Vous êtes sur la page 1sur 6

TEXTE MEDITATIVE: PS 127 V 1-2

→DOXOLOGIE (…)

SALUTATION ET REMERCIMENT
 BIEN-AIME SOEURS ET FRERES, CHERS AMIS, CHER MEMBRE D’EGLISE, CHER JEUNE
BONJOUR, ET BON SABBAT DANS LE SEIGNEUR.
 QUE LA PAIX ET LA GRACE DE DIEU VOUS SOIT MULTIPLIER EN ABONDANCE.

Man matem sila a mwen pran plezi poum kapab eksprime gratitid mwen anve bondje ki te fe
provizion pou mwen, kom pot parol li nan jou spesyal sa a. (…)

sanm pa bliye direksyon legliz la kite mete yo dako sou chwa sila a.

avan nou ale pi lwen, an nou envite asistans divinn lan nan mitan nou: (rend toi maitre de nos
ames/priere…)

 Soeurs et frères koman nou ye avek jezi? …


 cher membre d’eglise koman sa ye avek jezi? …

LES DETRESSES /desastres

Ho wi nou gen rezon poun di tre bien gras a dye paske :

1. malgre eta nou.

2. move tre de karakte nou genyen yo.

3 .move konpoteman nou yo, nou trouve gras nan je bondje, e si se pat lanmou bondje ni
mwen, ni ou pa tap gen possiblite pou nou la nan moman sa a.

 Nap viv nan yon mond twouble ki chaje ak pwoblem, boulves, traka, kalmite, soufrans
tout kote.
1. Kote imoralite seksyel ap fe la raj. ’’ fanm ak fanm, gason ak gason’’
2. Vol, viol, viyolans, tout kote.
3. Sekirite pa garanti. ‘’tout mounn pè’’
4. Tout kotew pase se la grand mod ‘’jenes la kanpe an mod zo blod’’
5. Mounn kap fe sak dwat yo santi yo wont. ‘’ou pe di w se kretyen, ou wont diw
marye, siw pa fe yon koup ou pap santiw byen, siw abiye korek ou santiw mare
paskew pa ala mod, sa vle diw pa moun pou sa.

6. Kounya tout sa ki te anomal se yo ki nomal nan sosyete a (…)


7. An gro m ka diw nap viv nan yon mond pouri/ yon mond tet anba.

 Kunya wap tann poum diw fe kew kontan… bondje gen kontwol tout bagay, sa gen poul
chanje.
Ki kote l pral chanje a? koman l pral fe chanje pandan menm kretyen andan legliz la
rantre nan menm logik mond lan tou.
1. Payen yo ipokrit, nou ipokrit.
2. Yo tret, nou tret.
3. Yo engra, nou engra.
4. Yo egoist, nou egoist
5. Yo malvean, nou malvean
6. Yo mechan, nou mechan.

1. E komanw ta vle pou kem kontan an ?


2. Koman w pral vle poum byen pandan tout bagay prale a lanve?
3. Kretyen Komanw vle poum map reponn ou tre byen gras a dje, pandan m pap fe
volonte bondje sa a.
4. kote byenete la ye la? Koman wap mandem poum byen an la?
5. Ou konnenw pa an amoni ak frew la wap diw tre byen gras a dje. Komanw fe byen?
6. An chak lew wel san w gate epiw byen.
7. Koman w fe byen pandan w gen pwoblem ak tout moun?

