Vous êtes sur la page 1sur 7

Repiblik D Ayiti

Inivèsite Leta Ayiti


(ILA)

« Konkou tradiksyon ak deklamasyon Ak lendepandans


peyi d Ayiti ansanm ak Diskou Dessalines (Desalin)
nan pou selebre desan ventyèm (220yèm) lane
lendepandans la »

Tradiksyon etidyan : Donald ROC

Nivo : Premye Ane

Filyè : Syans ekonomik

Antite : École de Droit et des Sciences Économiques de Jacmel (EDSEJ)

Ane inivèsitè : 2023 – 2024

janvye 2024
LIBÈTE OU LAMÒ

Ak lendepandans

LAME ENDIJÈN

Gonayiv, premye janvye 1804, nan premye ane lendepandans la.

Jodi a, premye janvye mil uisan kat, premye jeneral nan lame endijèn nan, mete ak lòt gwo
zotobre yo, lòt jeneral nan lame sila a, te reyini pou te pran bon jan desizyon k ap bon pou peyi
a:

Aprè li te fè lòt jeneral yo konnen toutbon vre, li prè pou l dirije peyi a epi fè rekonèt lejitimite
pèp endijèn nan : se sa li te fè konnen nan diskou ki te gen pou fè lòt nasyon yo konnen vrè
desizyon li pou l fè peyi a vin lib, pou tout moun jwi libète yo kòmsadwa sou ti bout tè sa a,
nan respè san pèp la ki te koule pou li ; Aprè li te fin tande opinyon yo, li te mande chak jeneral
ki te reyini yo pou yo sèmante yo p ap janm sèvi restavèk peyi Lafrans ankò, yo pito mouri
pase pou yo viv anba dominasyon peyi sila a epi yo prè pou yo goumen pou lendepandans peyi
a jous yo rann dènye souf yo.

Lè tout pawòl sa yo ki makònen ak volonte ginen yo fin byen antre nan nanm gwo jeneral yo,
aprè yo te fin antann yo pou yo patisipe nan gwo pwojè pou lendepandans, yo tout sèmante,
nan menm atachman ak rasin yo, devan linivè, pou yo pa janm sèvi restavèk peyi Lafrans ankò
e yo pito mouri pase pou yo viv anba dominasyon peyi sila a.

Ekri Gonayiv, premye janvye 1804 ki se premye jou endepandans peyi Ayiti.

Moun ki siyen : Dessalines (Desalin), premye jeneral la ; - Christophe (Kristòf), Pétion


(Petyon), Clervaux (Klèvo), Geffrard (Jefra), Vernet (Vènè), Gabard (Gaba), Majò
jeneral yo ; - P. Romain (P. Romen), E. Gérin (E. Jeren), F. Capoix (F. Kapwa), Daut (Do),
Jean-Louis-François (Janlwifranswa), Ferou (Fewou), Cangé (Kanje), L. Bazelais (L.
Bazlè), Magloire Ambroise (Maglwa Anbwaz), J. Jacques (J. Jak), Herne (Èn), Toussaint

2 Tradiksyon Ak lendepandans la ansanm ak Diskou Dessalines (Desalin) nan – Donald Roc


Brave (Tousen Brav), Yayou (Yayou), jeneral brigad yo ; - Bonnet (Bonè), F. Papalier (F.
Papalye), Morelly (Moreli), Chevalier (Chevalye), Marion (Maryon), Aprè jeneral yo ;
Magny (Mayi), Roux (Wou), Chèf brigad yo ; - Charéron (Charewon), R. Loret (R. Lorè),
Macajoux (Makajou), Dupux (Dipi), Carbonne (Kabòn), Diaquoi Aîné (Dyakwa Ene),
Raphaël (Rafayèl), Malet (Malè), Derenoncourt (Derenonkou), Ofisye lame yo ; - epi
Boisrond Tonnerre (Bwawon Tonè), Sekretè.

3 Tradiksyon Ak lendepandans la ansanm ak Diskou Dessalines (Desalin) nan – Donald Roc


LIBÈTE OU LAMÒ

Pawòl jeneral anchèf la,

Pou pèp Ayiti ,

Sitwayen,

Sa a poko anyen, aprè nou te fin mete deyò pèp sanginè sa a ki t ap fini ak peyi a depi de (2)
syèk ; Sa a poko anyen, aprè nou te fin frennen yon seri atak ki p ap sispann jwe lokobe nan
may nou ak lonbray libète sa a peyi Lafrans te vle ofri nou an ; Fòk, ak yon dènye zèl kat ki ka
moutre a klè nou se grandèt, nou kenbe flanbo libète a wo nan peyi nou te redi venn nou pou li
a ; Fòk nou retire tout lespwa pou fè n tounen esklav ankò nan men gouvènman pa moun sa a
ki kenbe, depi lontan, lespri n nan sitiyasyon imilyasyon, degradan pou demounize nou nèt, fè
nou pèdi lespwa ; Li lè pou nou viv granmoun tèt nou oubyen nou mouri.

