Vous êtes sur la page 1sur 15

Aprann konnen Vodou

■ Kisa ki Vodou an ?

Nan yon lang zansèt afriken nou ki se lang 《fon》,Vodou vledi rechèch nan lenkoni. nan yon
lòt lang ankò nou jwenn Vodou vledi adorasyon espri.

Gen chèchè mistik ki di Vodou egziste avan lèzòm, se zouti sakre Bondye lavi a ( OLOHOUM) te
itilize lè li tap kreye linive, Konsa tou gen lòt chèchè ankò ki di Vodou se maji, se konesans sekrè
ki gen nan lanati.

Vodou se yon (spiritualité ancestrale) li òganize an sosyete e li gen tout règleman kifè li vin yon
relijyon tou.

■ Kijan Vodou an oganize ?

Vodou gen anpil sosyete, chak sosyete fè pati youn nan 21 nanchon yo, ki se tribi ki te sòti an
Afrik yo. Chak sosyete gen nan tèt li yon ougan, manbo oswa yon sèvitè. Menm lè yo tout
endepandan e yo òganize tèt yo yon fason ki bon pou yo, chak sosyete toujou gen moun sa yo:

□ Ougan/ manbo/ sèvitè/ sèvitèz

Se yo ki dirijelakou a.

□ Wonsi/ laplas/ hongènikon/ hountògi/ manman ounyò/ konfyans kay

Yo se asistan ougan ak manbo yo. Yo chak gen travay pa yo nan lakou a

Chak sosyete chita nan yon peristil ki se kote popilasyon an reyini pou diskite bagay ki konsène
yo. Se la tou yo fe lekòl ou byen trete moun lè yo malad. Peristil la sèvi tou pou anpil lòt aktivite
sosyal, tankou: dans, maryaj ak lantèman.

Men sa ou ta sipoze jwenn nan tout peristil:

□ Yon poto mitan.

se yon gwo poto ki nan mitan peristil la. Se sou li peristil la chita. Li gen yon wòl mistik tou, se li
ki fasilite koneksyon avèk espri yo. Wap wè li toujou gen Danbala, Ayida Wedo sou li.

□ Youn oswa plizyè kay Lwa, se selon gwosè peristil la.

□ Kote moun ka chita

□ Kote pou tanbourinè yo chita epi jwe.

1
□ Kote pou wonsi yo chante epi danse.

Se nan yon kay sakre yo rele Badji, yo fè travay mistik. Se la ougan ak sèvitè resevwa moun ki
gen bezwen Lwa yo.

■ Kisa ki yon Ougan oubyen yon Manbo ?

□ Ougan, ougan makout, manbo,sèvitè lakou, sèvitèz.

Tout se moun Lwa chwazi bay konesans pou ede moun:

□ Ougan ak manbo se sèvitè ki òganize tèt yo pou pwoteje sekrè mistik pou malfektè pa sèvi
ak yo. Pou rive ougan oubyen manbo ou dwe sibi inisyasyon . Lè sa yo di ou 《Asogwe》. Ki vle
di ason nan menw.

□ Ougan ou byen manbo makout se moun Lwa yo chwazi tou men ki pa fè pati okenn gwoup
inisye. Yo gen travay enpòtan yo fè, paske yo mache nan tout bwa ap bay popilasyin an sèvis.

□ Gen plizyè rit inisyasyon, chak rit rele sèvitè yo jan pa yo. Tout ap fè menm travay la.

□ Bòkò se yon ougan ki pratike inikman maji nwa, li se yon sòsyè. Yo konn kijan pou yo sèvi ak
fòs ki nan linivè pou yo fè tout kalite mirak. Yo konnen kijan pou yo mare pwen:

○ Pwen se yon bagay bòkò fè ki bay moun pouvwa tout moun pa genyen. Gen tout kalite
pwen.

Syans bòkò pran anpil tan pou aprann epi li danjere.