 Pandan setan ou nan sevis bondje a, ou se gro dirijan legliz , ou nan tout aktivite
legliz. si yo bezwen yon moun ki pou fe yon bon priye se ou yap pran, si yap
cheche yon fre oubyen yon se ki pi spirityel tout moun se ou yap di. Epoutan
1. Premye moun ki pou fe skandal nan legliz la le gen yon bagay ki pap byen
mache se ou menm.
2. Lew gen yon ti pwoblem ak yon moun ou ranje kow pouw kase met nan
bol li , en tout moun konnen w pa nan rans ak moun…
3. Devan fre a ou se zanmil ,deye l ou pa gen yon san pou li , swadizan li nan
menm gwoup avew .
4. An… ou pa nan achte figi peson moun bo isit la. se yo ,se ou tou.
Tale ki kote ? pandan wap fe travay senye a, ou konsa a …
 zanmim pemet mw diw sa : ou fe kove tande…
 an ou gen yon ti pwoblem ak se a ,ou pap pral kotel paske se pa
ou k te fel , chak moun ret nan kwen pa yo jiskaske nou vin lenmi,
nou kite logey ranpli ke nou. Epi ou nan sevis senye a, ou nan tout
aktivite legliz. Tale pou kiyes wap travay la ? pou kiyes wap
bourike a ? epiw paka antann ou avek frew la. Pitit ou fe
kove…
Ou menn jèn fi jèn gason nou pa fouti reprezante Bondye
fòtman,e valabman , ta sanble nou bliye kiyès nou ye , nou
nan tout sòs,non nou site nan tout sak pa bon gen defwa se
kamarad la kap fèw sonje w se manb legliz, epi lè samdi nap
poulop ki kote, nou fè legliz la tounen yon lye randevou,
anyen nan sa kap fèt pa enterese nou epi ou nan tout aktivite
legliz pavre, gade ti jèn ou fè kòve wi
Gade ti mesye yo menm koup yo ap debòde, ti medam yo
menm bouch yo klere mande w nan ki bak machann yo soti,
yo met yon ròb byen long ki fann rive jis anwo kap rele venez
à moi... Ki kote w pral jwenn repo a ... Epi lè saba jenès nap
met inifòm vin fè parad hey ti jèn ou fenk kare fè kòve wi. Talè
ta sanble nou bliye vrè misyon nou an, kote lè message
adventiste... Kisa nou fè avè l?
 mezanmi poukisa tout sakrifis sa yo ? premye moun ki pou vin
legliz la se ou, ou toujou nan tout reiynyon (mekredi swa w la,
vendredi swa w la, saba maten w la, genyen ki konn menm rete
apre legliz pou sevis bondje a, semen de priye w la, canpay ou
prezan, jen ou la pi red, ) ou fe tout sakrifis ki posib. Wap kraze
kow pou travay bondje a , genyen ki konn menm rive fè move san
lè yo wè bagay yo pap byen mache. poutan tout efò sa yo nap fè
ya la tout se anven wi , zanmanm ou fè kòve wi

paske tèks la di: si l'éternèl ne bâti...PS 127.

Deyò chen mpat janm rekonèt ou.


Se toujou bèl bagay apre nominasyon pou wè tout depatman tou fè tou flanm, tout moun ap
travay men aprè 2-3 mwa ou wè se sèl chèf depatman an kap ba bourike men kote lòt moun
yo? Ou pa konnen.....

Gade nou veye tout lòt bagay, nou jwenn tan pou tout lòt bagay, tout sa ki san enpòtans yo,
men kon w tande se vizit nou toujou pa gen tan. Se lè sa nou pi fatige. Men nou gen tan pou
nou fè tripotay,zen, ipokrizi, pale moun mal, mechanste, egoist, malveyansite. Pandan setan
nou pase lwen vrè objektif la, nou kite misyon nou genyen an,nou lese travay seyè a de kote,
nou bliye si bondye te di nou allez faite de ... Kisa nou fè ak misyon sa menm? Nou bliye kiyès
nou ye nou mete tout potansyalite Bondye bannou yo de kote nou lage n nan sak pa bon.
Maten ym vin raple w : mais vous au contraire vous êtes un... Tèks la kontinye poul di : et
enseigné leur a observez tout ce que je vous ai... Men kisa Bondye te anseye nou menm?... Èske
se fè mechanste, malveyansite, egoist, lènmi. Se sa yo li te ban nou, e pou kisa se yo nou nap
pwodui kote nou jwenn avèk yo? Nou la nap envesti lajan nan fè kanpay, mache al envite
moun,fè moun fè kòve,lè yo fin vini nou menm ankò nou mete deyò avèk vye konpòtman nou
yo, Kòman w pral vle pou yo vini pou yo rete, pandan setan pa gen linyon antre nou , nou paka
antann nou .

