Vous êtes sur la page 1sur 4

1-Mo de pouvwa pou kapab gen chans wap di :

FALEY+FALEY+FALEY
2-Mo de pouvwa pou envisib wap di :
BILA+ BILA+BITABLI
3-Mo de pouvwa pou pran yon fanm fasil fasil,wap pran yon fey vèvenn wap frotel nan men
oubyen ou mete l nan poch ou pandan ou pral kwaze fanm lan wap di :
RASI+ROZANA+CRADERE
4-Mo de pouvwa pou tounnen pye bwa wap kraze 2 men ou nan tèt ou wap di :
GERBAT+VERBO+GERBO
Oubyen ou di :

ABOA (8fwa)
5-Mo de pouvwa pou pa pran nan kout roch wap di :
TENEZ+FAREZ+PASTINGO
6-Mo de pouvwa pou antre andedan yon kay wap kanpe nan piyon goch kay la wap di :

-si ou bezwen pase nan fètay kay yon moun wap mande l yon ti sèl,yon ti bwapen,oubyen ou
pran 7 fèy nan bale moun epi ou di sen batol 7 fwa fè rout pou mwen, lè ou tounnen wap di
sen telèn ouvri pòt pou mwen
SANTANA+SANTANA+DIABOLIQUE

7-Mo de pouvwa pou pa pran nan bal :


Fam+Far+Fa
Kon ou leve bay fas vè soley leve dil nan est, l’ouest,nord,sud
8-Mo de pouvwa pou briye tankou soley la

VOLO+FELICITAME+INVITA+ABERE
9-Mo de pouvwa pou gate yon chèz monte,wap ale nan bò goch chez la poze pous goch ou
sou li wap di :
FILANTE( 7Fwa)
Pou kite pyès la pou li lè ou prale wap dil 7fwa ankò wap di devan mwen deyè

10- Mo de pouvwa pou pa pran nan lanmen monte w’ap di chak fwa ou pral bay yon moun
lanmen :
ALEQUATI-LABORARE
11-Mo de pouvwa pou ka gen 3 solda mache ak ou :
ZORAMI+ZAÏTUX+ELASTOT

12-Reset pou fè pou fè yon fanm renmenw oubyen patron travay ou a :


a) Ou bezwen yon plim rouj
b) Yon moso papye blan
c) Yon poud canel

-wap ekri non fanm lan nan paye a,wap simen poud kanel la sou non an ak dwèt pous ou
epi wap panse a li ,wap di se mwen pou wè 3 fwa epi wap site non l ,wap pliye li 3 fwa
pandan ou ap di se mwen pou wè 3 fwa ,aprè sa ou ap pase yon ti krache nan dwèt pou
pase nan bòl pandan 3 fwa pandan ou ap di se mwen pou wè 3 fwa epi ou ap metel nan
bous pandan 7 jou.

13-Mo de pouvwa pou fè yon fi renmenw wap di :


AKOBYA+AKOBYA+AKOBYA
14-Mo de pouvwa pou jete yon lougarou sou kay ou,wap kraze pous men w epi wap femen
men w, wap fè 3 pa an aryè ak men w femen wap di

ESCALTE+SANTANA toujou kite menw femen


-Pou voye l ale ou ap di ak menw femen
VADRE+RECTO+SANTANA. epi ou louvri menw
15-Mo de pouvwa depi ou manyen yon boutèy ki gen pwazon poul kraze wap di :