Bòkò gen gwo responsabilite devan lanati, se pou sa lè yo fè dezòd ak konesans yo, Lwa yo pini
yo trè di.

■ Kanzo

Lè yon Vodouyizan chwazi reponn wi a reklamasyon Lwa yo, li dwe sibi inisyasyon pou li
vini Kanzo, ougan, manbo oubyen sèvitè.

■ Kisa nou rele gad ?

Gad se yon pwoteksyon nou ka bay moun, gen plizyè kalite:

○ Li konn yon espri nou bay responsabiliteveye sou moun nan, lannwit kou lajounen. ○
Gen de lè tou,sefòs nou aktive nan lanati pou ede moun.

○ Se moun nan ki gen responsabilite pou li okipe gad li.

2
Kwayans Vodou

■ Kote kwayans ak pratik Vodou soti ?

Pi fò kwayans Vodou vini ayiti avèk nèg ki sòti an Afrik blan te mennen pou yo te vin sèvi
kòm esklav.

Esklav yo te soti nan plizyè tribi diferan, se yo avèk nèg kreyòl Ayisyen yo ki vini bay 21
nanchon Vodou

● Dahonmen,Ibo, Kongo, Arada, Mondong, Ouolof, Salengro, Mahi,Dereyal, Banbara,


Bizango, Kita, Nago, Wangol, Mazone, Mousoundi, Krabiyen, Zando, Anmin, Baoule epi
petwo.

○ Pi fò te gen menm kwayans oubyen yo te sanble anpil. Lè yo vini Ayiti yo jwenn avèk
endyen endijèn yo ki te premye mèt tè a epi yo wè se te menm kwayans yo te genyen
tou.

■ Eske Vodou Ayiti ak Vodou Lafrik la se menm bagay ?

Vodou Ayiti ak Vodou Lafrik la pa menm bagay.

○ Menm lè yo sanble anpil, chak tribi afriken te gen kwayans pa yo.

○ Vodou nou gen isit se yon melanj tout sa ki sòti an afrik yo plis kwayans endyen
endijèn yo avèk kèk kwayans kretyen yo te fòse nou pran, sitou katolik la.

○ Jou kite14 Dawout lan, sou direksyon Duti Boukman tout tribi sa yo, plis endyen
endijèn yo ak plizyè kretyen ki pat dakò ak sistèm esklavajis la, te deside pou yo met tèt
yo ansanm.

○ Pami lòt angajman ke yo te pran, yo te sèmante pou yo respekte kwayans chak


moun menm lè yo te vle fè yon sèl pèp.

○ Se apati de jou sa tou,yon ekip Lwa dakò pou yo vini ede nou jwenn libète.

Lwa tankou mètrès tè a, Èzili Dantò ak Ogou Feray.

○ Se jou sa pèp ayisyen an pran nesans.

○ Jou sa tou rit petwo te kreye pou nou te ka fè lagè libète.

3
○ Nèg kite an afrik yo pa benefisye melanj sa.

■ Sou kisa Vodou an kanpe ?

Vodou kanpe sou twa prensip.

1. Tout lavi gen yon sèl sous.

○ Sa vledi tout sa ki vivan konekte ansanm e yo aji youn sou lòt. Depi ou aprann koute
epi ou aprann langaj inivèsèl, pa gen anyen ki gen lavi ou pap ka kominike avèl.

2. Tout lavi gen menm fòs.

○ Lavi se youn, li gen menm fòs tout kote. Nou dwe respekte epi pwotejeli tout kote
nou kwaze ak li.

i. Pi gwo erè nou menm lèzòm kafè, se lè nou kwè lavi pa nou pi enpòtan pase pa zòt. ii.
Nou bay tèt nou manti lè nou di Bondye lavi a ba nou misyon pou nou domine latè. Epi
nou sèvi ak tout bagay kòm restavèk nou.