Si te genyen inite antre nou, nou te aprann viv youn ak lòt, nou youn te aprann sipòte lòt, nou
youn tap soutni lòt ,ou mèt kwè m mond lan pa tap konsa , nou pa tap bezwen enkyete nou pou
avni timoun nou yo nan sosyete a. Nou menm tou nou tap rale yon souf, men kòman w pral vle
pou sa fèt? Kòman l pral fè fèt ? Pandan ke nou menm ki plase pou bay mond lan gou nou pèdi
savè nou, nou menm ki plase pou klere mond lan limyè nou an etèn. Men nou bliye kiyès nou
ye nou bliye si se limyè mond lan nou ye , yon vil ki sitye sou tèt mòn paka kache, kretyen gen
de bagay ki pa pou ou, se pou limyèk nan ou a briye tout kote w pase,se pou reflete imaj
bondye Patou kotew pase e nan nenpòt ki sikonstans. Paske se nou ki sous lespwa mond , e si
nou menm anndan legliz nou kanpe konsa kisa n di yo fè la menm. Gade zanmi m bagay yo paka
rete konsa pito nou chèche lanmou, an nou dialogue, an mete ipokrizi, lògèy mechanste,
trayizon, rankin de kote , an aprann viv, pataje, renmen nou youn lòt. Si sèlman nou te sispann
mal aji tap gen mwens danje, mechanste, maladi. Donk si nou chanje en kisan panse? sin
aprann pataje en kisan panse? Sin sispann fè mechanste en kisan panse? Sin aprann tolere frèn
dim kisa n panse? Sin sispann fè moun soufri dim kisa n panse? Sin aprann ....en kisan panse?
Sin sispann fè kòve dim kisa n panse? Nou menm manb legliz kisan panse? E nou dirijan dim
kisa n panse? Nou menm lajenès en kisan panse? E nou menm MT SINAÏ dim kisa n panse sin ta
chanje pou nou sèvi Bondye san fè kòve?

Conclusion
Mw pa konnen konbyen tan batèm ou genyen, mw pa konnen depi kilè ou adventis, mw pa
konnen depi kilè ou dirijan. Sa ka rive ou pat moun ou te sipoze ye a nan jou ki te pase yo, sa ka
rive ou regrèt tout sa ou te fè ki pat bon nan pasew. Menm gen yon bòn nouvèl pou ou sè ke:
( aujourd'hui c'est le jour de grâce, et Jésus sauve en ce jour. ... aujourd'hui.) Bondye vle ofri
avèk nou yon lòt chans, se pa chans pou kontinye mache pye gaye pou di wap gen tan, men se
yon chans pou demare yon nouvo dépa avèk Kris. Et quelques soit le péché le sang de Christ
l'efface . Mw pa bezwen konnen kisaw te fè san le pase men Jésus sauve aujourd'hui. Mw pa
bezwen konn ki move vi ou tap mennen, men l'essentiel Jesus sauve aujourd'hui, sa pa entèrese
l pou l konn kilès ou te ye nan lapase sa ki enpòtan sè ke Jesus sauve aujourd'hui zanmi m parce
qu aujourd'hui est le jour de grâce.fok ou pran pozisyon wè nan moman sila a frèm avèk sèm
yo, Ou gen yon desizyon pou pran nan moman sa zanmi, e li pa lot ke chwazi sèvi Bondye
fidèlman san fè kòve. Konbyen nan nou la ki ta renmen sèvi Bondye fidèlman san fè kòve?

Legliz tande , la jenès, dirijan tande ..(.....)

Pitit gade menm si pèsonn pa ta vle fè volonte Bondye,men ou menm avèk moun lakay ou dwe
chwazi sèvi Bondye fidèlman san fè kòve. ...

Sanble nou pa wè nan ki moman nap viv? Ou menm ki san Jezi, Kap fè kòve , ki kenbe plas pou
moun men Jezi pwal vini,pòt lagras la pral fèmen. Zanmi kisa w pral fè nan jou sa? Talè, manb
legliz, dirijan, nou menm syejan, la jenès, diacona, ansyena, ..... Nou pa chwazi sèvi Bondye
fidèlman san fè kòve?

Zanmi banm diw: chan. Ou menm ki san Jezi sa ou va fè nan jou sa?

Konbyen nan nou la ki vle pran pozisyon pou li sèvi Bondye fidèlman san fè kòve?

Legliz an sispann fè kòve non, an nou kretyen pito.

An sispann bay tèt nou manti, kisa n panse sin ta yon kretyen? Pa gen moun la ki ta renmen
kretyen? Nou pral met ajenou pou nou priye, pou nou ka sele desizyon sa . E atansyon......

Yon kretyen mw ta renmen ye...

Un appel à la transformation pour un nouveau départ avec christ.

Vous aimerez peut-être aussi