ap byen jere
dosye a : nan respè diyite ak dwa, yo chak
genyen.

Polisye ki t ap tann jij la nan sal la gentan


kanpe byen rèd, lè Penyèl rive. Nan respè sa
pwotokòl otorite a mande ; 2 moun ki
annafè yo kanpe tou. Men polisye yo tou
pwofite glise kò yo, soti nan mas chalè sa a
ki pa t piti ditou : kote ni Penyèl, ni grefye
Jonas ak tout bann pil papye sal li yo, ak tou
2 akize yo t ap swe san rete. Se te achte ti
chache dlo 3 pou 5 epi rann yo lapoula nan
12 mèt kare sa a k ap resevvwa depi sou rèy
Prezidan Bannmachwè, vibrasyon tout
kondasyon, padon lasosyete, laperèz ak
8
manti akize, magouy ak move defans avoka
mawon e souvan, depi prezans jij Penyèl
ladann, anpil konsilyasyon tou.

Ti fenèt ki louvri sou mi dèyè do jij Penyèl


la tonbe dirèk dirèk sou yon mache twal
pèpè ki ranmase tout Atik, tout Atandike ak
Esplikasyon jij yo mande grefye a
konsiyen…jiskaske medam machann yo
konvèti tèt yo an chanm jire pèmanan
menm lè tribinal la pa envite yo.

Nan ka ki pral jije jodi a, machann sa yo


tounen premye jounalis k ap tande sa akize
a di ; sa lòt la jistifye ; e, kisa jij la konprann.

‘’ … Kifè si m konprann byen dapre sa rapò


a di : Gen yon anbilans ki deplase an ijans,
rive jis mòn Kalvè pou l ale chache yon mò,
ann di yon moun yo di ki mouri. Lè li rive,
mò a revandike li pa mò. E mò sa a, se youn
nan nou ki la a. Trè byen !
9
Epi pi devan, ban m wè : Moun ki plase
kòmand la se ankò youn nan nou kifè l. Sa
vle di la a, m gen yon mò ak yon mèt mò.
Men anbilans la tounen vid. Se sa ?

Se konsa jij la louvri pawòl li a e se konsa


deyò a anba fenèt la medam machann yo
tou louvri seyans kòmantè pa yo, anvan
menm yo tande jij Penyèl koumanse ak
dezyèm seri kesyonnman li yo.

Nan elan yo sou kous tripotay la, gen youn


ki di:

‘’O, mesyedam, gade jan


gasonmakomè gen je chèch !
Kòmkwa li touye lòt la, anvan
menm Bondye rele l !
Moun sa yo ka fè !
- W ap pale oumenm, se konsa yon
lòt reyaji, se yo tout wi, ki konsa a.
Ou pa sonje mouche a ki te chèf la
10
epi ki te souflete parèy li a, gwo
lajounen, poutèt yon fanm te bo
mesye a sou bouch.
Sa te fè gwo zen : tout jounalis te
okouran men ou konnen anpil lan
yo se te moun chèf la tou, pawòl la
pa pale twòp. Koze a te menm
manke rive al plede nan palman
an. Men la a tou, yo te jere afè yo
an bon fanmi. Yo te moun chèf la
tou.

Mouche a, wi !

Gade jan m bilye non l !

A!
Kite sa.
- Ou pa tande sa lòt di menm !

Se yon twazyèm ki foure bouch li.

11
‘’ O, wi, lè l fè sa a se pou l te ka
pwoteje l devan Bondye. Paske si se li
ki touye l, li konnen li t ap anpeche l
ale nan Lanfè, kòz li konnen nan vi a
y ap mennen an yo pap jwenn
jistifikasyon devan Bondye…Hehey!

…Tande tray, gasonmakomè nan


Pòtoprens!
- Manyen pe, non medam, pou m ka
tande sa jij Penyèl ap di.

Katriyèm vwa sa a se madan Loudsonn :


Limenm ki te premye pran pouvwa bò
Tribinal la nan enstale devan je tout jij, ak
an prezans tout otorite k ap pase, yon gwo
chodyè manje kwit, chak inè, pou l sèvi
mesye k ap travay nan garaj kay Chaza a.

Depi lè a, apre detwa ti pale anpil : e jij, e


otorite ak anplwalye nan tribinal la, e paran
moun ki vin nan jijman, tout voye pran
12
oswa vin fè lè a bò kote madan Loudsonn.
Tout zòn lan ba madan Loudsonn, nan vre
non pa l, Evita, anpil respè.

Tout moun toujou ap felisite l pou jan


manje a bon, menmsi pou yo li pa bay valè
manje moun ta espere manje. Men yo sitou
respekte l poutèt sakrifis li fè kote ak ti sa l
ap fè a, li rive gen pitit komisè e li gen 2 lòt
medam ki ap etidye lajistis lòtbò- jan li
renmen di sa, byenfò.

Poutèt pa madan Loudsonn, limenm, li se


yon Tribinal pou kont li. Devan mouche leta
ki pa janm mande l : kouman l fè ; sa l ap
regle ak 3 timoun yo depi Loudsonn,
ansyen leyopa sa a te mouri Latòti, nan
defann yon kòz ki pa t pa li ditou. Depi lè a,
se li ki rele, se li ki reponn. Men tou, anba je
lasosyete ki pa gen anyen pou repwoche l
poutèt li ta fè zafè ak sekirite tribinal la, yon

13
gad ki te nan menm konpayi ak Loudsonn,
lè a. Jis pou l te kab jwenn yon èd, epi
debouche ak pwoteksyon pou timoun yo.
Se li ki konnen kisa li bay ; kisa li pran. Se li
ki konnen jan l pare kou ; ki kou li pran ak
tout jan l pran kou pou levasyon pitit.

Li poukont li. Tousèl !