3. Sous lavi a te toujou la e li ap toujou la, se li ki Bondye a.

○ Lavi pat janm kòmanse ni li pap janm fini. Li toujou la. Ki vle di, menm lè bagay li te
abite a tankou bèt, pye bwa,moun elatriye mouri, lavi ki te ladan, li toujou egziste.

■ Pou kisa Bondye lavi a te kreye linive ?

Bondye lavi a te kreye lòm ak linivè pou lavi a te ka jwenn kote pou li abite epi
grandi.Konsa nou jwenn lavi egziste tout kote nan linivè e sou tout fòm. Gen jan lavi
egziste nou poko janm wè e nou pa menm ka imajine.

■ Kisa ki lavi a ?

Lavi a se fòs ki fè tout bagay grandi epi evolye.

○ Tout lavi fè youn, menm jan ak lanmè, ki vle di li se menm nati tout kote menm lè li
sanble diferan chak kote.

○ Lavi se kòd ki mare linivè ansanm.

○ Lavi fè youn avèk Bondye.

○ Bondye a se lavi.

4
■ Kijan lavi antre nan yon bagay ?

Se Bondye lavi a ki se mèt tè, mèt dlo, mèt dife, mèt van ki chwazi kibò lap mete lavi. ○
Nou konnen li mete li nan pye bwa, nan bèt ak moun.

○ Nou kwè li mete li nan lòt bagay tankou solèy, zetwal, ak planèt yo.

○ Nou kwè tou li mete lavi nan anpil lòt fòm nou pa ka wè tankou Lwa yo.

■ Ki misyon nou sou late ?

Nou dwe pwoteje lavi Bondye ba nou responsab la epi edeli fè wout li. Bondye mande
tout sa li bay lavi yon sèl bagay. Pwoteje lavi.

○ Menm lè kò a mouri misyon lavi kontinye, li toujou bezwen èd ak pwoteksyon.

■ Kisa ki lanmo ?

Sa moun rele lanmò a se lè kò a oubyen nenpòt ki lòt fòm sispann fonksyone e paka
sipòte lavi ankò. Lè sa lavi sòti e li kontinye wout li. Tout bagay nan lanati ka mouri, sof
lavi. Gen lè tou se lavi a ki kite kò a lè misyon li fini. Lavi a kontinye san kò, men kò a pa
ka kontinye san lavi.

■ Eske nou ka pale ak mo ?

Lè nanm lan kite kò a, li fè yon tan pou li pirifye tèt li avan lòt misyon li an, pandan tan
sa, li disponib pou li ede nenpòt sa ki gen bezwen li e fè yo pwofite eksperyans li. Yo pat
bezwen fanmi pou sa. Se nanm sa yo nou rele gede nan Vodou a. Nanm lan sonje tout
kote li te pase, e tout eksperyans li te fè. Moun ki aprann koute, ka kominike ak nanm sa
yo. Ou menm tou lè ou pale yo tande.

Nanm yo bezwen èd paske gen bagay yo paka fè pou tèt yo. Yo bezwen enèji tou, se
pou sa nou menm nan Vodou, nou jete dlo ak kafe pou yo. Nou fè manje pou yo tou epi
nou ba yo chans pou yo make pwen sou wout yo. Chak fwa yon nanm ede nou, li make
pwen anplis.

Lwa

■ Kisa yon Lwa ye ?

Lwa se youn nan manifestasyon lavi. Se pa tout moun ki gen pouvwa ak konesans pou
wè ak tande yo. Lwa yo se yon fòm trè trè evolye ki pèmèt lavi ki abite li sèvi ak tout

5
pouvwa li, Lwa pa gen anyen pou wè ak sen katolik, sa se yon manti ki te itil esklav
tankou kolon: esklav yo te di sa pou yo te sispann pran baton, kolon yo menm se pou yo
ka di legliz yo te reyisi nan misyon pou yo te ka konvèti esklav yo. Chak Lwa gen yon
Vèvè.

