Vous êtes sur la page 1sur 9

i

ENTWODIKSYON JENERAL NAN DWA

Stanley Rene

Mai 2021
ii

Plan

1. Definisyon dwa
2. Re g dwa yo
3. Branch dwa a
4. Ki kote nou jwenn dwa a
5. Rapò dwa a avèk lòt disiplin
6. Òganizasyon tribinal yo an Ayiti
iii

Imajine yon moman, kote tout moun nan yon sosyete ta deside viv selon pwòp règ pa
yo, pou yo chwazi viv jan yo vle e konsa san limit. Se t ap anachi total kapital ! Pa gen moun
ki t ap ka viv anpè, moun pa t ap ka viv byen nan sosyete sa a, menm si moun yo t ap lib pou
yo fè sa yo vle. Se poutèt sa, nan sosyete a, sitou nan yon sosyete demokratik, yo mete yon seri
règ pou moun respekte, san règ sa yo lavi nan sosyete a t ap enposib. Se nan sans sa a yo di
Ubi societas, ibi jus. Fraz sa a ki ekri nan lang laten an, li vle di pa gen yon sosyete oubyen pa
gen yon peyi sou planèt tè a ki pa gen lwa pou moun swiv. Se de lwa sa yo nou pral pale pi ba
a, sa vle di règ dwa yo.

1 DEFINISYON DWA A.

Mo dwa a genyen plizyè fason ou kapab defini l. Gen plizyè diksyonè oswa spesyalis
ki defini l yon jan. Men n ap itlize twa fason yo konprann li nan sans jiridik mo a :

1.1 Nan sans objektif


Se yon ansanm oubyen yon seri règ obligatwa ki nan sosyete a ki detèmine fason moun
kapab viv ansanm, yon fason pou yo gen amoni, pou yo gen tèt ansanm ant yo menm. Nou
kapab di li fèt nan yon enterè jeneral, pou tout moun san distenksyon. Règ sa yo, oubyen « règ
dwa yo » se lèzòm ki fè yo pou tout moun ki ap viv nan yon menm kominote e ki anba
direksyon yon sèl gouvènman. Se nan sans sa a, nou kapab di gen : Dwa ayisyen, Dwa fransè,
Dwa kanadyen…

1.2 Nan sans sibjektif


Nan sans sibjektif la, li vle di yon pouvwa, yon privilèj, yon dwa yon moun genyen,
pou li egzije yon bagay nan men yon moun, oswa se yon dwa li genyen pou l pwofite de yon
bagay. Dwa sa a se règ dwa objektif la ki pèmèt li.

Lè li pran nesans apati de yon règ dwa objektif la, lè sa a nou di li limite. Pa egzanp,
lalwa bay yon moun dwa pou li vote nan yon kondisyon ki byen detèmine. Oubyen tou li kapab
fèt apati de relasyon moun ak moun, lè sa nou di li san limit. Kòm egzanp, ou ka deside prete
yon moun lajan lè ou vle, kantite fwa ou vle, prete kantite kòb ou vle. Donk, se yon dwa ki
konsène moun an patikilye, ki fèt nan enterè yo.

1.3 Nan sans syantifik


Dènye pati a gen ladann tout sa ki gen rapò ak etid dwa an jeneral. Se nan sans sa yo di
syans jiridik, liv dwa, etidyan fakilte dwa, pwofesè dwa.
iv

2 RÈG DWA YO

Jan nou sot wè sa, dwa a bay yon seri règ ki pou dikte konpòtman yon moun dwe genyen
nan yon sosyete. Pa egzanp, lalwa mande pou peye enpo, pou fè kat idantifikasyon nasyonal,
si w ap marye gen yon seri pwosedi pou w respekte. Men règ sa yo, ki itilite yo ? ki enterè yo
genyen, ak ki karakteristik yo ?

