Vous êtes sur la page 1sur 29

MINDSET YON MALE

SIGMA
-L'obsession Des Filles

"Se pa fòt mwen si fanm dezire'm tout kote mpase... E mpa


kont yo, paske'l enposib pou reziste enèji ke mdegaje."

E C R I T P A R
F E L I X W O O D Y
IMPORTANT (enpòtan)

eBook sa ou achte'l, ou kapab fè saw


vle avè'l ou ka revann li, fè yon
zanmi kado'l, print li etc...

men sou kondisyon ki se:


bay kredi a mèt liv la ki se
FELIX WOODY (ENSTUI)

Daprè satisfaction w de eBook sa,


si ke'w poko fè sa ou ka follow mwen
sou YouTube - Instagram & Facebook:
ENSTUI

Mèsi pou konpreyansyon'w.


- Woody
MYMS - L'obsession Des Filles

Introduction

Liv (e-Book) sa divize an 5 pati:

1. Tout bagay yon Male Sigma ye, fason yo aji, ki sak fè fanm
dezire yo anpil, fason yo aji an prezans yon fanm yo renmen
(fanm an jeneral), mantalite yo, ki vle di fason yo panse etc...

2. Kijan pouw pa pè fanm.

3. Kisa pou di yon fanm ou wè kew renmen e kew anvi apwoche.

4. Kijan pou renmen ak yon (bèl) fanm ou panse ki pap renmenw

5. Bagay ou dwe atann de yon fi lè wap koze avèl


MYMS - L'obsession Des Filles

⁛1 Tout bagay yon Male Sigma ye⁛


Pou ou menm ki pa konnen, yon Male Sigma: se master
lan.

Ou utilize tèm Male Sigma a, pou yon gason ki non seulman


masculin mantalman e fizikman men ki pa kite'l entimide
par sexualité yon lòt...

Yon Male Sigma konnen aparans li se lò se sak fèl jwe sou


sa pou'l pa janm kite bagay konsa sal, yo endepandan
emosyonèlman, (fisansyèman), yo pa bay tèt yo tan a
enkyete yo de sa yon fi (moun) panse de yo menm

Kijan yo fe sa?

Ebyen, nan bay tèt yo abitud ki ap ede yo devlope fizik ak


mantal yo.
Pa egzanp, fè sport (rale djip, leve fè etc...) li liv ak gade
video sou devlopman mindset yon Male Sigma...
MYMS - L'obsession Des Filles

Tout sa yo rann lespriw (etanke yon Male Sigma) pa fokus


sou sa moun panse de ou, e plus ou fè bagay sa yo se plus
ou jwenn rezulta, e plus ou jwenn rezulta se plus ou vin
renmen tèt ou, e plus ou vin renmen tèt ou se plus
konfyans ou vin gen nan tèt ou, e plus ou gen konfyans nan
tèt ou se plus ou di yon fi saw vle se plus ou apwoche yon fi
lèw vle etc...

Mvlew konnen, être yon Male Sigma pa vle di ou dwe


serieu pou tout rès viw, non.
Souri, eksprime janw santiw pandan ke ou still kenbe
masculinité sa... Okontrè ou dwe fè yon balans ant 2 aspè
sa yo atravè viw.

Yon Male Sigma pa pè pèdi: raplew se eksperyans ki fè


yon gason aprann nan lavi. Alors, être yon Male Sigma pa
yon bagay ou vin du jour au lendemain, sa mande pou kew
fè saw dwe fè san panse a opportunité ou gen pou pèdu
paske nan lavi a pa gen gayan, a la fen nou tout ap mouri ki
vle di: nou tout gen pou n pèdu evantyèlman, donk
suspann jwe jwèt lavi a safe
MYMS - L'obsession Des Filles

Être yon Male Sigma, senpleman aprann de eksperyans ke l


fè nan vi pa'l. Ki mennen à le fait que, yo konnen vi a pa gen
gayan alors sa yo fè: lè yo retrouve yo fas a fanm ki pa janm
jwenn gason rale yo mete sou te a akoz yo swadizan bèl,
nèg sa yo fè sa san ezite ke fanm sa te mal elve ou pas
oswa ke yo te renmen fanm sa ou pas.
onètete se youn nan bagay ki mennen a anpil fanm obsede
a nèg sa yo.