Nan jijman Penyèl ap fè andedan Tribinal sa


a, Penyèl se chèf. Deyò a, dèyè do fenèt sa a,
depi plis pase 25 lane, madan Loudsonn, li,
li gen pouvwa sou tout zòn lan. Li se yon
veteran ki pote nan li, menmwa anpil kòz ki
montre aklè nou nan yon peyi k ap
fonksyone alanvè nèt : lè se pa prizonye k
ap denonse jij ki te nan konbinezon ak
yo, se jij k ap koubi anba presyon chèf
politik, oswa anba presyon moun gwo
zouzoun pou yo pwoteje malfektè tout plim
tout plimay lapolis resi arete. Anfen,

14
tribinal sa a se yon pati nan nanm sosyete a.
E madan Loudsonn se yon temwen sètifye
ki viv tout monte desann move je tout plim
tout plimay ki vin regle tout kalte kòz nan
lokal piblik sa a. Li konn sans tout Arè ; li
konnen tradiksyon tout moman poz tribinal
la pran. Pa egzanp li ka menm di w kijan
vwa grefye a chanje, selon magouy k ap
regle a. Pafwa, sa rive madan Loudsonn
konn pran tan l fè bon zanmi li yo obsève
kijan vwa grefye Jonas ap varye, lè l ap li
yon konsiyasyon tout moun fin tande
alòske li konnen trè byen li p ap note l, lè l
deja touche pou depatya desizyon nan yon
jijman, depi anlè. Gen moun ki menm di,
anplizyè fwa, yo konn asiste jij ak grefye ki
konn vin konsilte madan Loudsonn lè yo pa
jwenn achiv nan tribinal la. Gen anpil fwa
menm se lakay li sekirite a konn kouri
depoze kèk dosye lè moun espesyalis nan

15
malveyans yo konn deside pase Tribinal la
anba mati dife, jan yo fè sa souvan ak
Mache-Anba, nan chak moman peyi a tonbe
nan latwoublay.

Kidonk lè manzè Evita di pe, se pe !

Li gen mileyaj pou sa.

Li gen otorite pou l fè l.

E se nan moman silans sa a menm, vwa


Penyèl rive sou baz dèyè do fenèt la. Tout
machann ap fè atansyon pou okenn bri pa
vin mete sou pale anpil lari a pou ta fè yo
pèdi yon pwèlyèm nan entèvansyon jij pa
yo a : machann ki t ap kase bal pèpè, bese
byen ba pou triye, lote, pou okenn moso
twal pa fè eskonbrit ak lòt ; sila yo ki t ap
rale nyay, lage lafimen an byen lwen figi
Evita, manzè pa t janm kapab tolere sant
tabak depi sezisman lanmò Loudsonn lan.

16
Epi san yo pa di anyen menm, pandan kenz
minit konsa, tout medam yo ap viv ak yon
pasyon, tout longè sajès jij Penyèl k ap
esplike Enwis, prensipal akize a :

- Bon, frè pa m, ou se pwofesè lekòl,


pwofesè mizik ankò ; sa vle di ou
gen anpil bagay ou konprann ; sa
vle di tou, ou gen anpil sansibilite
sou sa lavi reprezante…Pa vre !
Bon, m vreman pa rive konprann
kouman ou kapab leve yon bon
maten epi ou deside pou w touye
yon moun.

Premye kesyon m ap poze, eske w


konn sa w fè a ; eske ou konn kijan
yon moun fèt jiskaske pou w ta
pran desizyon pou w disparèt li, ak
ve pa w ?

17
Alò, ou wè yon moun, ou wè moun
sou tè a… ; men ou pa konn kijan
moun rive sou tè a ; ou pa konn ki
plan ki genyen sou tèt chak moun
ou kwaze sou wout ou, paske ou
pa mèt tè a… Paske se pou di m wi,
eske se oumenm ki mèt tè a, ak tou
sa m wè ki sou li yo…, jiskaske ou
ka deside si yon moun dwe jwi yo
ou pa.

Ou konn sa k rive : menm


mwenmenm, Bondye bay privilèj
egzèse ministè sa a, anvan m
kondane yon moun, m gade anpil
kote ; m vire tèt mwen nan tout
sans e anfinal, m sitou priye pou m
mande Bondye ede m non ; ede m
pran desizyon ki jis la. Paske m
konnen desizyon kondane yon
moun se yon kokennchenn
18
reskonsabilite ki non sèlman ka fini
ak moun lan men sitou sa kab aji
sou lavi yon bann lòt moun e sitou,
si moun lan gen pitit, sou timoun
sa yo, yomenm tou yo ka tou
kondane pou lavi…
Eske ou konnen pouki rezon chak
moun sou tè a, oumenm ; eske se
Bondye ki te di w al egzekite pou
li.
Bon, se vre, ou pa touye l ; men
kijan ou fè w kapab jwe ak lanmò
konsa a !
Menmsi ou pa respekte anyen, jwe
ak yon pawòl konsa se mete
kondanasyon sou tèt ou ak sou
tout rès jenerasyon w, monfrè !
Ale, non, m ap tande w.

19
- Jij, fòk mwen di w byen, mwen ak
Binèt se depi lontan nou konnen.
Men sa k rive a se…
- Tann mwen, kisa k binèt la ?
- O!
Eskize m jij la. Binèt la se ti non
jwèt m te ba Jameson lè nou te
konn ap fonksyone ansanm.
Limenm tou, li te konn rele m
Nounous. Lè a, pa te gen pwoblèm
ditou antre nou ; li t ap sipote m e
mwen tou, m t ap ba l lebra nan
tou sa li te vle fè. Li ka di w sa, li la
a, se mwen nan pasyans mwen ak
li m rive montre l : chante ; danse ;
fè l patisipe nan koral ; jwenn tout
gwo kontak pou li ….
E se te ak tout kè m, m te fè sa,
malgre tout pwoblèm moun nan
katye a te konn ap ban nou. Tout
20
sakrifis nou, nou jemi anba yo,
ansanm. Lè a, li te amwen sèl, e
mwen tou m pa t nan okenn lòt
moun. Tout grandizè li vin ap fè yo
se depi lè li vin jwenn ak yon
kolonn moun, yomenm se ak blan
ase yo bezwen vire ; se depi lè a,
sòm, li vin santi li twòp pou mwen
epi li vin ap devlope yon sòt de
regadan ak mwen kòmkwa nenpòt
sa m di l se pou l blaze m devan
blan an ak nan mitan ekip jenn
epav li yo. M tande se atis yo ye a !