○ Yon vèvè se tankou yon adrès, yon kle nou sèvi pou rele Lwa oubyen mande li
asistans.

○ Lè ou trase yon vèvè, ou kreye yon espas kote Lwa ka manifeste. Lwa viv nan yon lòt
dimansyon, lè ou trase vèvè li, ou pèmèt li jwenn kèk nan kondisyon koteli abite a.

○ Vèvè dwetrase avan chak seremoni.

■ Eske se lespri mo yo ka tounen Lwa ?

Pa tout tan, nanm lavi ki te nan yon moun ou nan nenpòt ki lòt fòm ka grandi epi li ale
viv nan yon lwa. Li enpòtan pou konprann lavi nou rele nanm lan, Kifè pati de Bondye, ka
antre koteli vle. Tout lòt bagay ki vivan yo se kò vizib ou envizib lavi rete ladan yo pou
tout tan.

■ Ki pouvwa Lwa yo genyen ?

Lwa gen tout pouvwa lavi genyen nou poko fin konprann.

○ Yo gen kontwòl sou tout sa ki ekziste,yo gen pouvwa ak responsabilite pou yo


òganize linivè.

○ Yo gen pouvwa ak responsabilite pou yo pwoteje lavi epi ede li sou wout li.

○ Yo gen pouvwa ak responsabilite pou yo ede nou lè nou fè apèl ak yo.

■ Ki kote Lwa yo abite ?

Lwa yo gen responsabilite pou yo viv tout kote nan linivè a. Yo abite nan lanati menm
kote avè nou. Sèlman yo nan yon espas ki pa materyèl, nou rele espas yo rete a mond
envizib oubyen《Gedefre》oubyen. 《Alada》.

○ Lwa yo viv e oganize tet yo menm jan ak tout lot manifestasyon lavi, yo gwoupe tet
yo an sosyete e yo fonde yon fanmi tou.

Menm jan nou menm nou gen plant ak bet nou renmenm e nou chwazi okipe, gen fanmi
Lwa ki chwazi nou menm moun pou yo okipe.

6
○ Chak moun gen pou pi piti 3 Lwa kap voye je sou li: Nou rele yo

《Lwa met tet》.

○ Chak pep gen fanmi oubyen eskot Lwa ki ap ede li. Se sa moun save yo rele
《Egrego》.

○ Chak moso te gen ekip Lwa pa li ki abite li.

○ Lwa renmen poze nan pye bwa, nan dlo, nan van, nan dife tou.

○ Tout kote ou jwenn sous dlo, kaskad ou byen letan gen fanmi Lwa ki rete la. Nou rele
tou mèt dlo.

○ Gen fanmi Lwa tou nan gwo pye bwa, tankou mapou ak figye.

■ Kijan mond envizib lan oganize ?

Li mande anpil sajès anpil egzèsis espirityèl pou rive nan nivo pou konprann mond
envizib la. Sèl sa nou ka di ou:

○ Se la lavi rete lè li pa nan kò, e se la lòt fòm lavi nou paka wè yo rete tou.

○ Li gen règleman ki dirije li menm jan ak tout kote.

■ Kijan Lwa kominike ave nou ?

Lwa kominike jan ki pi fasil pou li.

○ Li ka vin pale nan dòmi.

○ Li ka vini nan vizyon.

○ Li ka chwazi nenpòt moun pou pote yon komisyon pou li.

○ Li konn sèvi ak bèt oubyen plant pou fè travay li.

○ Li ka itilize tout sa ki nan lanati pou fè pase mesaj li tankou: Dlo, van, dife elatriye.

■ Kijan nou menm nou ka kominike ak Lwa yo ?

Li trè fasil pou pale ak Lwa yo:

○ Ou pale menm jan ou ap pale ak nenpòt moun, yap tande ou.

7
○ Lè ou limen yon balèn oubyen yon lanp, li pi fasil toujou. Flanm dife a se tankou yon
telefòn pou yo.

○ Ou ka rele Lwa lè ou trase vèvè li.