Libète ou lanmò…, se pou mo sakre sa yo makònen nou ansanm, epi tounen siyal tout konba
ak rasanble nou yo.

Moun lib, patriyòt parèy mwen yo, mwen reyini nan jou san parèy sa a, tout sòlda gason kanson
sa yo, ki, pandan nou rann dènye souf nou pou libète a, bay san yo pou yo sove li ; Jeneral sa
yo ki, te bay jefò nou direksyon kont sistèm pouvwa san limit la, poko fè ase pou byennèt
nou…Non franse a pa sispann trakase nou pa bò isit.

Tout sa ki gen franse ladan yo pote tras mechanste san parèy pèp sovaj sa a ; Lwa nou yo,
koutim nou yo, vil nou yo, tout pote mak fabrik peyi Lafrans ; Kisa m di ? Rete Fransè toujou
sou zile nou an, epi nou kwè nou lib epi soti anba grif Repiblik sa a ki bat tout nasyon. Se
vre, men ki pa t janm rive bat nasyon ki te vle vin lib yo.

Bon, kisa ankò ! Pandan katòz (14) lane, nou viktim paske nou te kwè nan twòp pawòl anlè,
paske nou te prè pou n bliye tout tray moun sa yo te konn fè n pase. Nou te pèdi, se pa lame
fransè a ki te genyen batay la sou nou, men se pawòl pou moun dòmi sa yo, moun ki te
reprezante yo, yo pa t manke ban nou nan sa yo te konn ap di ; Kilè n ap sispann respire menm
lè ak yo ? Kisa nou genyen nou pataje ak bouro sa yo ? Yo renmen fè moun soufri, noumenm
nou aji byen ak moun ; Po yo pa gen menm koulè ak po nou ; Gen yon gwo tonton lanmè ki
separe yo ak nou, lanati menm pwouve a klè yo pa frè nou, yo p ap janm vin frè nou e si yo ta

4 Tradiksyon Ak lendepandans la ansanm ak Diskou Dessalines (Desalin) nan – Donald Roc


jwenn yon ti plas lakay nou, y ap toujou la pou simen latwoublay nan mitan nou epi pou mete
nou dozado.

Sitwayen endijèn, nèg lib, gason, fanm, fi ak timoun, pwomennen je nou tout kote sou ti bout
tè sa a, chèche sou li, madanm nou yo, mari nou yo, frè nou yo, sè nou yo ; Mwen di, chèche
sou li pitit nou yo, ti bebe nan tete nou yo…. Kisa yo te tounen ? Gen yon frison ki pran m lè
m di sa…yo te tounen vyann nan bouch malfini sa yo. Olye nou wè tout moun sa yo ki viktim,
je nou rete fikse sou asasen yo sèlman ; Se pou chen nan savann ki wont bwè san yo toujou pa
sispann fè nou repwòch tank nou san zantray epi nou pran tan pou n vanje yo. Kisa n ap tann
pou n kalme lespri yo ? Sonje nou te vle pou kadav nou antere bò kote pa zansèt nou yo, lè nou
te di non ak sistèm krazezo a ; Èske n ap rive anba tè vre san n pa vanje yo ? Non, zòsman pa
yo t ap fout pa nou yo deyò.

E noumenm, moun ki pa gen pri, jeneral brave danje yo, noumenm ki pa pè malè pandye ki
blayi sou tèt nou, te fè nou jwenn lalibète ki te fin pèdi gras ak san nou te bay pou kapab sove
li. Nou dwe konnen nou poko janm fè anyen toutan nou pa trase yon egzanp ki gen nen nan figi
l sou nasyon sa yo, men ki lejitim pou vanjans yon pèp ki fyè pou libète yo te jwenn e ki p ap
dakò pèdi l pou lajan kontan. Se pou n toumante tout sa ki ta oze eseye fè n pèdi li ankò. An
nou kòmanse ak blan fransè yo… Se pou laperèz pran yo lè y ap eseye pran nou daso, sinon
pou tout tray yo te konn fè nou pase sou ti bout tè sa a, n ap deside touye nenpòt blan fransè ki
ta mete pye modi yo a sou tè libète a pou vin fè nou mal.

Nou te oze vin lib, se pou nou kanpe dèyè l epi pran responsabilite nou ; An n fè tankou yon
timoun k ap grandi : Pwòp pwa kò li refize fè l mache byen. Kiyès ki te konbat pou nou ? Kiyès
ki ta pare tann rezilta travay nou yo ? Epi ala desepsyon san sans sa ta ye pou n ta batay pou n
rete esklav ! Esklav ankò !... An n kite sa yo pou blan fransè yo ki te pèdi pou yo sispann viv
lib.