Jij, sa m ap di w la a, Bondye nan


syèl la, temwen wi !

Se pa de bagay, non, m pa
abandone, Jij, jis pou m ka viv
anbyen ak Jameson. Imilyasyon m
pran nan men fanmiy, anba bouch

21
zanmi, Jij, se pa chay nenpòt fanm
ki gen pantalèt ka pote non ; epi…

Jij Penyèl rann li kont vwa Enwis ap chanje,


e sanble dlo prèt pou mete pye, li mande :

- Bon, se depi kilè ou nan jan de vi sa


yo menm ?
- Jij, se pa jan de vi non. Se konsa
Bondye voye m wi. Depi lè, m te
jenn ti bray ap leve nan Kafou,
menm lè m te ka Frè a, tout alèz
mwen se ak ti gason parèy mwen
wi, m te ka santi m ka viv li. Moun
lakay te menm konn bat mwen pou
sa ; mennen m lopital ; entène m
kay Mayetizè ; kite m fè ane nan
men Medsen fèy – e se la a tou, m
tou vin jwenn wout pou ason sa a,
Bondye te kite pou mwen an pou
m defann mwen pa bò isit, jij-

22
paske yo te kwè se maladi m te
genyen…
- Mesye Enwis Janmay, ou mèt pale
tout koze w, men pa mete non
Bondye nan afè ason w. Ni nan
chwa lavi w. Sa m t ap mande se
kilè- ki kote – nan ki okazyon ou te
konnen Jameson Gèmilas ?
- Jij, oke. Se sa m ap di w la wi,
Binèt- o, eskize m, se tèlman m pa
abitche ak non sa a wi- se moun m
konnen depi plis pase, apeprèman
17 lane konsa. Se nan yon dans li te
vini kay marenn tèt mwen an epi
nou tou fè rankont. Kòmsi, nou
pale de tou e de ryen, epi nou tou
konekte. E se depi jou swa a- nou
te ka nan mwa septanm konsa, si
memwa m bon, paske m sonje se
leve nou t ap leve yanm lan- nou

23
tou fè tout sa nou te gen pou n fè,
epi nou tou rete ansanm. Epi w wè
fi a soti pou blaze m lan wi !
- Non, se pa koze ‘’seremoni yanm’’
m ap pale ak ou. Ni koze blaze. Se
nan ki sikonstans menm ou vini
annafè ak Jameson jiskaske nou
nan viv ansanm ; jiskaske pou w
vin tonbe nan di w ap touye l, e
nan oumenm jan w di a, ou touye l
vre…
Bon, fè yon ti tann. Pito m mande
mesye Jameson Gèmilas limenm,
nan ki sikonstans li devlope tout
amitye sa yo ak ou.
Mesye Jameson, pawòl pou ou. M
ta renmen tande w.

Jameson leve kanpe, li rale gwo varèz ki sou


li a, youn ki mawon e krèm e se ak li,
leplisouvan, l al reprezante nan tout gwo fèt
24
nan anbasad yo ak nan gran seremoni
ofisyèl, lè yo envite l vin anime. Li fè jès pou
l pwoche pi pre tab Jij la, Penyèl fè l yon siy
ki di li oke, l ap tande l kote l ye a ; li mèt
pale. Epi Jameson di :

- « Monsieur le juge, je vous salue


respectueusement et avec
honneur ; également je salue tout le
monde, ici, présent. Mais je dois
dire à tous que… »

Jij Penyèl pa kite l fini dezyèm fraz la epi li


tou fè Jameson konprann se pa nesesè pou l
pale tout fransè sa yo paske se an kreyòl
odyans la ap mennen e se an kreyòl tout
bagay ap konsiyen. Menm lè a, Enwis
reponn pou l ajoute :

- Ou wè sa m di w la jij, Penyèl, se
pou l ka blaze m wi, kifè l ap vin
pran pòz gran limena atitintwèt li
25
la a, ap kenbe yon bwa franse
alòske tout moun ap vire brase jan
w kapab ; lage sa w ka lage, jan w
konnen, nan vil la, anba yon sèl
drapo ble e wouj pou nou tout.
Nan libète egal ego a.
O, o…, sa k te gentan gen la a ; sa l
ye, sa li ye la a, menm !
An kreyòl, li ye, tande cheri, an
kreyòl!
Jan w konn fè l la.
An kreyòl!
Se pou l ka montre moun li konn
pale ‘’franswa’’.
Li bliye se mwen ak kòb mwen, m
te peye kou a pou li nan Lekòl blan
yo, sou Bwavèna a.
Li bliye sa !
Ala limena, gen je chèch, mesye !
Manman engra ... !

26
- Akize Enwis si w paka fè silans
pou tann lè tou pa w rive pou w
pale, m ap tou fèmen jijman an epi
mete w kote pou w al reflechi.

Se konsa Penyèl reyaji devan monte Enwis


fè a.

Deyò a menm, anba fenèt la, madan


Loudsonn tou mete presizyon pa l pou
medam yo : ‘’ Depi w wè Penyèl pale konsa,
konnen li fache anpil. Pandan w wè l parèt
l ap chache konprann yo a, si yo kite l fache
li ka mete tou 2 nan prizon wi. Kounye a,
suiv pou nou wè, Penyèl ap jis fè lòt limena
a reponn 2 kesyon epi li fini jijman an. Se
moun fò li ye ; m konnen, li gentan wè kote
tò a ye. Se nan trèt sa w wè k ap pran pòz
pale fransè a, wi, pwoblèm lan soti. Apa,
gason makomè yo, pi pèlen pase fanm,

27
medam, hehey, Pòtoprens sa a ou gen pou
wè, ou gen pou w tande… !’’

Jij Penyèl reprann kalm li. Yon kadè apre, li


kontinye pou l di :

- Bon, ou menm Jameson Gèmilas, ki


kote dapre w, ou ta sanble fè yon
zak, oswa ta montre yon atitid ki ta
bay baz pou mesye Enwis pale de
trayizon ou fè kont li ?
- Penpenn, pa okipe mouche a,
tande.
Se pa sa l genyen, non….

Jij la kanpe menm lè a ; li estope Jameson :

- Ep, mesye !
2 may sou chenn ou !
Pran men w, pran tèt ou!