2.1 Enterè règ dwa yo

• Yo reprezante pwogram politik ki gen pou sosyete a, sa yon dirijan panse k’ap fè
sosyete a mache. Se poutèt sa, nan okazyon eleksyon yo, pèp la deside vote yon moun
li panse k ap ka vote lwa ki ale nan enterè l.
• Yo pèmèt tou moun nan sosyete a respekte kèk prensip. Pou tout moun antann yo
nan sosyete a, yo pa sèlman sèvi ak règ dwa yo, gen règ moral yo, règ politès yo oubyen
règ relijyon yo. Menmsi règ sa yo pa gen yon valè jiridik, sa pa vle di moun pa respekte
yo. Gende fwa menm, moun k ap fè lwa yo konn deside mete yon règ moral oubyen
yon règ relijyon nan lwa peyi yo. (egz. : Lalwa kondane avòtman nan kèk peyi).
• Règ dwa yo itil tou pou sosyete a anpè. Tout sosyete pou li byen fonksyone bezwen
règ ak prensip. Kòm egzanp, si yo pat prevwa sanksyon lè yon moun touye yon lòt, tout
moun t ap touye san rete.
• Yo endispansab nan aktivite ekonomik la, pou fasilite rapò ant moun k ap vann ak
moun k ap achte. Dwa a defini yon kad nan lavi ekonomik ak sosyal la pou pèmèt yo
soutni aktè ekonomik ak sosyal yo, ak pou pwoteje pi fèb yo (konsomatè, salarye, ti
antrepriz).
• Yo sèvi pou pèmèt sosyete a rantre pi byen nan modènite a. Etandone sosyete a ap
evolye, dwa a sipoze evolye ansanm avèk li tou. Kidonk, dwe genyen nouvo lwa k ap
nesesè pou kouvri yon seri chanjman ki fèt nan sosyete a (egz. : fè tranzaksyon lajan pa
mwayen entènèt). Yon lòt bò, se dwa a ki konn pwovoke kèk chanjman tou (egz. : dire
tan travay, egalite fanm-gason nan administrasyon piblik la).

2.2 Karakteristik règ dwa yo

• Règ dwa yo jeneral. Sa vle di li aplikab pou tout moun ki fè pati sosyete a ki nan yon
menm sitiyasyon (egz. : Tout chofè k ap kondwi sou wout nasyonal la pa dwe kouri
jiska 90 km/h).
• Règ dwa yo gen yon karaktè fiktif. Lejislatè a itilize yon seri ekspresyon enpèsonèl
pou li fè lwa yo tankou : « moun ki va », « chak moun », « pèsonn », « pa gen moun ki
ka »1…

1
Nan lang fransè a, yo konn abitye di : « quiconque », « nul ne peut », « chacun », « toute personne ».
v

• Règ dwa yo obligatwa. Sa vle di règ dwa yo se règ ki otoritè, ki enpoze l sou tout moun
ki nan sosyete a. Men, gen lwa ki pi enpozan ke lòt.2 Epi, se leta menm ki fè règ sa yo.3
Men pou leta fè yo respekte règ sa yo nan sosyete a, li itilize sanksyon ki kapab sivil
(egz. : egzekisyon yon obligasyon, peye domaj ak enterè) oubyen penal (egz. : mete w
nan prizon pou tout vi w, peye amann).

3 BRANCH DWA A

Dwa a rantre nan anpil domèn ki konsène lavi sosyete a. Se sak fè, nou jwenn plizyè
kategori règ anndan sosyete a. Genyen ki konsène lavi nasyonal la, genyen ki angaje yon peyi
sou plan entènasyonal. Donk, yon bò nou fè diferans ant dwa nasyonal la (ki pou yon peyi an
patikilye) ak dwa ki piwo pase dwa nasyonal la (ki konsène plizyè peyi). Yon lòt bò, dwa
nasyonal la ak dwa ki piwo pase dwa nasyonal la, yo menm you gen plizyè divizyon anndan
yo, sitou ant dwa ki piblik (ki defann enterè yon sosyete), ansanm ak dwa ki prive (ki defann
enterè moun an patikilye).

3.1 Dwa nasyonal la.

Li divize an de, nou jwenn dwa nasyonal prive ak dwa nasyonal piblik.

3.1.1 Dwa nasyonal piblik ki regle rapò ant leta ak moun ki nan sosyete a, ladann nou jwenn :
• dwa konstitisyonèl (ki jere relasyon ant moun k ap dirije yo ak moun ki nan
sosyete a) ;
• dwa administratif (se yon seri règ ki regle fonksyònman enstitisyon piblik yo,
nan rapò yo ak kolektivite teritoryal yo, ak rapò yo ak moun k ap travay nan
enstitisyon sa yo) ;
• dwa finansye (rapò ant moun k ap peye enpo/taks ansanm ak leta) ;
• dwa piblik ekonomik (rapò ant antrepriz ak leta).
• dwa penal (li la pou sanksyone enfraksyon yo)

3.1.2 Dwa nasyonal prive regle rapò ant moun ak moun. Li defann enterè patikilye yo, nou
jwenn :
• dwa sivil ki regle kesyon moun, byen yo genyen, ak sa ki rapò ak lafanmi,
ansanm ak kesyon kontra.
• dwa sosyal enterese relasyon ki ant patron yo ak moun k ap travay pou yo, ak
pwoteksyon yo dwe bay moun k ap travay yo.
• dwa komèsyal regle kesyon moun ki komèsan.

