Vous êtes sur la page 1sur 4

FORCE DEMOCRATIQUE HAITIEN INTEGRE FDHI

FORCE DEMOCRATIQUE HAITIEN INTEGRE


www.fdhi-haiti.com • www.fdhi-europe.com • Tel. : 509-4622-9863 •Tel. : 509-4068-7585 • www.fdhi-canada.com • www.fdhi-usa.com
E-mail : bureauexecutifnational@democratiefdhi.org
________________________________________________________________________________________________________________________________

Pétion Ville, 27 Oktòb 2018

NÒT POU LA PRÈS

Lèt ouvè a Prezidan Repiblik la, M. Jovenel Moïse

Apèl a yon Koezyon Nasyonal

Mesye Jovenel Moïse, Prezidan Repiblik la

Prezidan,

Nou menm, nan Pati Politik Force Démocratique Haïtien Intégré-FDHI, te pran nòt de efò
kew eseye fè nan lavaj antouraj ou nan Palè Nasyonal sou dosye PETRO CARIBE a. Osi byen
ke nou anvi konplimantew men Prezidan, konsta lavaj antouraj ou a pa klè e li gen anpil
desepsyon la danl, li enkonplè, li maske e li inakseptab.

Ou wè Mesye Prezidan, tankou janm te diw nan denye mesaj mwen an ; li nan enterèw ak enterè
peyi a pouw koute avèk anpil atansyon a rèl pèp la. Pèp la pa stipid e malgre problèm sosyal yo
ak problèm ekonomik yo, pèp la non sèlman vinn pi rezistan, men tou, li vinn pi entelijan.

Pandan ke nou kondanne tout konpòtman kraze brize yo, map profite poum di pèp la ke mouvman
sa a PETRO BIZANGO ki kòmanse pa trò lontan, se pa objektif mouvman PETRO JISTIS la,
li se pito yon devyasyon de yon ti gwoup kap kreye yon distraksyon ki kontrè a lit pou jistis ke mas popilasyon an ap
reklame. Destriksyon pwopriyete prive ak pwopriyete piblik se pa jistis saa nap chache. Nou prefere yon lòt fòm presyon
pou nou asire nou ke nou gen la lwa bò kote nou.

Malè ap siyonnen sou tèt peyi d’Ayiti. Ou menm Mesye Prezidan e ou menm sèlman gen pouvwa pou bese chalè
saa e evite sa mwen konsidere yon koze ki ka vinn pi mal pou peyi a. Prezidan, ou ta dwe jwe wòl de yon RASANBLÈ
e pouw ta pran avantaj de kriz saa pouw ta mete ansanm tout moun nan diferan Pati Politik yo kap reve pou Ayiti ta vinn
yon nasyon tout bon vre, tout kouch nan sosyete nou an anvan li vinn twò ta pou ou. Ou ta dwe sezi opòtinite sa a pouw
mete Ayiti devan tout lòt bagay e menm anvan pwòp tèt ou. Yon KOEZYON NASYONAL trè enpòtan nan tout aksyon
klè ak aksyon onèt ou ki ka enspire konfyans nan yon pèp ki pa kwè nan ou ankò. Men pa kont, li pa janm twò ta pouw ta
fè sa ki bon...

Pwoblèm peyi d’Ayiti pi grav toujou pase kriz PETRO CARRIBE a. Si ou pa pran sanw ak tout lusiditew ki nesesè pou
fèw konprann konsekans yo, listwa pap padonew.

Pati Politik Force Démocratique Haïtien Intégré-FDHI vle fòmèlman avètiw Prezidan, ke yon sèl bagay pouw fè prese
prese se chache janw konnen pouw bloke depi nan manmèl katastwòf imen sa kap vini sou nou laa. Se sèlman lidèchip ou
ak kapasitew pouw sakrifye tèt ou pou yon nasyon kew te fè sèman pouw travay pou byenèt sosyal li ak byenèt ekonomik
li, ki ka anpeche boulvèsman imèn saa.
FORCE DEMOCRATIQUE HAITIEN INTEGRE FDHI
Pandan ke nap preche l’Inyon fè la fòs, an nou pa kite dezinyon nou fè feblès nou. Mwen menm, Dr Eddy Delaleu, la vey
mwa Novanm ane 2018 la, fè apèl a tout nasyon an pou nou fè yon sèl jodi a; kew nan sektè prive, sektè piblik oswa lòt
sektè yo; kew se Pwotestan, Katolik oswa Vodouizan; kew se Desalin ou Petion, kew sòti lavil ou nan mòn, kew se fanm
ou gason, jèn ou granmoun, polisye ou sivil: mwen mande nou tout jodi a menm pou NOU INIFYE NOU avèk yon sèl
objektif pounn sove Ayiti nan jou fè nwa, san koule, kote moun ap pèdi lavi yo ke ou menm sèlman Mesye Prezidan kapab
evite.

Pose aksyon touswit, aksyon ki klè menm si yo kapab fè ou mal. L’istwa pap manyenw trò fò e l’istwa ap pi favorab pou
ou.

Resevwa Mesye Prezidan, salitasyon patriyotik nou.

ANN FÈL YON LÒT JAN

________________________________________
Dr Eddy Delaleu, D.D
Secrétaire Général-FDHI

mb : Dr.ED, ASMM, PRJ, SJD


cc : Bureau Exécutif National
Saintfard Charles Saintvil, Responsable Affaires Politiques-FDHI
Coordination Nationale
Agronome Stervil Mackingson Mackindy, Coord. Général-Patfòm Pitit Zansèt yo Reveye PPZANREV
Pierre Richard Joseph, Secrétaire de Mobilisation-Pèp Moyiz Pou Demokrasy OPMD
Syervil Josué Desir, Coordonnateur KRI-PEP
Pierre Saint-Ange, Coordonnateur Centre du Vodou Haitien CVH
Christnora Chery, Coordonnatrice Asosiasyon Vodou Sid Ès AVOSE
Mirlande Jean, Coordonnatrice Oganisasyon Fanm Progresis Dayiti OFPD
Evelyne Dorime, Coordonnatrice Òganizasyon Fanm pou Demokrasi OFD
Et autres Organisations Populaires à travers le pays...