28
Isit la pa gen jij Penn, Pennla,
Penmbèch, ni Penpenn…
Pa gen bagay sa yo la a. Gen yon
pwotokòl e tout moun oblije
respekte l.
- O, o, eskize m. M pat konnen si m
te ladann l tou.

Se konsa Jameson reponn jij Penyèl.

29
Deyò a madan Loudsonn rete bouch louvè.
Sèl sa l ap di se :

‘’O-o-o-o, Mh!

O, o, o… Mh!’’

Pawòl la pa janm ka rive soti. Ekip medam


zanmi l yo kouri fè tout mannèv pou ede l
pale. Anyen pa soti. Chofè kamyonèt yo ki
konn vin nan manje a, misye garaj yo, tout
moun kouri pote konesans yo pou eseye
ede l pale. Anyen.

Sèl sa yo wè nan vizaj li : tou 2 je l k ap vin


tou wouj ; san kaye ladan yo e bouch li
koumanse vle vire.

Yo kouri ak li lopital.

Sepandan, Evita pa janm retounen vin wè


kisa pitit fi ki t al etidye lajistis yo pote.

30
135
Nouvèl 4 : Kou sèk

1
…E poutan, se jodi a, apre plis pase 30 lane,
Jilyen ap dekouvri poukisa li pa te janm
1
kapab sipòte pou moun ap pede di, li sanble
ak papa l. Li pa t janm kontan ak sa. Se
yon pawòl ki te toujou enève l, ranvèse l e
menm konn rive fè l pèdi bonsans li. Se te
pou li, pi gwo jouman : yon desepsyon ki te
touche l nan konsyans li, byenfon, depi lè li
te nan klas sètifika kay Frè yo.

Lè se fanmi ki di li sa, li ka ba yo yon chans ;


men lè se yon etranje oubyen yon ti jenn
parèy li, li p ap manke mete nan men l. Li
ka menm vin vyolan, trè vyolan ; epi, di
koze ou pa ta janm kwè ki te kapab soti nan
bouch li. Se te doulè l, soufrans li, denpi lè li
te koumanse ap gen konprann sou sa lavi
ye ; sou lavi ta kapab ye. Pou tout moun.

Lè a, Jilyen te gen 12 zan e li te sèl timoun


lan kay la ; lòt 2 frè yo, Makson ak Polo, yo
tou 2 te gen tan chwazi fè wout granmoun

2
yo. Yo te kite kay la byen bonè, annik
Makson te fin fè filozofi l nan Lise a.

Pou anpil moun nan katye a, desepsyon sa a


ki te la a, anba je yo, tout jounen, tout
lannuit, te pou bokou nan pouse 2 gran frè
sa yo lage nan bwè tafya nan yon eta
deplorab ; sa ki te touche kè anpil paran nan
zòn lan. Makson ak Polo te fin gran. Yo te
ka konprann. Yo te ka santi. Yo te ka reve
lòt rèv pou tèt yo, pou fanmi yo…

E petèt si Jilyen te pi gran, limenm tou, li te


ka fè menm wout la. Paske plis yo te gen
posibilite frekante lòt zanmi ; tande sa lòt
moun ap di epi gade sa k ap pase nan
televizyon - lè yo janbe kay madan Pyèlwi
a, ledimanchmaten, apre lamès-, se plis yo
te vin ap sètifye se pa konsa sa ye toupatou.

Nan kay pa yo a, nan nimewo 29, ri Kamo,


se te yon lòt lavi. Tout bagay te diferan :
3
depi nan fason kay la konstwi a tankou yon
bwat fèmen nan fòm yon sèkèy nan kafou a,
an pasan pa tout chanm yo ( 4 chanm,
3m87 x 4m39, yo chak ) ki dispoze youn a
kote lòt, jan selil nan prizon yo konn ajiste
a, nimewo apre nimewo, sanksyon apre
sanksyon, doulè apre doulè…jouk rive nan
chak plant nan lakou a ki gen plas li san li
pa janm bouje, ni grandi, ni bay frechè ; epi
rantre nan chak gode, chak kiyè, chak grenn
asyèt …ki gen yon idantite, yon dire tan
pou l viv - sa ki te tou di pa gen plas pou
resevwa pèsonn, ni fanmi, ni zanmi,
pèsonn… - pou rive nan timoun, manman,
ak tou sa papa posede, tankou dodin sa a
sou galri a, ki te gen plas yo tou, yon kote
fiks.Tout bagay te rantre nan yon ajansman,
pèsonn pa t konnen ni bezwen konnen,
paske papa a, Jilmis, nan silans li menm te
mete lòd la. Li te lòd la.

4
Timoun yo, yo menm tou, yo pa leve
menmjan ak lòt timoun.

Sa Jilyen pi sonje jodi a, 30 lane apre, se yon


gwo pye bwadchèn ki te devan an e ki te
sèvi pou vre adrès kay la. Men tou se yon
referans Makson ak Polo pa t janm twò
renmen. Pou yo, pye bwadchèn sa a te tou
pale sou lajè ak sou pwofondè silans sa a ki
t ap grandi andedan kay la.

An menm tan ak yo!

Pou yo, pyebwa sa a te san gou devan kay


la !

Tousenpman paske li te espesyal, li te sèch !

Yo konn menm panse vide asid anba rasin li


pou efase l devan je yo, yon mannyè pou
moun pa site l nan zòrèy yo ankò. Men yo
ezite paske li te efikas, malgre tou, pou
papa yo : depi yon moun ap soti byen lwen

5
pou vini kote Jilmis, yo konn annik di
li « Kay bwadchèn sèch la ». San bri san
kont, moun lan te rive sou Jilmis. Anfèt se te
yon referans ki te plis itil Jilmis piske se li
menm sèl ase ki te gen dwa resevwa oswa
chase moun nan adrès la.