○ Yon Govi se yon krich nou monte sou règleman yon fason pou nou ka pale ak espri.

■ Kijan nap fe konnen le yo reponn ?

Lwa yo ap toujou reponn men fòk ou atantif, fòk nou aprann koute.

○ Yo ap vin nan rèv nan vizyon.

○ Lè nou jwenn sa nou temande a. Lè sa a sonje pou remèsyel.

■ Pou kisa nou oblije sevi Lwa ?

Pa gen oblije nan Vodou, Lwa pa fòse moun sèvi yo. Lwa yo renmen nou trete yo an
zanmi, an fanmi, paske se konsa yo renmen nou. Menm jan ou okipe plant ou renmen
oswa yon bèt ou renmen, okipe Lwa ou renmen.

■ Kijan pou nou viv ak Lwa yo ?

Relasyon mèt-esklav pa dwe egziste nan mitan moun ak Lwa.

○ Nou ka tankou manman ak pitit, frè ak sè, mouche ak madanm.

○ Mande li ale avèk nou tout kote nou prale.

○ Mande li konsèy, sonje sèlman ou paka bay Lwa manti.

○ Kèlkeswa sa ou ba li a pran swen li, kenbe li pwòp. Yo pa renmen salte.

Pa bliye, Lwa yo la pou ede nou, men fòk nou mande. Si nou pa envite yo, yo pap antre
nan zafè nou. Lwa pa deranje jan moun viv, yo pa gen dwa sa, yo sipoze ede moun viv
annamoni. Yo gen dwa akonpanye nou nan desizyon nou, yo pa gen dwa pran desizyon
pou nou si gen ladan yo kap fè dezòd, nou ka poteplent pou yo.

Okipe Lwa se yon gwo responsabilite, pafè li si ou pa serye. Lwa viv pi lontan pase nou,
kidonk ou pwale kite li. Prepare yon moun ki pou okipe li avan ou mouri, ou byen mete li
yon kote tankou sous dlo, rivyè ou lanmè avan ou ale.

■ Kisa Lwa manje ?

8
Lwa manje sa ki nan manje a ou pa ka wè a. Chak Lwa gen manje li renmen e li gen jan li
renmen yo kwit li pou li. Manje Lwa pachè, yo manje manje ki sòti nan tè a, tout Lwa
renmen manje peyi kote yap viv la. Yo pa nan anyen ki twò konplike, ba yo bagay natirèl
sèlman.

Bay Lwa manje pa vle di fè dans. Ou gen dwa nan manje w ap manje chak jou a, ou retire
pa li pou li. Lè ou ranje kouvè pou li sou menm tab avèw li pi kontan, ou gen dwa tou se
nan plat paw la ou bali goute, li pap nwi. Tanzantan, ou ka fè fèt pou li, yo renmen sa
paske lè konsa yo envite lòt Lwa parèy yo vini fete vini banboche.

■ Kijan nap fe konnen ki Lwa pou nou chwazi ?

Chak moun gen Lwa pa li ki deja la pou li.

Ou gen dwa chwazi tou nenpòt lòt Lwa ou renmen.

Gen de lè tou se Lwa ki chwazi yon moun pou travay avè li. Lè sa yo di li reklame li. Ou
gen dwa mande pou Lwa ki renmen ou pou li manifeste.

■ Kijan Lwa reklame moun ?

Lwa pa reklame moun konsa konsa gen plizyè rezon ki fè yon Lwa reklame moun. Dabò
lè Lwa reklame ou se pi gwo benediksyon ou te ka jwenn. Lwa reklame ou lè li wè lakay
ou, yon moun ki ka ede li fè travay Bondye lavi a. Lwa reklame ou tou lè lavi dirije li pou li
ede ou fè travay ou te vini pou fè sou tè a. Ou gen dwa refize men lè konsa ou ka rate
misyon ou te vini fè sou latè a.