VERSION FRANCAISE

Pétion Ville, le 27 Octobre 2018

NOTE DE PRESSE
Lettre ouverte au Président de la République M. Jovenel Moïse

Appel à une Cohésion Nationale

Monsieur Jovenel Moïse, Président de la République

M. le Président,

Nous, au sein du Parti Politique Force Démocratique Haïtien Intégré-FDHI, avions constaté votre effort dans la lavure
de votre entourage au Palais National sur le dossier PETRO CARIBE. Aussi bien le besoin de vous complimenter est là
mais Monsieur le Président, le constat est un peu décevant dans ce nettoyage que nous considérons partiel, masqué et
inacceptable.

Vous voyez Monsieur le Président, il est dans votre intérêt et celui de la nation de prêter une oreille attentive au cri du
peuple comme je vous l’avais dit récemment dans mon dernier message. Le peuple n’est plus stupide et malgré leurs
FORCE DEMOCRATIQUE HAITIEN INTEGRE FDHI
problèmes sociaux et leurs problèmes économiques, le peuple non seulement est plus résilient, mais aussi est devenu plus
intelligent.

Alors que nous condamnons certains comportements destructeurs, je veux en profiter pour dire au peuple que ce
mouvement PETRO BIZANGO initié pas trop longtemps, n’est pas l’objectif de PETRO JUSTICE, c’est plutôt une
déviation d’un petit groupe qui crée une distraction controverse de la lutte pour la justice que la grande population réclame.
La destruction des biens privés et publiques n’est pas là le chemin de justice escomptée, une autre forme de pression est
souhaitable pour que vous soyez du côté de la loi.

Le malheur sillonne sur notre nation. Vous Monsieur et vous seulement a le pouvoir de l’atténuer et éviter ce que
j’envisage comme pire pour le pays. Vous devriez, Monsieur le Président, jouer le rôle de RASSEMBLEUR et en
profiter de cette crise pour ramener ensemble toutes les têtes pensantes de différents Partis Politiques rêveurs d’une vraie
nation, toutes les couches de notre société avant qu’il soit trop tard pour vous. Vous devriez saisir cette opportunité pour
mettre HAITI avant toute chose et même avant votre propre personne. Une COHESION NATIONALE s’avère
importante à travers vos actions claires et honnêtes pouvant inspirer confiance à un peuple qui ne croit plus en vous. Par
contre, il n’est jamais trop tard pour bien faire…

Le problème d’Haiti est beaucoup plus grave que la crise PETRO CARIBE. Si vous ne prenez pas le temps et la
clairvoyance nécessaire pour en déduire les conséquences, l’histoire ne vous pardonnera pas.

Le Parti Politique Force Démocratique Haïtien Intégré-FDHI veut formellement vous avertir Monsieur le Président que
votre action immédiate est de bloquer dans l’œuf cette catastrophe humaine qui se branle sous notre seuil. Seul votre
leadership et votre capacité de vous sacrifier pour une nation que vous avez juré de travailler pour le bienêtre social et
économique du peuple peuvent sauver cette perturbation humaine.

Pendant que nous prêchons l’Union fait la Force, ne laissez pas que notre désunion fait notre faiblesse. Moi, Dr. Eddy
Delaleu à la veille du mois de Novembre 2018, je fais appel à la nation de s’unir aujourd’hui même ; que vous soyez du
secteur privé, du secteur publique ou autre ; que vous soyez protestants, catholiques ou vodouisants ; que vous soyez
Dessalines ou Pétion, que vous soyez de la ville ou de la province ; que vous soyez femmes ou hommes, jeunes ou vieux,
policiers ou civils : je demande à vous tous, aujourd’hui même, de NOUS UNIFIER autour d’un seul objectif de sauver
Haiti des jours noirs et des bains de sang, des pertes inutiles de vies humaines que seul vous Monsieur le Président êtes
capable d’éviter.

Posez immédiatement des actions claires même si elles peuvent vous porter préjudice. L’histoire vous sera plus atténuante
et beaucoup plus favorable.

Recevez Monsieur le Président, nos salutations patriotiques.

ANN FÈL YON LÒT JAN

________________________________________
Dr Eddy Delaleu, D.D
Secrétaire Général-FDHI

mb : Dr.ED, ASMM, PRJ, SJD


cc : Bureau Exécutif National
Saintfard Charles Saintvil, Responsable Affaires Politiques-FDHI
Coordination Nationale
Agronome Stervil Mackingson Mackindy, Coord. Général-Patfòm Pitit Zansèt yo Reveye PPZANREV
Pierre Richard Joseph, Secrétaire de Mobilisation-Pèp Moyiz Pou Demokrasy OPMD
Syervil Josué Desir, Coordonnateur KRI-PEP
Pierre Saint-Ange, Coordonnateur Centre du Vodou Haitien CVH
FORCE DEMOCRATIQUE HAITIEN INTEGRE FDHI
Christnora Chery, Coordonnatrice Asosiasyon Vodou Sid Ès AVOSE
Mirlande Jean, Coordonnatrice Oganisasyon Fanm Progresis Dayiti OFPD
Evelyne Dorime, Coordonnatrice Òganizasyon Fanm pou Demokrasi OFD
Et autres Organisations Populaires à travers le pays...

Vous aimerez peut-être aussi