BEEZIS+FEEZIS+CRIZIS+VERIS+EFFACIO
-Ou kapab di yo avan ou deplase lakay ou ,ni pandan ou nan milye a oubyen ekril sou
pachemin vyèg metel nan yon diven bwèl
16- Yon lòt fason ankò ,ou kapab ap vini moun nan di me ou ,epi lè ou vini li bay ou boutèy la
,epi pandan longe ba ou di non se pa mwen (ek :non se pa resan epim bwè)lè ou ap retounen
boutèy la ou di me mwen epi pwazon ap pete fyèl mèt li
17- Mo de pouvwa depi yon boutèy oubyen yon vè gen pwazon poul tonbe oubyen kraze nan
menw, wap mete priyè sa andanw wap ekril sou yon pachemin vierge wap bwèl nan yon
divin oubyen wap dil :
DEEX+DÉOTI+DEOTRA
18-Reset pwisan pou deblokaj,chans
a) 3 grenn sitron
b) 4 grenn jirof
c) Yon ponyen sel
Wap pran yon tibokit San sèvi,wap koupe sitron yo ,wap mete jirof la ak sel la ladann
epi ou ap kite li fè 3h tan nan solèy la avan ou benyen, wap li sòm 70 sou li,wap benyen
san savon san eponj.
-Apre sa ou ap pran yon fèy lorye,yon ponyen jijiri ak yon moso leman playe tout nan
yon ti moso papye metel nan bous ou.
19-Men mo pou resite avan ou resite mo de pouvwa yo pou yo ka mache :
a)wap di a l’est ATHA
b) wap di ak fas ou bò lanmè JIBOR

c)nan sud LEOLAM


d)nan nord ADONAI
20-Mo de pouvwa pou disparèt pou mechan an pa wèw
a) Wap bezwen yon poul nwa
b) Yon pijon blan

Wap pran san pijon an pou ka ekri mo yo sou pachemin an


Wap pran kè pijon an ak kè poul nwa a wap mete yo byen sèch,wap playe nan ti papye
nwa oubyen nan yon timoso twal satin nwa ,oubyen nan yon timoso chasè nwa ou potel
sou ou, me mo wap mete sou pachemin an lè ou fin ekril wap metel nan yon divin ou bwèl,
oubyen konnen yo pou kapab resite yo ,mo yo se :
JUDA+DOMINAE+COMANDO+SPIRITUS,AMÈN
21-Lè ou bezwen disparèt w’ap di la poule amène-moi epi ou ap di mo yo
22-Mo de pouvwa pou fè latè tranble :

Wap trase yon triang nan mitan triang lan wap trase yon wonn a goch triang lan wap make
BETHEL a dwat triang lan wap make PENIEL anba triang wap make ADONAI epi antre andedan
sèk la site nonw,pale parol ou ,lè ou fini wap sòti,si ou fèl nan pachemin ou ka metel anndanw
Nb-atè li ka trase ak poud blan,sann dife,flèch mayi,lè ou fini wap efasel

23-Mo de pouvwa pou ka fè dife pran sou yon moun,oubyen sou yon bagay ,mo sa yo telman
fragil fè atansyon pa site yo pou gran mèsi silvouplè
CANAMAL,NADADAM,ADADNADA,MADADAN,AMADAMA,LAMAANAC
24-Mo de pouvwa pou chase move espri sou yon moun, wap di nan zorey goch moun lan :
NEZA+NEBIKA+LISKALABA

25-Rituel pou fè yon fanm oubyen yon gason fè chyen nan pye
3 branch wont(wonte)
Yon gode emaye
Yon balèn eksepte nwa
Avan sa wap jete dlo limen balèn ou
wap plen gode ya dlo, ap tranpe fèy

Wap limen balèn ou ap fè rityèl avèk li a,wap pran branch ronte yo wap tranpe l nan dlo a,epi
wap pase l sou kote gode a ,wap di sa ou bezwen an wap fè menm jan pou balèn lan,lè ou
santi enèji a degage ou ap pran fèy ronte a wap mete l anba zorye ou wap di se pou espri
feblès akonpagne × se pou × fèb devanm, wap di se pou fòs akonpagne mwen menm

Nb-si ou ap konsève rityèl fouye yon trou antere l ,jete l nan kafou si se yon sèl fwa ou ap itilize
li

Vous aimerez peut-être aussi