Lè Lwa ap reklame ou, li vini pale avè ou kare kare. Oswa li vini nan rèv ou, oubyen li ka
vini pale avèk ou nan bouch yon lòt moun, li pap voye komisyonè pou fè travay sa.

■ Eske nou oblije mande Lwa yo ede nou ?

Non, nap di sa ankò pa gen oblije nan Vodou. Bondye lavi a kite nou lib e libè pou nou
mennen vi nou e akonpli misyon nou. Sèlman kòm li konnen travay la pa fasil, li mete èd
disponib pou nou.

■ Eske yo konn vole Lwa ?

Pa gen nesesite pou sa, Lwa gen pouvwa pou li separe tèt li pou li itil tout sa ki bezwen,
kèlkeswa valè a. Lwa pa pou pèsòn e poutan li pou tout moun. Pèsòn paka posede yo, e
poutan tout moun ka sèvi ak yo.

9
■ Kijan pou mwen rekonekte avek Lwa ki te nan fanmim ?

Eskòt Lwa ki mache avèk yon fanmi toujou la, yo pa janm fè wonn pòt. Lè ou chwazi pa
okipe yo, yo fè silans. Si yon fanmi pèdi kontak Lwa li paske yon jenerasyon te chwazi
rejete, nenpòt kiyès nan fanmi a ki vle ka reprann relasyon ak Lwa yo. Dabò fòk ou
chèche konnen kiyès Lwa ki mache ak fanmi ou, ou ka mande Lwa yo pou yo manifeste.

Limen yon balèn blan chak swa pandan 9 jou bò kote yon kivèt blan plen dlo .Avan ou
dòmi wap mande pou yo vizite ou. Dòmi pou kont ou ak kivèt la bò tèt ou. Depi 9h fòk
ou deja benyen epi kouche, Lwa pa mache ta jan nou konprann lan. Ou ka tou ale kay
yon gid kap ede ou idantifye Lwa fanmi ou.

Lè ou fini fè rekonesans ak Lwa ou yo, ou ka envite yo vini manje ak ou,sa ka fèt an prive,
konsa tou si gen mwayen ou ka fè yon dans.

Epi tou ou ka kòmanse fanmi paw ak eskòt Lwa paw. Kòmanse pa envite Lwa ou renmen
vini lakay ou. Limen lanp li, sèvi manje pou li, mete koulè li renmen sou ou. Pa envite
yon pakèt Lwa ansanm tout swit, envite yo youn aprè lòt.

Pratik Vodou

■ Kijan yon moun pratike lafwa Vodouyizan

Vodou se tankou yon gwo lakou, ou ka soti antre ladan li lè ou vle. Li mande sèlman pou
respekte tout sa ki egziste ladan li. E sa ou wè, e sa ou pa wè.

Vodouyizan mache sou prensip sa yo :

○ Viv annamoni e respekte tout sa ki nan lanati menm lè ou pa wè yo.

○ Ou gen dwa itilize tout sa ki genyen nan linivè, men pa gaspiye yo, se derespektan. ○
Respekte lavi e ba li pwoteksyon tout kote li ye e sou nenpòt fòm li parèt. Pa bliye,
depi li egziste se swa li vivan, swa li gen yon vivan ki abite li. Dakò tout sa ki nan linivè
gen menm enpòtans, dakò ou pa ni pi bon, ni pi mal pase lòt bagay Bondye bay lavi, pa
deranje anyen sou wout li.

Bondye lavi a pran san li pou li bay chak moun ak chak pèp libète pou li chwazi wout li.
Pèsòn ni okenn pèp pa gen dwa chanje wout yon lòt, kòmsi se travay Bondye lap fè.

Lavi pran fòs lè li fè eksperyans nan kò ak fòm diferan, Chèche konprann wòl ou nan
lanati.

10
Gen pratik ak abitid ou dwe pran pou jwe wòl oubyen kòm Vodouyizan,tankou :

○ Jete dlo atè oubyen nenpòt ki lòt bwason, sa moutre ou rekonèt egzistans tout sa ou
pa wè nan linivè.

