Académique Documents
Professionnel Documents
Culture Documents
2 Chapit Adisyonel Pwopoze
2 Chapit Adisyonel Pwopoze
Senbòl liberasyon nou kise linyon fè lafòs moutre nou klè ke tèt ansanm se pigwo
zouti ki ka pèmèt nou avanse. Poutan se yon valè nou wè kap disparèt nan mitan
nasyon an de jou an jou. Nan tan lontan, nou pat konn bezwnen gen gwo lajan
pou’n te travay, se youn ede lòt ki t konn fasilite nou tout tach yo. Depi yon plantè
gen semans, li gen tè li te kapab fè jaden san okenn pwoblèm. Jodi a pou nou fè
jaden nou oblije mete gwo lajan deyò oubyen fè tout travay yo ak men pa nou. Sa
ki konn lakoz travay yo pa fèt atan, epi depans yo konn trò elve.
Na pran yon egzanp ak semèn nan ki gen 7 jou ladann: nou pran dimanch lan
pou jou repo epi lòt 6 jou a, 6 plantè deside asosye yo ansanm pou kapab travay.
Chak jou pou yon plantè jiskaske samdi rive tout plantè fin jwenn jou pa yo a epi
yo rekòmanse yon lòt semèn ankò jiskaske tout ak tivite yo fin regle. Pafwa yon
moun nan ekip la kapa gen travay epi jou pa’l la li ka toujou vann li ak nepòt moun
ki gen bezwen sakp pèmèt li rantre yon ti lajan. Fi ka fèl gason kafèl.
Lèw asosyew pou travay se selman semans ak manje wap bezwn pou travay ak sa
ke moun paka fè ak men, li pèmèt ou redwi nan depans jaden an, li pèmèt travay yo
fèt a tan e pi rapid, se yon bon metòd ki ankourajew travay paske lè nou ansanm
nap bay blag nap travay sa ankouraje nou plis e nou fè plis travay. Sa koz nou redi
mwens pa rapò ak lè nou t pou kont nou.
ELVAJ (BÈF KABRIT, POUL, MOUTON ELATRIYE)
Se yon pati nan agrikilti a ki gen pou wè ak elvaj zannimo tankou: bèf, kabrit,
mouton, poul, pentad elatriye. Li kapab fèt lib oubyen nan kòd tou depan de ki zòn
ou ye oubyen nan ki peryòd li ye a.
Poukisa li enpòtan pou yon plantè ta pratike elvaj pandan wap fè jaden
Anpil fwa pou nou rive fè yon jaden nou fè anpil depans nan peye moun pou ede
nou ak achte semans byen chè pou nou plante. Men lè rekòt(pistach) la bon, anpil
fwa nou konn telman gen problèm nou konn rive vann li ak yon ti pri piti(derizwa),
saki lakoz nou souvan fè anpil defisi. Paske achak moman rekòt yo, toujou genyen
anpil pistach sou mache a saki tou desann pri a byen ba.
Kounye a apre rekòt la si plantè a ta gen problem yon ti kòb pou ede fanmiy an lap
ka vann yon bèt (yon kabrit ou kek poul…) poul rezoud problèm nan epi lè pistach
la vann ak yon bon pri la ranplase bèt sa li t vann nan.
Lèw gade bèt li pèmèt ou valorize rezidi rekòt yo, pafwa ou konn fè yon jaden yon
problèm kelkonk ka lakoz ou pa jwenn rekòt men siw gen bèt ki ka manje rezidi yo
ou pap pèdi tout kouraj ou a nèt, li edew pa vann rekòt la ak yon ti pri derizwa lè sa
a ou ka vann yon bèt pou dejennen epi ou estoke rekòt la pou lèl ka vann pou bon
lajan paske MFK ap moutre’n kòman pou’n konsève pwodwi(pistach) yo pou yo
pa gate.
Dezavantaj ki konn genyen se lè gen moman sèch bèt yo konn nan difikite pou yo
jwwnn manje. Lòt pwoblèm ankò se kesyon vòl ak chyen ki konn ap manje bèt yo.