Rapèl: Être yon Male Sigma pa vle di ou dwe arogan pou


gran mesi san bezwen, men an mèm tan konnen ke
arogansite ak respè ou dwe gen sa nan ou. Lè sa ou
senpleman dwe fè yon balans ant yo 2 a.

Lè Male Sigma, an prezans fanm li rete calm, li ouvè kò'l, li


pale anpil, li di sa'l vle etc...: Ou ka remake mdi egzakteman
kontrè tout fason yon Male Sigma aji an prezans fanm...Ou
ta ka di map kontredi tt mwen...
Ebyen non. Se paske, tout fanm pa menm, raplew etanke
yon Male Sigma wap rankontre tout fanm sou wout ou e lè
sa sou fanm wap tonbe a si'l renmen nèg ki ouvè kò'l ou
ouvè kòw si'l renmen nèg ki calm ou senpleman rete calm
yon Male Sigma pa egzakteman yon styl gason li se yon
PACKAGE answa...
MYMS - L'obsession Des Filles

An mèm tan raplew yon Male Sigma pa kite yon fanm yo


renmen pran lespri yo, toujou raplew sa...Bay tèt ou lòt
opsyon, kenbe tèt a distraksyon de fanm ou renmen an.

Yon fanm ki sûr ke ou renmen'l pa met efò nan enpresyone


w le moman ke sa fèt donk bay tèt ou lòt opsyon sa ap
rann li fokus paske lap santi ou gen lòt opsyon. (Atansyon
ou seulman anplwaye teknik sa a fanm wap koze ou
konnen ki pa santi anyen pou ou)

Yon Male Sigma an prezans fanm an jeneral rete calm oswa


li ouvè kò'l depandaman de kotel ye a oswa depandaman
de janl santil...Konnen ke être yon Male Sigma pa fòseman
vle di ou dwe yon sèl bagay fiks... Men konnen ke whatever
janw santiw toujou kenbe prestans ou eksprime saw santi
san ralanti paske NAN LAVI PA GEN GAYAN toujou sonje
sa.

SE LESPRIW KI ANPECHE W VIN SAW VLE OSWA FÈ SAW


VLE...ANTRENE LESPRIW A PANSE KE NAN VI A PA GEN
GAYAN E KE NOU TOUT GEN POU PÈDU A LA FEN, DI
LESPRIW SA NAN TOUT SITUATION ANBARASAN W YE.
Wap santi yon chanjman ki fèt nan ou.
MYMS - L'obsession Des Filles

An konkluzyon, yon Male Sigma se yon gason ki gen yon


melanj de: Pwòpte, Devlopman Fizik, Franchiz, Renmen
Aprann Nouvo Bagay ak Vag-nè nan li menm.

Se tout saw bezwen pou vin yon Male Sigma.

⁛2 Kijan pouw pa pè fanm⁛

Se pa yon bagay ki rar jous jounen jodia pou jwenn gen nèg
ki toujou pè fanm...Okontrè se yon bagay ki commun anpil.
Alors, pou m pi byen presize lè mpale de "pè fanm" mvle di
nèg ki santi yo entimide pa prezans yon fi, santi kè yo ap
bat, pye yo ap tranble etc...

E kite'm diw ou menm ki nan stad sa mvlew konnen ke pa


gen oken'n mal nan sa siw se youn pami mesye sa yo, se
tout afè nòmal. Men pou kew retire sa nan ou, ou dwe
konnen "crainte" oswa "peur" se yon bagay tout moun an
jeneral gen nan yo, wi. Moun ou pa ta panse...

Mwen pesonelman gen yon sèten moman lè mte fenk


kòmanse nan monde seduction an, mpat santi m alèz an
prezans fanm...
MYMS - L'obsession Des Filles

Men mte vin fè yon diferans ki se aksepte "peur" sa mte


santi lè'm an prezans fanm, nan afime tèt mwen ke: mwen
totalman oke ak le fait que mwen mal alèz an prezans fanm
men sof ke mpap kite peur sa anpeche mwen konkeri dezi
ak anvi m yo.
Alors nan ka sa ou konn kisa m te bezwen pou sa fèt???
Ebyen se 2 bagay, fason mpanse epi KOURAJ, anyen ankò.

Men yon senp ti istwa de mwen avan mte nan stad ke


m ye la jodia.