Moun ki te konn vini yo, pi souvan, se te


moun ki te vini pou regle zafè tiraj lotri.
Jilmis se te anplwaye Lotri Nasyonal la ki
koòdone lavant pelas la nan tout seksyon
kominal depatman lwès la. Lè Jilyen, ti
dènye a, nan sètifika, Jilmis te gentan gen 20
lane nan dyòb sa a. Li te deja yon veteran
nan pelas la. Sepandan li pa t janm entegre
ni Makson ni Polo nan zafè lotri l. Dayè pa t
gen kannal tou pou ti mesye yo ta pale sa ak
li. E se pa manman yo, Lisyèn, ki t ap janm
pran chans louvri pawòl sa a ak li. Ni nan
bon tan, ki te trè kout, alewè pou koulye a

6
kote tout bagay sèch, sèk, menmjan ak pye
bwadchèn lan.

Anvan Makson ak Polo kite kay la, yo te


louvri yon ti pale ak Lisyèn ki te fè tout vi li
ap fè lekòl kay Mè yo.

Jou a se te yon jedi, lavèy tiraj nasyonal la.


Yo te gen sètitid Jilmis pa t ap gen tan
tounen ; li t al ranmase kòb pelas la, byen
lwen, e fòk li te pase nan tout seksyon yo e
menm rive senkyèm anvan dezyèm limit
Tonmgato a. Konsa yo tou pwofite mande
manman an :

- Ki laj ou, Sè Lisyèn ?

Se Polo, pi piti a, ki te sitou renmen rele


manman an konsa

- 50 lane. Sa k genyen menm, mesye


m yo ?

7
- Bon, man, nou la a, depi lontan
n ap gade tou sa w ap andire. Sa pa
fè nou plezi ditou. Pouki w pa ale ?
- O, wete sa nan bouch nou.
Madichon, kevouzèt !
Ale !
Ale ki bò ?
E noumenm ki la a ?
Kijan pou m fè vire do ban nou an?
M paka fè sa. Mwen pa t ap janm fè
sa, nonplis.
Jamè !
Epi, Jilmis se mari m li ye. Li fè sa l
kapab pou mwen. Se lakay mwen
li te vin pran m. Se lakay mwen
pou l ta retounen mennen m,
limenm, si li ta bouke ak mwen. Se
pa mwen ki pou ta fè fanmi m
wont ni ki pou ta bay lasosyete
lokazyon griyen dan sou nou.

8
Nenpòt jan sa ye, se Bondye ki te
ban mwen li a, se li sèl ki va gen
pou deside kouman pou nou
separe.
Se pa lèzòm !
- Kòmkwa manmi, ou santi w ap viv
la a ?
Chak jou, ou rantre soti, la a, pa
yon fwa pandan nou gen
lakonesans, an n di depi plis pase
trèzan konsa, pa yon fwa, nou pa
wè ou sanble moun ki te janm nan
renmen ak Jilmis non.
- Ep, pe la. De may sou chenn nou.
Papa m pou nou di.

Jilmis se krabè nou, o-o, koute on


ka… ?

Timoun yo reyalize, Lisyèn sanble pa


kontan ak fason yo rantre nan dosye vi

9
prive l ak mari l, yo fè bak. Yo rann yo kont,
yo pèdi nan fòm lan. Makson ki gen 3 lane
anplis Polo, li reprann pawòl la pou l di:

- Ok manman. Ou gen rezon. Papa


nou, Jilmis.
Men, pèmèt nou di ou ‘’ Nou gran
koulye a. Nou wè, nou konprann
li ; e, se devwa nou, koulye a, pou
nou di w li pa nòmal pou w nan
kay ak yon moun epi pou w pa
janm pale ak li okenn pawòl sinon
zafè manje, diri, pwa ak luil oswa
afè peye lekòl nou.
Epi ki lekòl!
Menm liv yo lè w pa achte yo, nou
gendwa fè ane a san liv. Pa yon
fwa, ou ta di, li ta envite nou soti
ansanm.
Pa yon fwa !

10
Epi oumenm, ou la a, ou pa ri, ou
pa souri. Se bourike tout
lasentjounen epi al pèdi tan nan
yon legliz, chak dimanch ; fè pye w
blanch, san okenn plezi pou tèt ou
vre. Ou paka di, ou gen mari ...

Se pa konsa nou wè sa ap pase lòt


kote…

Lisyèn santi mesye yo vle rantre nan senk


mèt senkant li, li di yo :

- Bon, nou fini ?


Pran on ti dlo pou mwen. Ban m
pale ak nou.
Nou wè Jilmis sa a, nou wè la a, se
pa moun mwen ranmase atè. Se pa
moun mwen jwenn nan lari. Se pa
jodi a m konnen l. Se depi lè li t ap
etidye elektronik nan bò « Moulen
Van an » kote w wè yo rele tèt
11
Foucha a, te gen yon lekòl la, e se
chak apre midi li te konn vin
chache m, mwenmenm, ki t ap soti
lekòl nan aswè. Paske fòk nou
konnen se nan lekòl diswa m rive
kote nou wè m rive a ; m te oblije al
travay nan faktori jis sou wout
Ayopò, lematen, pou m te ka okipe
tèt mwen. Paske se kay yon
marenn mwen, mwen te ye e m
pa t pi alèz pase sa. Gen moman m
konn sibi anpil imilyasyon men li
pa t anpeche m, ale lekòl la, m dwe
di sa tou, Madan Jera.
Lavi, nan peyi isit, pa t janm fasil
ditou. Ann di pou mwen ak pou
Jilmis. Menmsi ou gen metye,
menmsi ou gen tout kalte diplòm
yo mande, si ou pa gen parenn,
oswa yon moun ki gen kontak, ou

12
pa p travay. Enbe Jilmis pa janm
travay sou metye a. Se nan bay
timoun ti leson pou 40- 60 pyas,
alepòk la, li rive gen yon ti degaje
nan men l jiskaske ou wè l achte
nan men mari mwen an, vye kay sa
a ki te yon vye mazi ; e, se ansanm,
ofiramezi, nou repare l, anvan nou
wè l jan l ye la a. E se sou 20tan, li
resi fin peye l. Men an nou serye, lè
li fè sa a, li fè onè m. Li pa kite nou
vin jwenn mwen k ap retire vaz
pise devan kabann madan Jera.
Sa pou n konprann : limenm tou, li
gendwa fristre. Kè l gendwa pa
jwenn rezon pou l ta kontan. Alò,
nou panse yon moun ki gen gwosè
metye sa a nan men l, se nan
mache ranmase pelas bòlèt li ta
kontan rete. Kijan pou l kontan an.