○ Lè kè ou kontan wap fete, envite lòt fòs lavi ki nan linivè vin fete avè ou. Sa moutre ou
apresye travay yo.

○ Lè ou nan difikilte mande lòt fòs lavi yo èd. Sa pèmèt yo reyalize misyon yo

○ Pran ka tout sa ki gen lavi ladan li. Sa va pèmèt ou pwogrese.

Vodou pran angajman pou li akonpanye e pwoteje lavi tout koteli ye. Lè ou se
Vodouyizan ou gen menm responsabilite sa.

■ Ki kote Vodouyizan lapriye ?

Vodouyizan pa lapriyè menm jan ak lòt moun. Nou pa resite yon ekip pawòl tou pare, se
pale nou pale ak Lwa yo oubyen nenpòt ki lòt bagay kap viv nan lanati. Nou kafè sa
nenpòt ki lè, nenpòt kote.

Lè nou bezwen yon Lwa, nou rele li epi nou chita pale avèk li.

Lè se fèt yon Lwa oubyen lè nap di li mèsi nou fè dans pou li. Lè sa nou envite li nan yon
peristil pou nou ka resevwa li kòm sadwa, selon règleman. Nou envite lòt Lwa ki zanmi li
e nou pote kado pou li tou. Se sak fè dans yo long. Paske nou dwe salye chak Lwa selon
règleman li ak grad li.

Lè nap fè demand, nou fè liminasyon ki se yon sèvis espirityèl.

○ Liminasyon se lè nou limen lanp, balèn pou Lwa selon yon règleman espesyal se
ladann nou fè demand ak pwomès.

○ Liminasyon ka fèt nenpòt ki kote, men fòk gen yon moun ki konn règleman ki pou
dirije li.

○ Liminasyon dwe fèt jou fèt Lwa a oubyen jou Lwa nan biwo li.

○ Chak Lwa gen jou pou li resevwa demand.

○ Tout Lwa disponib nan dat espesyal yo.

○ Si gen ijans ou ka mande Pasaj.

11
○ Selon enpòtans sèvis la, Liminasyon ka fèt avèk kèk piti oubyen anpil moun. Si ou
aprann règleman yo,ou ka fè liminasyon pou kont ou lakay ou.

■ Prensip ou dwe respekte le wap lapriye

Enpòtan, lè wap fè ofrand pou dans oswa priyè toujou bay sa ki sòti sou bitasyon zansèt
nou yo. Pa ofri anyen ki sòti lòtbò dlo.

1- Bon lè pou lapriyè se lè solèy ap leve,midi, lè solèy ap kouche epi minwi.

2- Pa lapriyè lè ou an kòlè.

3- Flanm dife enpòtan, fè tout efò pou limen balè bouji oswa lanp.

4- Alkòl fasilite kominikasyon ak Lwa sitou lè li boule: Fè posib pou gen yon boutèy
kleren oswa wonm wouj ou blan, sèvi ak bwason ki soti menm kote ak Lwa a oubyen
lokal.

5- Si ou te fè yon moun yon bagay ki mal, mande padon avan ou kòmanse.

6- Pa janm mande mal pou anyen ni pesonn.

7- Reflechi byen avan ou reklame jistis: Jistis chèche e jwenn ekilib, li pap pou ou sèlman,
men pou tout moun ou te fè ditò tou.

8- Pa janm mande pou tire revanj.

9- Sonje, Lwa ka ede ou, li paka fè pou ou.

10- Prepare tèt ou ak kote ou pral lapriyè a:

○ Benyen avan ou lapriyè, pandan w ap benyen, pale ak dlo a mande li pwòpte ou


deyò kou anndan.

○ Mete pafen sou ou, yon pafen Lwa renmen oubyen youn ou vle fè li kado.