Te plen bèl demwazèl yon kote mte rete... Men pwoblèm


mte genyen se ke mpat santim ka pale avèk youn mpat
konn pouki rezon egzakteman men seul sa mkonnen se ke
chak lè mwè yo kèm bat fò msanti se anndan lakay mwen
poum ye sèlman poum alèz.
Men vin rive yon moman msantim raz, lèm wè tout nèg nan
lekòl la gen mennaj, yap pale de fanm, fanm ap vin kote yo
nan klas lan e ke mwen mpa ka di anyen, paske mpa gen
fanm.

Donk yon lè mpran DESIZYON fò mgen fanm... E mka diw a


tout kè m se youn nan pi gwo e pi bèl desizyon mpran nan
vi'm paske li ede m nan tout aspè nan vi'm...Pa sèlman nan
mond seduction an.
MYMS - L'obsession Des Filles

Poum kontinye ak istwa a: aprèm fin pran desizyon an,


lavim pat tou chanje sou plas non. Men desizyon an se li ki
tout rasin moun m ye jodia.

Alors mpran desizyon poum gen fanm tou. Nan epòk sa


mpotko konn sak rele al sou internet poum chèche konn
kijan pou retire krent nan ou lèw devan fanm oswa kijan
pou apwoche fanm,
donk premye pa mte fè se di tèt mwen "fòm gen fanm tou".
San mpa wont mka diw a tout mwen menm o'paravan yo
lèm retrouve'm bò kot yon fi manvi apwoche malgre
mkonn santi mpa alèz, kè'm vle pete lestoma'm, msanti
mvle mouri... Mpran kouraj mdil "salut" menm si mpa janm
di anyen ankò dèyè "salut" a.

E poum byen diw nan fanm sa yo se 3/10 ki reponn "Salut"


m nan...Malgre sa, mpat kite sa dekourajem chak fanm
mwen wè menm si mte renmenl ou pas mtoujou salye yo
ak yon bwa "salut" epi ti pa ti pa msanti m anvi di plus
bagay toujou a part de "salut" a.
MYMS - L'obsession Des Filles

Donk, pandan tout ti chanjman sa yo se konsa map bliye


ke fanm fèm mal alèz malgre ke mte toujou santi kè mbat
fò lèm bò kot yon fanm... Men mte plus fokus sou eksprime
m paske te rive yon moman mte vin santi yon melanj de
"crainte" ak "excitation" a apwoche fanm anndanm.
E la plupart du temps kouraj ke mpran pou di yon fi yon
senp "salut" menm si l pa reponn, sa souvan fè excitation
an depase "crainte" oswa "peur" msanti anndanm nan.

Alors poum fini istwa a, nan fè tout sa yo m vin reyalize nan


vi a tout fanm pap janm enterese avèw.. e kijan
mreyalize sa ? ebyen Se gras a kouraj ke mte pran pou di
tout "salut" mte konn di yo e ke mte wè gen fanm ki reponn
e genyen ki pa reponn.
Alors sa vin pèmèt mwen aksepte se yon bagay nòmal pou
yon fi pa enterese avèm, si sa pa enterese map rive sou lòt
la.

E tou konnen ke le plus souvent yon fanm rejtew oswa li


inyorew paske'l santi ou pa ase confiant. Kijanw panse fi a
ap wè sa? Ebyen frèm, jew gen kapasite pale pou ou sanw
pa di yon mo, langaj koporel ou ka pale pou ou, ezitasyon
ki genyen nan pawol ou di yo...Tout sa yo se bagay kap koz
yon fi rejtew. Paske yo di fi a, ou manke konfyans nan tèt
ou.
MYMS - L'obsession Des Filles

Mmansyone bagay sa yo paske anpil gason souvan panse


se yon bagay nan yo ki pa bon, e menm si te gen yon bagay
nan ou fi a pa renmen met nan mind ou sa pa ka fourew
anba tè, aksepte defo a epi kontinye alèz nan pow, sa a se li
ki confiance en soi a zanmi, se liw bezwen.

Men whatever jan an, ou dwe konnen se nan pran kouraj


apwoche fanm ou ka rezoud tout sa msot di ki fe yon fanm
inyorew lèw relel oswa pale avèl la.
Epi dènye bagay map diw se ke le moman ou aksepte ke
tout fi pa ka renmenw wap wè jan lavi a vin senp e ke jan
genyen anpil fanm fasil tou, paskew pral komanse tonbe
sou fanm depi yon gason di yo 'A' tet yo cho.