13
Di m non. Ak kisa li pra l kontan
an.
Yon peyi se vòlè ; se rèsèlè, siveye
rapote ; se moun san respè pou
diyite ; se moun nan tout kalte
move zafè, se yo ase, ki gen
lavwaochapit…, kijan pou l
mennen nou soti a.
Ak kisa ?
Di m non.
Se vre, se yon mesye ki pa t janm
gen bon lè ak moun ; li gen
tanperaman pa l ; li apa. Epi tou…

Mesye yo santi Lisyèn monte sou yon bit ki


pa nan koze pa yo a menm.

Yo kontante yo di :

- Bon, oke, man. Ou pa bezwen pale


twòp…
- Kijan pou m pa pale twòp la !
14
M ap esplike nou lavi. Epi nou vle
fè m labab. Sa pou n konprann, e sa
mwen vle nou konprann, gen yon
wout ou fin fè ak yon moun, gen
on kote ou rive ak li, ou vin
reyalize, malgre tou sa moun sa a
ta ka di w, enben : « … feblès li,
pale anpil li, movèzte l, menm
pawòl ki soti nan bouch ki ka fè w
mal, pafwa, men ki paka touye w –
enbe, si w te janm renmen moun sa
a- yo youn paka anpeche fè w fè
youn ak li. Pou letan e pou lènite ».
Se tankou limyè solèy la, n ap
gade la a : Eske li janm sispann
klere pou nou, malgre tout
mechanste nou fè lavi. Eske mèt tè
a, mèt solèy la, mèt tout sous dlo…
mèt tout bagay, eske li janm fèmen

15
pòt li pou nou, malgre ratman nou,
malgre mechanste nou..
Di m non.

Lavi ak solèy pa toujou kontinye fè


youn, jis pou n kab gen lavi !

E, m ap di nou yon bagay. Pou


mwen sa nou rele silans nan kay la,
se pretèks menm pou n ta gade
konsyans nou ; se miwa pa nou ki
envite nou, chak jou, mande tèt
nou, kisa noumenm, isit la, nou fè
pou bay Jilmis rezon pou l ta
kontan ; kisa nou ba li menm e si
nou ba li, se kijan nou ba li l ; se
pou nou ta mande tèt nou tou,
eske Jilmis limenm tou, li pa gen
yon kè; eske limenm tou, li pa pèd
espwa, lè li gade jan avni nou
menase ; eske li gen yon rezon vre

16
pou l ta kontan, lè l ap konstate jan
nou ye nan peyi a, e jan peyi a ye
ak nou.
Ki rezon li jwenn ak nou nan kay la
pou l ta satisfè … !
Epitou, mwen, nan faz m ye la a, m
vin aprann padone ; m aprann
mete soukote, tou sa ki ka fè m
mal. E pouki pou m pa ta padone
a, lè m konnen lavi a se an flip flap
li ye. Anvan anyen, san bri, san
okenn anons, ou etenn.
Kisa w ye pou w paka padone yon
moun ou di ou te renmen!
E pa gen lontan sa, nou asiste sa, la
a, si se pa Jilmis, nan debrouyay li,
nan kontak li, m te fin mouri nèt.
A, non !
M panko wè kisa li ta fè m, apre
tout tan sa yo, pou m ta vire do ba

17
li. Mwen, m p ap gen kè pou sa. E
nonplis tou, m pa janm manke
larekonesans nan lavi m nan jan m
wè sèten moun rive fè l. Chak
moun s on moun. Mwen, m gen
menmwa. Mwen sonje byen moun
fè m.

E, marenn mwen te toujou aprann


mwen ‘’… Renmen se chwazi. Li
pa gen esplikasyon ; li pa bezwen
sa nonplis. Li pa gen jistifikasyon ;
li pa bezwen okenn kalkil ; li pa
mezire ak okenn gode prèv- jan
moun yo vle fè konprann li a …’’.

E jan m konprann li, apre plis pase


trantan, ak tout sa m viv ak Jilmis
kote : li fè pitit deyò ; li pran lòt fi
nan figi m la a ; lè li bwè, li di sa l
vle ak bouch li, etsetera… ; sa m

18
konprann, si li rete ak mwen, la a,
sèke se mwen li chwazi pou l viv.
E, m dwe rekonèt sa.

Epi, tann mwenn, n ap pale m de


kay lòt moun ki pa menm jan an.
Nou konn vi moun yo vre. A, bon !
Nou panse sa nou wè lajounen an
kote moun yo bradsibradsa, devan
je tout moun, se li ki verite a !
Enbe si se konsa n ap pran nan 3
wa ; nou fenk kare tronpe n.

Si m te fè menmjan ak lòt yo, m te


abandone byen bonè, nou konn
kijan nou t ap vin ye.

Nou konnen !

Tchuip !

19
Apati dènye pawòl sa yo, Lisyèn fin flanke
nan figi mesye yo, Makson ak Polo pa wè
okenn jwen pou yo ta di ‘’Way’’.

Pou yo, pale sa a se tou dènye pale yo t ap


fè ak Lisyèn, manman yo, sou koze sa a. Se
te dènye sekans pa yo ak li- nan bout kay
Jilmis la.

Jodi a, yo chwazi. Yo deside yo pa la. Yo di


tèt yo, yo p ap rete la a ankò pou chak jou,
detanzantan, van silans sa a bwote chagren
jouk nan zòrèy yo. Yo te anvi pran van pa
yo, yon vre van. Yon lòt van, yon lòt jan ki
ta bay anvi respire l. Yo kite kay la. Anvan
menm Jilmis, retounen nan aswè. Yo tou
bay Lisyèn doub kle baryè a, Jilmis te fenk
remèt Makson, misye te apenn majè, 21 lane
akonpli.

Lisyèn vire do l, san regrè ou ta di, epi li di :

20
- Antouka se pa ni mwen ni Jilmis ki
mete nou deyò. M espere nou konn
trè byen sa n ap fè a. Paske ti poul
k ap bat kò l, nan piyanp piyanp
tout kote, se malfini k dèyè l wi !

