Vous êtes sur la page 1sur 3

INSTISTUT BIBLIQUE LOGOS

(Centre Ouaminthe)

Cours : Méthode d’Etude Biblique

Devoir : L’observation Romain 1er V 16 – 19

Préparé par : Jemps ADELSON

Présenté à : Prof. Gerson LOUIS

Date de remise : 02 / 12 / 2023


Women 1: 16 - 19
16 Mwen pa wont anonse bon nouvèl la : se pouvwa Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè,
jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo tou.
17 Bon nouvèl sa a fè nou wè ki jan Bondye fè moun gras. Travay sa a, li kòmanse ak konfyans
moun gen nan Bondye, li fini nan menm konfyans la tou, jan sa te ekri a : Moun Bondye fè gras
paske li gen konfyans nan Bondye, se li menm ki va gen lavi.
18 Se poutèt sa, n’ap wè kòlè Bondye soti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis
moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y’ap chache anpeche verite a fè travay li.
19 Bondye ap peni yo tou paske tou sa yo ka konnen sou Bondye parèt byen klè devan je yo. Se
Bondye menm ki fè sa konsa pou yo.

1.- Kiyès ki ekri pasaj sa a?


Repons: Apòt Pòl
2.- Kiyès Apòl Pòl te ye?
Repons : Yon Sèvitè Jezikri, yon nonm Bondye rele pou sèvi l apòt. (Wom 1:1)
3.- A kiyès moun li te ekri pasaj sa a?
Repons: Li te ekri l avèk kretyen ki rete nan lavil Wòm. (Wom 1:1, 15)
4.- Eske pasaj sa se yon istwa. yon ansèyman oswa yon predikasyon?
Repons : se yon anseyeman. Paske se avèk legliz li te ekri lèt la pandan li tap pral fè twazyen
vwayaj misyonè li. (dapre kòmantè ki nan entwodiksyon liv Women an)
5.- Sou kisa pasaj sa ap pale?
Repons: Sou bòn nouvèl la.
6.- Genyen twa (3) fason pou devlope yon ide nan yon tèks biblik: eksplike – apwouve –
aplike. Kiyès apòt la te itilize?
Repons: Eksplike.
7.- Pòl di li pa wont anonse kisa?
Repons: Bòn nouvèl la.
8.- Kisa yon bòn Nouvèl ye?
Repons : Yon bòn nouvèl se pawòl ki fè kè moun kontan. Pawòl Bondye a se yon bòn nouvèl.
9.- Poukisa Pòl te di li pa wont anonse bòn nouvèl la?
Repons: Paske bòn nouvèl la se pouvwa Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè, jwif yo an
premye, apre moun lòt nasyon yo.
10.- Kisa bòn nouvèl la fè nou wè?
Repons: Bòn nouvèl la fè nou wè kijan Bondye fè moun gras.
11.- Kijan travay sa te kòmanse e kijan l’ap fini?
Repons: Travay sa te kòmanse ak konfyans (lafwa) e l ap fini nan menm konfyans lan.
12.- Nan vèsè 17 la, ki lòt tèks Pòl te itilize kòm korelasyon lè l te di : “jan sa te ekri a …”
Repons: Abaki 2: 4
13.- Ki moun ki va gen lavi daprè vèsè 17 la ?
Repons : Se moun ki te mete konfyans yo nan Bondye se yo menm ki va gen lavi
14.- Nan vèsè 18 e 19 la, Pòl pale de kòlè ak pinisyon Bondye ap tonbe sou tout mechanste
ak tout lenjistis moun ap fè. Poukisa?
Repons: Kòlè Bondye ap soti nan syèl la tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun ap fè :
 Paske kè yo pa bon,
 Paske y ap chache anpeche verite a fè travay li.
Bondye ap pini yo tou :
 Paske tou sa yo ka konnen sou Bondye parèt byen klè devan je yo.
Se Bondye menm ki fè sa konsa pou yo.

Ann pa wont anonse bòn nouvèl la.

Vous aimerez peut-être aussi