A la fen premye fanm mwen genyen se te nan lekòl mwen


an, mrive sou manzè a oken dout nan tèt mwen, nan pa
panse a si lap renmenm ou pas paske mte gentan
finalmam aksepte tout fanm pa ka renmenm
sil pat renmen oswa sil pat enterese avèm mtap just rive
sou yon lòt.. Men erezman tout bagay te byen pase, e
daprè ou sak fè sa ? paske mpat eseye jwe jwèt lavi a safe.
Se tou senpleman poum diw lavi a tout saw pè se fè fas a
avèl lap pèmèt ou grandi anpil.

depi lè sa maprann pa gen famm ki difisil e ke li nòmal


poum pa preferans yon fi... Men sa pa vle di mpap
preferans yon lòt.
MYMS - L'obsession Des Filles

⁛3 Kisaw di yon fanm ou wè


kew renmen⁛
Ou remake yon (bèl) fanm ou renmen e ke w anvi apwoche
l men w pa konn kisa'w pral dil...

Alors avan mkontinye banm fèw gen yon ide de kijan sa ye


lèw se yon bèl fanm oswa kijan yon fanm ki pa lèd
konsidere mond lan

Pa egzanp nou gen Virginia, Virginia se yon bèl demwazèl


tout kotel pase moun gadel, lè lap pase nan yon katye
gason kanpe pou obsève tout mouvman l fè, sa kap eseye
souri ba li, eseye fè contact visuel avèl, nèg kap di "ey bèl bb
vin m palew" etc...
ki vle di fanm sa gen tout sòt de atansyon. E si Virginia ta
rive entèraji ak on nèg, gen plus chans pou nèg sa aji byen
janti avèl, tretel de fason espesyal, ba manzè yon tretman
espesyal nan lide pou'l ka fè fanm sa renmenl oswa pou'l
ka enpresyone l...
MYMS - L'obsession Des Filles

Ki se yon erè fatal paske lavi yon bèl fanm vrèman diferan,
yo pa wè lavi menm jan ak yon moun ki gen yon aparans
nòmal. Ou ta renmen konn sak fè sa ?
Ebyen paske anpil moun espesyalman gason ba yo yon
tretman espesyal donk sa ki vin fè yo pa gade sa ak
enpòtans, la moun sa yo vin ap viv nan yon reyalite diferan.

Alors imajinew kòm yon nèg ki renmen Virginia kisa wap fè


nan ka sa ?

Èskew dwe aji menm jan a lòt nèg sa yo ? Non.

Paske lap imedyatman konsiderew youn pami lòt nèg sa yo


e la sa ap koz tout mouv ou fè pa konte, ou mèt te di tout
bèl pawòl ki egziste nan mond lan anyen pap mache...Donk
nan yon ka konsa, eseye enpresyone Virginia pap en faveur
ou, bay lè yon nèg ki janti anpil, tretel ak ba l anpil atansyon
pap ka en faveur ou paske li jwenn sa souvan.

Virginia, bezwen yon nèg ki pou rale l nan reyalite tout


moun ap viv la e ou ka fè sa ? kijan wap fè l ?
MYMS - L'obsession Des Filles

Ebyen premye enpresyon l de ou menm, pa dwe bay lè yon


nèg ki gen lide pou enpresyone l...
Raplew lavi yon bèl fanm diferan e ke pou yo menm, yon
nèg ki fè yo konpliman oswa aji de fason janti anpil anvè yo
depi sou premye apwòch la, vle di se renmen nèg sa
renmen yo.
E ou dwe konnen ke yon fi ki atire gason sou li anpil depil
santi ke ou renmenl depi lèw fenk wèl la. Sa pap util ou
anyen paske s'on bagay ki rivel souvan ki mele l ou te
renmenl ?!

Donk janm di a: premye enpresyon l de ou menm, pa dwe


bay lè yon nèg ki gen lide pou enpresyone l eseye aji de
fason neutre... Mkonnen lap difisil pou fè, men lè konsa se
pran yon moman imajinew ki gentan gen manzè kòm fanm
ou deja epi di tèt ou "m diferan"
epi la nan ka apwoche a siw santi ou ta vle pè pou
apwochel raplew sam te di nan 2èm pati a: "Pa gen fanm
ki difisil e ke li nòmal pou m pa preferans yon fi...Men
sa pa vle di mpap preferans yon lòt" nan yon lòt tèm fraz
sa vle di "map rive sou fanm sa whatever janl ye a, li
renmenm ok... Meilleur pour la France, konsa tou si li
pa renmen'm map rete nan mwen epi map apwoche
yon lot."
MYMS - L'obsession Des Filles