○ Met rad blan oubyen koulè Lwa a. Pinga ou ale tou ni oubyen dekòlte devan Lwa.

○ Pwòpte kote ou pwal lapriyè a.

Wouze li ak dlo fèy santi bon, ( bazilik, zoranj, vètivè, sitwon, mant, ti bonm) fèy ki nan
jadenw.

○ Boule ansan selon règleman priyè ou pral fè a.

12
Genyen priyè espesyal nou fè ak Lwa nou rele liminasyon, ou ka fè li pou kont ou, men li
pi bon lè ou fè li ak 5 ou 7 moun. Peristil fè liminasyon an kominote lè jou Lwa a, se li ki
pi bon.

○ Priyè liminasyon fèt ak balèn sakre, bouji tèt gridap oswa mèch.

○ Selon règleman li ka fèt ak 5, 7 oswa 21 mèch.

○ Mèch la dwe limen ak lwil doliv oubyen lwil Lwa a.

■ Liminasyon

Liminasyon se jan nou antre annamoni avèk Lwa yo. Li pi bon lè nou fè liminasyon an
gwoup konsa nou youn ede lòt e nou parèt ini devan Lwa yo.

Yo renmen sa. Liminasyon dwe fèt sou regleman Lwa wap onore jou a, men tout
liminasyon dwe respekte baz sila yo.

Pou fè liminasyon wap bezwen :

○ Yon kivèt beny giyon pou pirifikasyon.

○ Yon kivèt beny chans pou benediksyon.

○ Balèn sakre.

○ Recho dife pou boule ansan ak lèt demand yo.

○ Tab epi bwat pou resevwa ofrand ak kado.

○ Yon lanp ki limen sou règleman nap fè pou jou a.

Rityel Liminasyon

1-Pirifikasyon.

○ Kote nou pral fè seremoni a dwe lave, netwaye epi ansanse, moun kap fè travay sa
dwe benyen avan, epi yo pa dwe manje vyann ni fè sèks o mwen jou avan liminasyon an.

○ Lè moun yo kòmanse vini, yap lave men yo nan kivèt beny giyon an. Lè sa, yo ka
depoze yon ofrann nan bwat ki la pou sa.

○ Si yo poko gen balèn sakre, yap tou pwofite pran youn.

13
2- Salitasyon.

○ Moun kap mennen seremoni a, ap wonble Lwa yo epi lap eksplike sou ki règleman
liminasyon sa pral fèt.

○ Asistans lan ap chante, chante ki fèt pou sa, epi tanbourinè ap akonpanye.

○ Nan moman sa, Lwa ki prezan ap manifeste.

3- Liminasyon.

○ Apre nou fin salye Lwa yo epi chante pou yo, tout moun ap pran balèn sakre yo epi
yap limen yo nan gwo lanp règleman an.

○ Nap depoze lèt demand yo nan recho dife a.

4- Adorasyon.

○ Tout moun ap tounen nan sal la avèk balèn yo tou limen.

○ Mèt seremoni an ap fè nou salye 4 fasad.

○ Se lè sa nap fè demand nou.

○ Epi nap chante, chante ki fèt pou adorasyon.

○ Lè nou fini fè demand, nap etèn balèn yo epi nap sere yo pou nou limen chak swa
pandan sèt jou.

○ Depi Lwa kontan lap, li ap vini pale ak nou aprè adorasyon.

5- Mèsi.

○ Moman sa enpòtan anpil, paske se lè pou nou di Lwa yo mèsi pou sa yo fè deja.

6- Ofrand.

○ Avan nou ale, youn ap salye lòt nan non Lwa yo epi nap depoze kado ak ofrand sou
tab ki la pou sa.

■ Eske gen manje moun nan Vodou ?

Lè ou se yon moun kap bay pwoblèm, anpeche lavi mache, yo ka pote plent pou ou. Lè
sa lavi ka chwazi kitew.

14
.

15

Vous aimerez peut-être aussi