21
Malgre tout tan ki pase e tout tribilasyon ki
rive nan vi fanmi a, Jilyen sonje tankou jodi
a, tout jès ak tout pawòl Jilmis yo, lè li te
parèt nan aswè, byen ta, pase dizè. Jilmis te
annik pwente devan bwadchèn sèch la, li
di :

‘’Ki moun enh, ki fout kite dyòl li a


tou louvri a ?

Mwen pa toujou di, isit la, se pou


baryè a rete fèmen !

Lisyèn te nan fon koulwa a, tou pre kwizin


lan, li prese rive devan baryè a. Li tou sezi
tande vwa Jilmis nan lè sa a. Li pa sanble te
gen twòp atant sou retounen Jilmis pou
aswè sa a ; sa konn rive deja lè twò ta bare l,
Jilmis konn rete pou retounen jis nan
dimanch e Jilyèn pa konn plenyen twòp sou
sa ; li konn tou konnen se lòt malòt li
genyen nan depatman an k ap pran presyon

22
pa yo nan moman sa yo, menmsi li pa
konnen nan ki kay egzakteman ; li konn tou
pwofite bay tèt li plis tan pou l lapriyè epi
pou koud kèk moso rad chire misye yo
genyen nan kay la.

Pou aswè sa a, li rive ak yon kè sote bò kote


Jilmis la,

- Pa, ou rive ?

Se premye pawòl Lisyèn soti, yon mannyè


pou kache jènman an.

Se koulye a, wi, m t ap vin fèmen l.


Se Makson ki te bilye pase kadna a.
- Kote Makson an, limenm ?
Si se konsa l ap kite baryè a, m ap
fout retire kle a nan menm l.
Kote l, la ?
- Mh !

23
Ann antre Pa, ou pa bezwen pale
ankò. Ou gen rezon cheri.

Lisyèn ap pran wout koulwa a, ak tout yon


panik nan tèt li paske li pa t prepare anyen
pou Jilmis. Paske tou, mouche sa a gen yon
mòd, menmsi li p ap manje manje a, li vle
santi Lisyèn te manifeste yon enkyetid pou
li, pandan li pa t la a ; e manje a, pou li, se pi
gwo prèv ki di li gen madanm ; li gen yon
fanm ki gen sousi pou li. Jan li renmen di
sa dayè : ‘’Fanm ki fanm ou vre, li pa fèt
pou kite w soufri pou anyen ; li dwe toujou
ap tann ou, epi tou pare tout bagay pou ou,
ni anvwo ni anba. Pa gen rans ! ‘’

Apre tout tan sa yo, Lisyèn fin abitye ak


Jilmis. Li konn tout bò li. Manzè konn tout
jan pou l soti anba Jilmis ; tout mannyè pou
l pa kite l fache, paske li konnen kontraryete

24
Jilmis pa janm bon pou kay la. Konsa li
atrap Jilmis, rapid.

Li kouri chofe dlo, mete nan kivèt pou li.


Epi li di :

- Pa, mwen mete yon ti dlo chofe


pou ou wi
Ou vle m fè yon ti mase pye a pou
ou, ak yon ti amonyak ?
Ou pa ta vle yon ti avwàn ?

Li kase kòlè Jilmis ak pawòl sa yo, e Jilmis


limenm pa ezite, nan moman an, di :

- Oke makomè, pa fatige w. Ou fè


twòp deja pou jounen an. M pa
jwenn tout kòb yo. Demen bonè,
fòk mwen retounen nan bwa a, al
dèyè kòb pelas la anvan tiraj midi
a. Petèt lè m tounen w a mase yo.
Mèsi anpil.

25
- Mh, bagay sa a ap fè w fè tout
maladi, Pa.

Se sa Lisyèn di pou ankouraje Jilmis epi fè l


santi l ap soufri ak li tou. Lisyèn kontinye
pou l ajoute ‘’Tank, ayisyen pa fran. Ou mèt
ap pran tout risk pou ede moun lan viv epi
lè pou l renmèt kòb la, li lage w nan cho
pou kont ou. Bondyebon, w a kite bagay sa
a, pou yo, yon lè. M ap priye e m konn
priye. Mh !’’

Nan pale a, Jilmis kage tèt. Dòmi prèt pou


pote l ale ak tout fatig sa a ki te vin sele l
depi nan papòt kay la. Poutan koutje li yo te
kontinye deplase, al suiv, ti pa ti pa, chak
jès ki t ap desinen, anwo do chak pyès dèyè
Lisyèn, lè manzè ap defile nan koulwa a, pi
souvan ak jipon jis anba tete l. Sa a, se te
toujou premye plezi pa Jilmis, lè l rantre
byen ta, malgre laj t ap monte sou li.

26
Jilmis gen 23 lane anplis Jilyèn.

Annatandan, sou vye dodin sa a, li nan


pozisyon pou l wè tout sa ki fè l plezi san l
pa bezwen mete linèt ; li nan sitiyasyon pou
fè rèv li vle san l pa lapriyè. Li toujou santi
li pi alèz pou fè yon premye bout somèy
sou vye dodin lan e jan li renmen di sa ‘’ Se
pou m bay manman m tan pou l vin pale ak
mwen’’.

Sa gen pratikman 20 lane depi manman sa a


te mouri, men Jilmis pa janm asepte lanmò
sa a. Li toujou jwenn yon okazyon, yon
pretèks pou l kenbe doulè a vivan nan li.
Lisyèn pa janm twò redi sou sa ak li
menmsi limenm, li pa kwè nan koze moun
ki mouri. Anfen, se sa Lisyèn toujou di !

Vè 2zè dimaten, je Jilmis vin klè.

27
San li pa sonje di Lisyèn si li rive pale ak
manman li an ou non, apre li fin vizite
chanm kote Makson ak Polo abitye dòmi, li
kouri leve fi a :

- Lisyèn, kote mesye yo. Apa m pa


wè yo nan kabann yo. Kote yo ?
- Ou mèt kalme l. Yo pa gen anyen,
demen n a pale sou sa
- Kijan ?
Sèlman ou di m, pa pale. Sa
sèlman, pinga m tande sesi sela
- Pa okipe w. Vin kouche, non, Dou.