Epi rive al sou fanm nan ak tout kèw ap bat fò a,

di on bagay konsa: manman mtap renmen w pou belle fille


se sur... (fiksel nan zye vagman) sa ap ba li en presyon ou
kanpe deye saw di a e kew pa peur aparans li)

epi fon ti poze, respire tann li reponn. e siw pa ka gad fanm


nan, nan zye pandanw di sa eseye fokus zye w nan bouch li
epi eseye gadel nan zye an mèm tan.

alors aprèw fin dil sa: si ke l ri l pa di anyen ou ka kontinye


pou di.. "Men kesyon an se, kisa papi w tap di lèw fin
prezantem a li menm ?" epi fon ti souri.. kontinye pou di :
"Kijan w rele ? mrele Woody" (nom w pou bay sa se yon
egzanp)

Kwèm, plus ou eksprime sam sot di a san kew pa di fi a l bèl


se plus wap santi w alèz e wap fini pa bliye bote fanm nan e
fi a ap reyalize ke prezans li pa rann ou entimide, se la a lap
santi gen yon bagay ki diferan ansanm avèw...
Epi bat pou lèw di pawòl yo souf ou pa tout wotè, se sak fè
li enpòtan pou respire avan kew di yo.
MYMS - L'obsession Des Filles

Mvlew konnen ke estime de soi se pa yon bagay ou genyen


konsa pandan w ret lakay ou si kew pat genyen l deja...
Mvle di ke pa enkyetew si ke lèw fè premye pa a e kew
remake kè w ap bat fò, raplew toutotan w pa fè fas a "peur"
ou yo ou pap janm evolye nan vi a...
Siw konnen w depansw kòb pou achte liv sa se tou
senpleman pou li l epiw ret anndan lakay ou san fè yon efò
epi pou atann yon fanm vin diw li renmenw ou
chire...Paske lavi a pa fonksyone konsa.

⁛4 Kijan pou renmen ak yon (bèl)


fanm ou panse ki pap renmenw⁛
Koze ak yon fi pouw renmen avèl pa vle di sa posib
sèlman lèw leve chak jou ou ekri fi sa nan di'l ke ou te "reve
l yèswa" oswa li se pi bèl fanm ki egziste... oubyen pouw di l
ou renmenl vire tounen...

Atansyon, mpa vlew konfonn sa m di an la. Wi sa yo fè pati


koze ak yon fi men pouw arive bon sou fanm sa lè wap
koze avèl mande pouw fè plus ke sa msot mansyone la yo...
MYMS - L'obsession Des Filles

Alors kounya kesyon an se kijanw ka bon sou on fanm ou


wè kew renmen ?
Pou kew konprann e bon nan sa, ebyen nap kòmanse a
zero nèt lèw fenk wè yon fi w anvi apwochel jiska renmen
avèl.

Avan tou mvlew raplew ke jantiyès pa ka fèw renmen ak


yon fi... Menm si pafwa se pa ou ki ta vle janti men konnen
ke ou ka jere ti pwoblèm sa nan travay sou fasonw pale,
chèche mete plus puisans nan vwaw, eksprime saw santi
pale pi fò pa seulman lèw pou kòw fè sa lèw bò kote moun
tou fèl chak lèw gen posibilite a pandan yon espas yon
mwa paske nonb de tan sa ap pèmèt sèvow gentan abitue
ak sa.
Ou ta renmen konn pouki rezon sa util ? Ebyen paske plus
ou aprann eksprimew se plus wap fini par konvenk tèt ou
pa gen anyen w pè vrèman e se plus wap gen konfyans nan
tèt ou
MYMS - L'obsession Des Filles

Epi aprann defann tèt ou, yon moun diw yon bagay ki fèw
mal menm si se te verite chèche defann tèt ou nan di bagay
kap fè moun nan mal tou menm siw konnen se pa vre...
Paske nou menm moun an jeneral menm si yon bagay pat
verite plus yon moun ap di nou li nap vin rive doute de sa n
te kwè avan an...Donk apati de jodia kòmanse bwè
konprime "red pill" la.

