Vous êtes sur la page 1sur 2

ROSIE

                   I
Sete bo lekòl fratènite
La mw te rankontre rosie
Mwen gadel epi li souri
Mwen tou senp dil bonjou,epi li anvi pete kouri
                   II
Se Belle bagay lèw kwaze lanmou
Sou wout la delivrans solèy la jòn,kou joumou
Ri sentàn se pi Belle zòn pou rankontre yon kreyati
Yon kreyati siblim ki chamant tankou'w Rozi
                  III
A yon ti bonjou'm te dil
Te mete bonè sou jou'l
Jouk mwen fin fou
Lè'm wè souri'l ri gou
Tankou patat kay man Emil
                  IV
Mwen te tou swit vle di'l ti tèt jetèm nan
Men lè'm dil li Belle li banm yon ri chire lalwèt
Ti konesans tap fèt,ti pawòl tap tonbe byen dousman
Epi li gade'm li mande,eskem gen jèvrin pou'm fè jèl vire langèt!
                   V
Koulangèt !!mesye gadon fanm
Depi premye jou'l kwaze'l li kase kan'm
Kote Rozi te li pat gentan vin kotanm
Nap mache men nan kòmsi se te fanm anm
                  VI
Nap mache tankou se papiyon sou choublak
Li gen yon ti zansib kayimit ak yon koulè bon blak
Li se yon marabou kreyòl ke nou pèdi lontan
Fanm sa yo pa fasil sèlsi lanmou pale anndanl
                    VII
Je'm pa soti sou li,se bèl bgy lèw jwenn lanmou
Nou bliye echèk ak twonpri,nou di nap mare ren nou menm si nou grangou
Nou pap al fe voksal pou tout ti jèn poun modèl pou tout moun renmen wè nou
Yon kout foud ki tounen yon kout poud romantik
Ki vin fèm damou bon bout negrès anm dous kou boul sik
                    VIII
Si ti zwezo nan bwa te ka chante
M kwè yo ta gentan chante lespwa
Rozi wavem menw pa dim si'w avè'm
Tanpri gade bouch mw kap bat ak kèk kap pale
Paske'm pap dekouraje sou bwa nen'w mw wè lespwa
Lespwa pou'n mache nan lanmou pandan wap bizouwe ti ke'm
                     IX
Manvi few tounen yon jaden flè an Me
Menm si pa gen lapli depim la fòk li fre
Poum ap keyi ti woz lanmou epi plàke bo cheve'w
Èske'w konprann sa kè'm santi pou ou a bote?
                      KÈ
Vin kote'm poun fon ti pale,èske lanati ap tande
ROSIE cheri m fout damouw doudou
Ouvè zorèy ke'w byen pou ti vwa'm ka antre
ROSIE cheri m fout damouw doudou

San kom kap bouyi chak fwam sonjew


Dlo nan jem kap kouri chak fwam wew
Ti kem paka nan plas depim bo kotew
Lap bat tankou tanbou, li kapon pou lot pa boykotew

Son fanm chokola


Pa gen dous pasel la
Ak zansib vyolet li ya
Fem sansib kou fey bwa

Kow sanble adelina


Vini bebe bnm fon manyenw
Banm ti bo sou bouch la
Poum fon kraponnenw

Yo met pale sa yo vle ROSIE


Bel kreyol doublem se ak ou ti kem fleri
Mwen menm ak ou tou pou lavi
Menm sim pa galan menm santi ti lanmoum pou ou san mezi

Pa fremi
Pitow souri
Paskew lew souri
Lalin anm chanje lizye
Zetwal anm vire barye

Vous aimerez peut-être aussi