Pandan tout wounouwounou sa a, ant


Jilmis ak Lisyèn, Jilyen atè a, pla vant devan
kabann yo a. Li fè kòmsi l ap dòmi men l ap
tande tout son ; e li deja mete zòrèy li byen
bande pou l tande lòt son, jan li fè sa -
tankou tout timoun ki nan sitiyasyon li ye a,
fè sa- chak swa. Epi landemen pou y al

28
rakonte ti zanmi yo, son papa te pouse, sa
manman te reponn, jan l te reponn.

30 lane apre lè li retounen, li pral tante


rakonte lòt frè a, Makson, kijan manman l te
konn pale ak Jilmis, lè y ap pran wout
granmoun yo, lannuit, sou kabann lan.

Li t ap chache bay Makson kèk pawòl pou


te distrè li devan jan li te wè misye te rete
fiks nan remò a.

Makson vin ap viv ak yon gwo regrè lè l vin


aprann tou sa k rive alasuit. Li santi li
koupab anpil. Dabò pou tifrè a, Polo, ki te
neye nan yon pwomnad, Leyogàn, gwo
dimanch 23 jen, jou fèt Senjan an menm.
Makson rete kwè si li te bloke Polo nan zafè
bwè a, petèt lè tout dayiva sa yo plonje dèyè
Polo menm yon branch cheve l yo ta jwenn
pou rale l. Pou Makson, fyèl Polo pete
anvan menm li te plonje nan lanmè a ;
29
bonnanj li te gen tan kite l pou volim kleren
sa a ki te nan tèt li a. Jouk jodi a, yo pa janm
jwenn li. E se depi lè a tou Lisyèn rantre nan
yon silans total. Li jis pa pale ankò.
Toutbon.

Jodi a, Jilyen ak senkann dezan akonpli sou


tèt li, li kanpe ak Makson bò kote sè Lisyèn
lan, Manzè pa di be, li pa di ba. Makson bò
kote pa l, ap sonje jan li te kanpe ak Polo,
jou jedi sa a, pou te anonse manman an
desizyon yo a. Lisyèn li menm, l ap gade yo
toulede. Li pa p souri. Li pa move nonplis. L
ap gade yo lwen lwen. Pèsonn pa fouti
konnen kisa k ap pase nan tèt li ; kisa l ap
sonje ; kisa li pa bliye ; ki kote lespri l ap
valkande ; ki kote tèt li poze ; ki kote l ap
ponpe ; eske l ap rewè imaj Polo ak Makson
devan l, la a ; eske se Jilmis ki nan tèt li…
piske sa pral fè pratikman 3 zan 7 mwa 22
jou denpi lè Jilmis te annik soti, li pa janm
30
rantre. Tout demach ki mennen pa janm
bay okenn rezilta. Lisyèn rete la. Nan silans
pa l. L ap tann.

Li fin tann.

Li la : ak tout bagay yo ; ak tout moun yo ;


ak latè ; ak lesyèl plis ak bann pwomès
pastè a konn ap pale a ; ak peyi a ki pa
menm ankò ; ak istwa k ap envante nan
peyi a ; ak istwa pa l.

San li.

Li la, la a. L ap gade. Pèsonn pa konn si l


tande ; sa l tande ; sa l konprann ; sa l wè ;
ni sa l swete.

Li la a. L ap gade.

Men tout limenm ta vle fè konprann tout


bagay vreman vin sèch nèt andedan l. Tout
bagay san gou, fad e tonbe plat atè

31
menmjan ak pye bwadchèn lan ki te tou
disparèt, lè a, depi Jilmis pa rantre a.

Jilyen santi jan anbyans la peze lou pou frè


a [ak pou sè Lisyèn tou, petèt : piske pa gen
oken mwayen pou konnen anyen ki kache
nan malèz pa manzè a], li vin ap chache
mete yon lòt animasyon.

Li vle kase gou anmè sa a ki anvayi espas la.

Konsa, li di Makson : ‘’ Baz, sè Lisyèn ap


pale ankò wi. Rilkas, mann. Dayè, m ap
sonje jan manzè te konn ap pale anpil lè l te
konn sou kabann ak lepè a. M di w,
monchè. Gen yon lè menm, m tande l k ap
di ‘’Ay mouche m, ti souf kout ou bon anpil
anpil. Rete la. Pa mache. Kite m manevre l ;
ayyyyyiii…’’

Men pawòl Jilyen an pa gen oken efè sou


Makson. Misye pa rantre nan blag la. Li jis

32
mande Jilyen pèmisyon pou l fè yon ti rete a
2 ak manman an ; li ta renmen gen yon ti
tan pou li sèl ak sè Lisyèn. Jilyen pa fè tèt
rèd. Li byen konprann sa ; li deplase.

Makson pwoche pi pre manman an. Li tou


vin ap fikse l ak fòs nan pwofondè je l. L ap
chache yon mannyè pou l rantre nan rega
manman an. E se la a, li vin ap dekouvri
kantite lapèn, tout pwofondè doulè k ap
vwayaje nan je Lisyèn.

Lontan sa. E byen lwen.

Youn nan soufrans yo pa pran devan lòt ;


youn pa ralanti pou lòt nonplis.

Youn pa pi long ni pi kout pase lòt men yo


tout pèdi byenfon nan lespri l ; yo gaye nan
dezespwa l. Yo pran fòm ak sans nan rega
li.

33
E youn e lòt se pretèks pou jodi a, Lisyèn ap
mande tèt li : Pouki ?

Pouki ?

Pouki tou sa, pou sa a ?

Anfen, pouki tou sa… ?

San li.

Sa ki pouse Makson, limenm tou, ap mande


tèt li pouki li te kite kay la.

Petèt Polo pa ta disparèt bonè konsa !

Petèt jou sa a, li ta gentan vin alèz ak papa


a, epi li ta resi akonpaye Jilmis !

Petèt sou wout la, li ta pale ak Jilmis sou


silans sa a ki grandi andedan kay la !

Anmenmtan ak yo.

Menmjan ak pye bwadchèn sèch la !

Petèt !
34
35

Vous aimerez peut-être aussi