E mvlew konnen tou yon fanm pa fokus sou aparans yon


gason janw panse a, alors map pale de bote fizik ou.
Raplew tout moun gen yon bagay nan yo ke yo pa renmen,
yon bagay yo panse ki fè yo lèd men diferans ki genyen se
ke gen moun ki aksepte l nan yo...Nb: Map pale de bagay
ou pa ka chanje nan ou fizikman, rele sou kow zanmi.

Donk siw panse w gen yon bagay nan ou w pa renmen


apati de jodia ranplase l ak yon lot bagay ou gen nan ou
kew renmen oswa ou konn fè ke ou renmen...Lide a, se just
pou pa panse avèl. Met sa nan tèt ou kounya la, ke tout
fanm an jeneral fokus sou "estime de soi". Yon gason ou
te ka pi bèl gason ki egziste depiw pa aprann kwè nan tèt
ou yon nèg ou te ka di ki lèd ap pran fanm ou nan menw
paske 1. li konn kijan pou'l fèw rantre nan ti soulyew
2. Li alèz nan po l epi
3. li di sa l vle
MYMS - L'obsession Des Filles

Tout sa yo se bagay yon fi ap chèche nan yon gason paske


yo pèmèt ou enpresyone yon fi san kew pat menm gen lide
fè sa.
Mvlew met nan tèt ou tou, siw apwoche oswa ou pale yon fi
ki chwazi rejtew pa gen anyen mal nan sa...
Ey, mkonnen rejeksyon pa dous wi men se lèw bay sa
enpòtans.
Anpil fwa yon fi rejtew se trè pèsonalite kew bay la, fanm
nan senpleman pa santi li menm ki pral pale ak yon nèg ki
panse jantiyès li ap bal yon passe pou sa.
Men tout trè ki ap koz yon fi alèz pou l pale avèw byen fasil
san ke l pa rejtew
Se "estime de soi" ki vle di relel oswa avanse sou li san w
pa panse avèl ki pap renmenw, suspann bay enpresyon ou
janti anpil lèw apwoche yon fi paske fanm nan se pa sa l
wè.

Li senpleman wè s'on egare ki pa gen anyen pou'l fè e ke l


gen foli fanm.
ou dwe konnen yon fanm vle yon nèg kap enpoze l sou li,
enteronp li lè lap pale, eksprime sa l santi san ezite etc...
ki dènye fwaw raplew ou apwoche yon fi ou utilize bagay sa
yo ? ebyen travay sou sa.
MYMS - L'obsession Des Filles

Alors kijanw renmen ak yon fi ?

Nap kòmanse a zero nèt

Disons que w rankontre Ashley ki se yon bèl tifanm ou


renmen chak lè l ap pase wanvi apwoche l menw pa wè
kijanw ap fè sa

Ebyen bagay la senp, konnen ke siw pa pran kouraj pou fè


sa anyen pap mache...Raplew toutotan w pa fè fas a "peur"
ou yo ou pap janm evolye.

donk yon jou se pran kouraj epi rele l dil:

"Ash, kanpem diw yon bagay" si se yon demwazèl ou pa


konnen ou ka di "Ey trezò rar, ralanti m diw yon pawòl stp"

Rivew rive di: alors mte just bezwen konnen kisa mh dwe fè
pou banm chans konnenw plus...

si l diw li gen mennaj di:


Li pa vlew gen zanmi ?

tann li reponn
MYMS - L'obsession Des Filles

Selon sa l di a, ou ka di:
Mpa kont li...koz yon fi tankouw merite protection.

kitel reponn toujou...


epi di

en parlant de protection msanti kew bezwen securité so mta


renmen w banm job sa pou pwotejew kont asasen ki gen
foli bel fanm yo, èske mdwe pase yon egzamen pou sa ?

epi pale, pale rive yon moman senp dil baw numero l...

fanm nan ap ba ou l.

Kounya la w rive yon enpas pou pale avèl pa telefòn... E


kwèm travay la pap difisil paske, première bonne impression
w te fè a edew pou fanm nan wè ke ou gen yon charme nan
ou ki tèt chaje, ou alèz nan pow etc... raplew se des traits,
janw alez nan pow ki koz yon fanm atire par yonm gason
Pa gen pi enpotan ke sa yo. Donk nan enpas sa pa kouri
avwe fi a ou te toujou ap gadel e kew te renmenl
MYMS - L'obsession Des Filles

Kisaw pral fè nan moman sa yo ?


ebyen se pale avèl pi souvan paske yon fi ki gen mennaj
depil kòmanse pale ak yon lòt nèg souvan toujou koz pou
mennaj li a santi g'on bagay etranj kap pase...Alors sa pral
koz misye fè jalouzi e plus jalou misye fè plus li an favèw
paske sa se yon siy ke ou pa fè tèt ou konfyans ase pou
panse yon fanm, ou avèl ap tronpew pandan kew poko
janm kenbel.
Donk tout sa pral koz santiman fanm nan gen pou misye
diminye de jou an jou paske fanm pa renmen nèg ki manke
konfyans nan tèt yo, nèg kap ba yo pwoblèm toutan.

