Vous êtes sur la page 1sur 1

Menu 

Panzou ou Bonbon Kodin: Fètilite,


Anemi Ak Lòt Maladi
 > Dὸz ak fὸmil > Panzou ou Bonbon Kodin: Fètilite, Anemi Ak Lò

Panzou ou Bonbon Kodin:


Fètilite, Anemi Ak Lòt Maladi

 12 juillet 2022 -
 Dὸz ak fὸmil / Byenfè plant yo / Dekouvri plant yo -
 0 commentaire

Non syantifik: Rivina Humilis L.


Non Ayiti: Panzou, Lanman Laye, Bonbon Kodin.

Non Anglè: Bloodberry, Rougeplant, Bloodberry rougeplant,


Baby pepper, Coral berry, Inkberry, pigeon berry, Small
pokeweed, Turkeyberry, Jamaican Dog Blood Bush

Non Fransè: Ti Groseille, Rivine humble, Groseille, Petite


groseille, Baies de corail, herbe à graines rouges

Chaje plant sa Ayiti epi moun yo manke itilize l paske yo pa


konn richès ki la. Yon ti sachè sa vann byen chè sou
entènèt la. Ayisyen menm kite l fè raje nan raje.

BON POU FÈTILITE |DEPATMAN ANBA| TWONP


BOUCHE

M fè pòs sa non sèlman pou montre nou plant mirak sa k ap


gaspiye nan tout peyi a men tou pou di fanm ki gen difikilte
pou ansent yo dwe konsome plant sa depi yo jwenn li, kit
se frikase yo frikase l, oswa pran kou salad, ou fè bouyon
ak soup ak li, degaje nou konsome l. Sa se yon izaj Ayisyen
pa twò konnen. #Medikaplant la pou pataje limyè sou lanati.
Li bon pou twonp bouche l ap ede debloke sa, ak tout lòt
kalite pwoblèm ann depatman an a tankou règ iregilye,
doulè règ, Yeast infection (mikoz) ak divès kalite
enfeksyon vajinal.

Dòz ak LANMAN Ka Ede Debouche Twonp:


Pou debouche twonp lan ou ka melanje lanman ak pèsi, 2
grenn lay, fèy ou kòs zaboka, ti safran ak jenajnm graje,
bouyi pou bwè 3 fwa pa jou pou 21 jou epi chofe ti lwil
maskreti masaje anba vant lan; apre sa fè lavman Fanm
Djanm lan ki sou paj la. W a ba n nouvèl.

Pataje pòs la pou plis moun jwenn kichòy. Epi si n pa


LIKE ak envite plis zanmi LIKE ak Abòne ak paj la nou
pa sipòte travay la.

ITILIZASYON POPILÈ NAN REMÈD


FÈY AK NAN KIZIN GRANDÈT:
Lakay ann Ayiti nou plis itilize l nan
bouyon ak legim pou konbat anemi ak
feblès ou vètij. Wi, se vre li bon anpil
men tou li chaje lòt benefis tankou trete
pwoblèm pipi (irinè) si w toufe fèy la
nan dlo cho. Depi w ap degoute pipi, se
anba fòse pou w pipi ou ka fè enfizyon ak
fèy panzou a, epi pran rafrechi bab mayi
ak fè tizann rasin Ave (Mal Pouri). Se yon
alikaman, kidonk yon manje ki tou
medikaman. Li bon pou tèt fè mal tou, ou
ka fè enfizyon oswa fè konprès. Panzou
se yon gwo anti-enflamatwa.


Kèk Pwopriyete Panzou Genyen

#Fètilite | Tout Fanm k ap chache ansent dwe konsome plant sa.

– Emoraji, Pwoblèm Règ: Li ede fanm ki gen


emoraji sitou apre akouchman (postpartum) ak
pwoblèm règ, se fèy la pou w bouyi pou w bwè.
– Gaz: Si w toujou gen gaz nan vant ou, li jere tisi nan
kò w yo, rann yo fèm e djougan (se yon astrenjan
efikas). Ou ka pile l mete sou maleng pou ede geri vit.
–Rim: Li konbat rim ak move grip.
– Koloran òganik: Ti grenn fwi yo bon tou, yo itilize ji
yo pou bay manje koulè menm jan ak grenn woukou;
lontan yo te konn sèvi ak yo kòm ank oswa penti
oswa koloran pou chanje koulè cheve.
Kodiman, aliman: Moun ka manje fwi a san
pwoblèm. Yo sanble ak ti grenn bonbon epi kodin
renmen manje yo anpil, se pa san rezon yo rele plant
sa Bonbon Kodin nan; anglè a rele l Turkeyberry:
Turkey vle di “kodin ou kodenn” epi ti grenn Berry(ies)
= grenn e pa analoji sanble ak bonbon.
Anti-dyare: Lè timoun piti gen dyare ou ka ba yo fwi
a pou kanpe dyare a, ou ka ba l yon ti grayav tou
apre sa. Epi lapè.

Si w ap eseye ansent
oubyen w ansent epi
w anemi, manje
panzou.

Chaje benefis men manke tan, Medikaplant swete nou bay


plant sa plis valè epi entegre l nan rejim alimantè nou. Si n
vle nou ka seche l, pile l an poud konsève nan bokal fayans
pou mete nan ji ou konsome l jan n pito.

___________///_____________///_________________///__
_________________

#Medikaplant | #Panzou | #Lanman_Laye | #Bonbon_Kodin|


#YeastInfection | #mikoz

 VOUS DEVRIEZ ÉGALEMENT AIMER

Molèn (Mullein): Zèb Poumon ak Lòt Benefis


 23 août 2022

Pwa Pyant: Li Pwa, Li Kafe, Li Puisan


 14 mai 2022

Kib Maggi: Pwazon #1 Nan Kizin Ayisyen an


 29 août 2022

Laisser un commentaire

Votre commentaire ici…

Nom (nécessaire)

E-mail (nécessaire)

Site

Enregistrer mon nom, mon e-mail et mon site dans le


navigateur pour mon prochain commentaire.

P U B L IE R LE COM M ENTAIRE

ADRÈS

 1285, NW 89th St Coral Springs FL. 33071


 +1 561 290 3376
 +509 3687 4686 | Ayiti
 +1 561 290 3376 | Telegram
+1 561 290 3376

| Whatsapp
 plant@medikaplant.org

Navigasyon

Misyon/Vizyon
Bibliyotèk
HoÏs
Kontak
Politik Kon6dansyalite

Lyen rapid

DEKOUVRI PLANT YO
BYENFÈ PLANT YO
ZÈV LIMYÈ
CHARIT
EDE FÈB YO

Media sosyal

 Medikaplant
 Medikaplant
 Vye ewol
 @medikaplant

Copyright Medikaplant - Powered by Ekzeet 

Vous aimerez peut-être aussi