An n suiv lòt tras ; an n imite pèp sa yo ki, te konsève sousi pou pwoteje sa yo te konstui a epi
kite tout sa ki ta fè yo pèdi kouray pou tout pitit pitit yo ki gen pou vini, te prefere detui jous pa
ret nan yo ankò olye yo soti nan kantite moun ki lib yo.

Se pou n veye pou lespri patizan pa fè n pèdi sa n te redi konstui a ; an n kite vwazen nou yo
respire an pè, se pou yo viv an pè anba rejim lalwa ki te fèt pou yo, epi nou pa prale an fo
revolisyonè tounen moun k ap fè lalwa pou tout zile, pou n kite glwa nou ap twouble repo lòt
zile ki tou pre nou yo ; San abitan inosan pa t koule sou pa yo a tankou sou sa n ap viv la ; yo
pa gen vanjans yo pral fè kont moun k ap dirije yo a.

5 Tradiksyon Ak lendepandans la ansanm ak Diskou Dessalines (Desalin) nan – Donald Roc


Yo kontan paske yo pa t janm konnen kalamite ki te detui nou yo, yo p ap ka swete nou anyen
pou byennèt nou.

Se pou lapè blayi sou vwazen nou yo ! Men madichon pou non fransè a ! Rayisman pou tout
tan pou peyi Lafrans ! Se sa n ap mande.

Premye pèp peyi Ayiti, byenere desten mwen te rezève pou vin yon jou santinèl ki dwe veye
pou kòz sakre sa nou te sakrifye vi n pou li a rete byen pwoteje, mwen te veye, mwen te konbat,
kèk fwa poukont mwen, epi si m te tèlman kontan pou m remèt nou nan men bijou sakre nou te
konfye m nan, sonje nou gen devwa pou n konsève l. Pandan mwen t ap goumen pou libète
nou, mwen t ap travay pou pwòp bonè m. Avan nou ranfòse l ak lalwa k ap pèmèt nou lib
toutbon vre, chèf nou yo avèk mwen, nou dwe tèt nou yon dènye zak k ap pwouve nou prè pou
n sakrifye nou.

Jeneral yo, e noumenm, chèf ki reyini avèk mwen pou bonè peyi a, jou a rive, jou sa a ki dwe
senbolize glwa nou ak lendepandans nou pou toutan.

Si ta gen yon moun pami nou ki manke sousi pou sa n ap fè a, se pou li rale kò l epi tranble lè l
ap pwononse sèman ki dwe ini nou an.

Nou sèmante devan linivè, pou tout pitit pitit nou yo ki gen pou vini, pou noumenm, pou n pa
janm sèvi restavèk peyi Lafrans ankò, e nou pito mouri pase pou nou viv anba dominasyon peyi
sila a.

N ap goumen jous nou rann dènye souf nou pou lendepandans peyi nou..

E ou, moun ki gen lontan nan malè, ou ki temwen sèman nou pwononse a, sonje se sou
pèseverans ou ak kouraj ou mwen te konte lè m te lanse nan batay pou libète san bout pou n te
konbat sistèm krazezo a ak diktati ou t ap lite kont yo depi katòz (14) lane a. Raple w mwen te
sakrifye anpil bagay pou m pran defans ou, granmoun ou yo, timoun ou yo, lajan, epi pou
kounya mwen gen sèlman libète ou sèlman pou richès ; Se pou wa yo ak diktatè yo pwononse
non m sèlman pou yo modi jou m te fèt la, si jamè ou ta refize oubyen ap plenyen lè n ap
resevwa lalwa lespri k ap veye sou destine nou yo pral dikte pou byennèt nou, nou merite jwenn
sò ki rezève pou pèp engra.

Men mwen voye move lide sa jete lwen. W ap tounen poto mitan moun ki pral pou kore libète
w ap karese a, gadyen pou chèf k ap kòmande w.

6 Tradiksyon Ak lendepandans la ansanm ak Diskou Dessalines (Desalin) nan – Donald Roc


Alòs, sèman libète a nan men nou, sèman pou nou vin lib ak endepandan epi pou n prefere
lanmò nan plas tout sa k ta vle fè n tounen esklav.

Anfen, ou dwe fè sèman pou w pa sispann kouri dèyè tout trèt ak tout lènmi lendepandans ou.

Fèt nan katye jeneral Gonayiv, jou premye janvye mil uisan kat, premye ane
lendepandans.

7 Tradiksyon Ak lendepandans la ansanm ak Diskou Dessalines (Desalin) nan – Donald Roc

Vous aimerez peut-être aussi