E lè sa se plus fanm nan ap vin pi pwoch ou

nan moman sa yo, kwèm ou pa bezwen pawòl pou konn de


kisaw pral ak fi a raplew mtoujou diw pa gen yon bagay
egzakt pou pale ak yon fi se senpleman bat pou rann fi a
pale de vi l pandan ke wap bay fi a konpliman subtil san w
pa al dwat
rele l nan telefòn fèl abitue a tande vwaw
chèche fikse randevou avèk li .. ou pa konn kijan ?
Ebyen frèm yon jou retew dil: kisaw renmen ?
m anvi fèw yon supriz
MYMS - L'obsession Des Filles

epi kontinye pou di: non ou pa bezwen dim map fèw yon
supriz yon bagay mkonnenw renmen mkonn kisaw ap
renmen.

epi achte yon ti kolye 250goud yo...

Mete l nan yon ti bwat anbalel ak papye kado.. epi fè foto a


dil kijan l anvi jwenn supriz li a?

epi di: siw vle mka vin lakay ou.

Ou byen konnen l pap aksepte wi men w fèl pou montrel


ou pa mind e kel ka fèw konfyans pou nou 2 wè... kwèm se
konsa lap wèl.

donk se sur lap diw yon kote wap ka rankontre avèl

epi ou menm pouw make sure ou tou plumen jou sa oswa


menm omwen fè lanmou avèl dil: Mte gen lide envitew pou
n bwè 2, 3 byè... Pale plus de ou, tandew kap pale etc...

sa ap metel sou men l pou l konn poukisa lap vini yon fason
poul tou preparel

men li wi frèm, SENP.


MYMS - L'obsession Des Filles

Konsa tou w ka jwe yon ti jwèt a fanm sa. le kew rive


rankontre avèl la di l: Oh nonnn.. shit. ahh si mdiw ou pap
kwè sak rivem la...

lap diw kisa epi di: Mbliye supriz lan lakay waw.. mte
tèlman konte re wèw ankò sak koz wi. (Si s'on fi ou
rankontre deja, ou ka di sa)

f'on ti poze... epi di banm rele yon patnèm poum wè sil te


ka potel mh mwen. Pran pòz ou fè yon apèl epi moun nan
pa pranl epi di: mkitel sou tab lan lè map deplase a,
manviw jwenn li jodia a...mpa ta renmen kitew la ann al
chèchel avèm konsa wa tou konn lakay lan
(Atansyon se si fi a pat gentan konn lakay ou deja) epi
boom sonw fason pou rale l anndan lakay ou.

Oswa tou pi fasil ou ka just fin bwè 2,3 byè avèl epi aprè wa
pran pòz ou bliye kado a lè sa fanm nan ap pi fasil aksepte
paske l gen koulè nan tèt li

zanmi tout sa yo se plan pou rale yon fi sou ou pouw


plumenl...Paske depiw plumen fi a e ke li santi yon bagay
pou ou pa gen anyen ki ap ka anpeche n renmen.
MYMS - L'obsession Des Filles

⁛5 Bagay ou dwe atann de yon fi


lè wap koze avèl⁛
Premye bagay ou dwe kenbe nan lespriw lè wap met may
sou yon fi se ke: Ou pa sèlman gason ki ap koze ak fanm sa.

E kisaw dwe aprann de pawòl sa?


Ebyen Lè wap Koze ak yon fi sa pa vle di ou dwe wè avèl
oswa konn kote ke l ye chak jou yon fason pouw ka pale
avèl.
Alors sof si ou santi ke fanm sa te gentan renmenw deja, se
sèl eksepsyon ki ka rann ou vle wè ak fi sa chak lèw rete,
paskew konnen ou ka plumenl a nenpòt kèl moman.
Men a pa de sa, lè poko gen yon atirans seksyèl nan fi a
pou ou e ke li remake ou souvan sou pale avèl nan lide pou
mete may...Wap rann fanm nan fè bak sou ou, plus wap
pousuiv li ou menm.

