Vous êtes sur la page 1sur 2

4 Bagay ki Bezwen Refòme nan Legliz.

1. Poukisa n’ap swiv Kris?


Matye 16:24 “ Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li BLIYE TÈT LI. Se pou
l' chaje kwa l' sou zepòl li, epi swiv mwen »

Galat 4 : 19 « Pitit mwen yo, m'ap soufri anpil pou nou toujou, tankou yon
manman k'ap soufri doulè tranche, m'ap soufri pou nou jouk tan KRIS LA VA FIN
FÒME NÈT NAN NOU »
“ Moun pa swiv Kris paskew gen yon bagay wap chèche selon ou menm; men
paske Kris gen bagay li vle fè nan ou”.
“ Sispann vini ak pakèt pwojè ki baze selon pwòp deziw devan Kris Men Bay Kris
chans poul diw kisa li deja prepare.”
2. Poukisa nou reyini ansanm Legliz?
Travay 2: 42 « Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo
t'ap VIV ANSANM tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay
tout moun, epi yo t'ap lapriyè. »

Ebre 10 : 24 « Se pou nou yonn VEYE SOU LÒT pou yonn ka EDE LÒT gen
renmen nan kè nou, pou yonn ka ANKOURAJE LÒT nan fè sa ki byen ».
« Nou pa reyini ansanm pou chak moun chèche Bondye selon pwoblèm yo men
pou nou grandi ansanm nan lavi n’ap mennen nan Kris la. »
“Legliz pa kote chak moun konekte ak Bondye selman men se kote chak moun
konekte yonn ak lòt tou »
3. Ki kote volonte Bondye dwe fèt?
Matye 6: 10 « Vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou SOU LATÈ,
tankou yo fè l' NAN SYÈL LA »
Efez 1 : 10 « Dapre plan travay Bondye a, plan ki gen pou fin reyalize nèt lè
lè a va rive, Bondye ap mete tout bagay ki nan SYÈL LA ansanm AK tout
bagay ki sou LATÈ A anba yon sèl chèf, anba Kris la. »
« Volonte Bondye deja ap fèt nan syèl la konya se sou latè li bezwen fèt paske ni
syèl ni latè se pou Bondye. Pa mete nan tèt ou se nan syèl pouw ale oubyen se latè
pouw kite pouw ka fè volontel »
“ Sa kap pase sou latè regadew paske ou se moun kap klere ak bay latè gou”.

4. Kilè nou dwe refòme?


2 Korent 3 :18 « Nou tankou yon glas k'ap fè moun wè pouvwa Bondye a:
konsa CHAK JOU n'ap transfòme, pouvwa li ap grandi nan nou, jouk tan n'a
rive sanble nèt ak Seyè a. Sa se travay Seyè a. Lespri Bondye. »
« Refòm pa yon kongrè anyèl ni yon evènman istorik se yon atitid ke
kretyen an genyen poul voye jete tout bagay Sentespwi a paka tolere ki
anpeche nou parèt jan Kris la te parèt la »

« Ann kite Lespwi Bondye fè travay li chak jou nan nou, olye n’ap tan lè
yon dat rive poun di nou vle refòme ».
Sonje :

« Bay Kris tan poul travay pwogram li te prepare a »

« Chèche prezans frè ak sèw menm jan w’ap chèche prezans Bondye »

« Piwo Piwo pou Jezi, Anba tè a ni anwo tè a pou li pi rèd”


“ Bagay yo anpil yo paka chanje chak ane”

Pou fini
Refome Rezon nou swiv Kris.

Refome Rezon nou reyini.

Refome kote pou volonte Bondye fèt.


Refome Refòm chak ane yo.

Vous aimerez peut-être aussi