Se sak fè ou dwe fè yon balans ant nivo atansyon ou ba fi a


ak nivo tan ou bay tèt ou...Ke se te yon fanm wap koze pa
telefòn oswa nan vrè vi a
MYMS - L'obsession Des Filles

Pa gen pwoblèm ou ka toujou al sou fi a pou pale avèl si ke


w kontre l sou chemenw oswa ou ka toujou fè yon efò pou
wè avèl men pa fè sa nan yon nivo pou fanm nan toujou
panse wap kanpe ret tann li pou pale avèl nan yon enpas...
Yon fanm ki konnen ou obsede avèl nan yon pwen konsa
senpleman difisil anpil pou bon sou li. Jan mte di talè a,
amwen ke fanm sa te gentan renmenw deja...La akoz
renmenl te gentan renmenw lan ap koz li difisil pou l
remake obsesyonw avèl.

Mvlew met nan tèt ou yon fanm plus atire par yon nèg ki
konn kijan pou kenbe cool li, ki konn kilè pou'l pousuiv yon
fi... raplew seduction se tankou yon jwèt mòde, lage...

E gen plus chans gen yon nèg kap met may sou fanm nan
ki konn prensip sa, donk sa gentan pa an favèw. Se sak fèm
di nan tèt numero 5 lan: "Ou pa sèlman gason ki ap koze
ak fanm sa" paske kantil saji de koze ak yon fi ki poko santi
anyen pou ou ou dwe konnen ou nan konpetisyon ak yon
lòt nèg ou pa menm konnen e ki pwobableman pa
konnenw tou.
MYMS - L'obsession Des Filles

2em bagay ou dwe konnen se ke


yon fanm wap koze avèl ap toujou vle teste maskilinite w
nan tout sans. Pafwa lap melanje tès sa pou'l wè siw
renmen'l tout bon.

pa egzanp wap koze ak Marie, yon bèl ti grimèl...


Ou fè'l ri pafwa, ou pale avèl souvan li konnen w renmen'l
menl pat janm diw yon jou li renmenw oswa ke ou avèl
renmen...E ke yon jou ou remake manzè kanpe a on nèg ap
pale, lap ri byen fò malgre li wèw la.

Ebyen yon fanm ap fè bagay sa pou l remake ki ap


reyaksyonw fas a yon bagay konsa èske lap fèw fache, èske
lap fèw konfronte nèg sa èske lap fèw vin pozel kesyon si
tèl nèg se mennaj li etc...
Lè sa ou menm senpleman pa kitew tonbe nan pyèj sa.
Rete cool, ret nan ou menm, pa bay blag sou sa, senpleman
pa pale sou sa menm, men sèlman montrel atansyon ou te
konn ba li a ak saw wap ba li kounya a chanje.

Sa ap non sèlman montrel ou se yon nèg ki konn kijan pou


jere cool, ki vle di ou pa kite aksyon yon moun kontwole
emosyonw. Epi ou pa tolere shit nan men yon fanm wap
koze tou.
MYMS - L'obsession Des Filles

E si fanm sa rive remonte a moman sa, pou l pozew kesyon


"poukisaw pat fè jalou oswa pozel kesyon sou tèl nèg ?"
senpleman di: oh ou te vle yon reyaksyon ? hm ebyen mpa
yon kloun gen de reyaksyon mpap janm genyen.
Se pa sèlman fanm non ou pa dwe kite testew, se moun an
jeneral.

Conclusion
Yon gwo mèsi a tout moun ki achte liv sa...
Espesyalman ou menm.
Msou dezyèm liv (e-Book) ke mfè...Mpoko ka di ke map fè
youn ankò
Men se sur gen 2 bagay map evite di nan video YouTube
yo...Donk ann espere mfè youn ankò.
An palan de YouTube siw poko fè sa ou ka toujou
follow mwen sou tout rezo sosyal yo Facebook, Twitter,
Instagram & YouTube: Enstui... Ki aktyèlman a 151k
Abonné.
Siw te renmen & satisfè de liv sa pa bliye ekrim sou numéro
WhatsApp pèsonèl mwen ki se +56 9 6181 6692 pou
eksprime
satisfakasyon w ;)

Vous aimerez peut-être aussi