2
Gen lwa ki la pou proteje sosyete a, tankou lwa ki entèdi moun touye moun ki gen sanksyon pou yo, lwa sa yo
enpozan. Men, gen lwa tou menmsi ou dezobeyi yo pa gen okenn sanksyon pou yo. Yo pèmèt sa sitou nan
kesyon kontra, se moun yo ki deside fè sa yo vle depi li pa kontrekare yon lwa ki enpozan.
3
N ap retire koutim ak tradisyon ladann.
vi

3.2 Dwa ki piwo pase dwa nasyonal la.

Ladan nou jwenn règ dwa entènasyonal yo (prive ak piblik) ak dwa peyi
ewopeyen yo.

3.2.1 Dwa entènasyonal piblik ki regle relasyon ant de oubyen plizyè peyi, ansanm ak rapò
peyi yo genyen ak òganizasyon entènasyonal yo (egz. : Ayiti siyen yon akò ansanm ak
peyi kiba).

3.2.2 Dwa entènasyonal prive ki òganize relasyon ant moun oubyen enstitisyon plizyè peyi
diferan (egz. : yon ayisyen marye ak yon brezilyèn).

4 KOTE NOU JWENN RÈG DWA YO

Sosyete a sèvi ak règ dwa yo pou yo pou mete amoni nan mitan moun k ap viv ladann.
Men règ dwa sa yo, ki kote nou kapab jwenn yo ? Gen plizyè kote nou kapab jwenn yo, toudabò
nan lejislasyon peyi a, ki gen ladann koutim yo (règ ki pa ekri yo) ak nan règ ki ekri yo tankou :
lalwa ansanm ak prensip jeneral dwa yo (sou fòm pwovèb). Answit, nou jwenn règ dwa yo nan
entèpretasyon jij oubyen spesyalis nan domèn dwa bay. Pou pèmèt nou byen wè sa, gen yon
fason yo klase yo swivan enpòtans yo :

• Konstitisyon an : rezon ki fè li an premye se paske se li ki pi enpòtan pase tout


lòt règ jiridik ki egziste nan sosyete a. Li la pou òganize pouvwa politik la,
detèmine ki nati leta (ki kapab federal, rejyonal, oubyen initè), ki fòm
gouvènman an (repibliken, demokratik, monachik), ki fòm rejim politik la
(palemantè oubyen prezidansyèl).
• Règ dwa entènasyonal yo : se yon ansanm kontra yon peyi siyen avek yon lòt
peyi, oubyen yon enstitisyon entènasyonal. Depi leta peyi a fin siyen l epi li
ratifye l, li fè pati lwa peyi a.
• Lwa yo : se palman an (sena a ak chanm depite a) ki vote lwa yo jan
Konstitisyon an mande pou fè sa. Fòk nou di tou, inisyativ pou fè lwa yo, se pou
ni gouvènman an (pwojè lwa), ak palman an (pwopozisyon lwa).
• Règleman yo : se otorite administratif yo ki pran l, tankou chèf leta a, premye
minis la, ak majistra kominal yo sou dekrè ak arete. Arè se pou majistra komin
yo.
• Jirispridans : se yon seri dezisyon tribinal yo bay nan menm sans sou yon pwen
detèmine, lè lwa yo parèt flou oubyen trò jeneral.
• Prensip jeneral dwa yo : se yon prensip obligatwa men ki pa fòseman ekri nan
yon tèks jiridik. Yo souvan jwenn yo sou fòm provèb tankou : prensip
prezonpsyon inosans, dout la pwofitab pou akize a, respè dwa yon moun genyen
pou l defann tèt li, egalite sitwayen yo devan lajistis, pacta sunt sevanda…
• Koutim : se yon seri pratik, abitid ki la depi lontan, se grasa atitid moun ki nan
yon menm kominote ki aksepte se fason sa a yo abitye ap sèvi, ki fè li vin yon
vii

règ dwa depi li pa kontrè ak lalwa, byenke se pa leta ki bay li. Se yon règ ki pa
ekri men tout moun aksepte l. Li gen rapò ak tradisyon oswa kilti.
• Doktrin : se yon fason yon moun ki se yon spesyalis nan domèn konprann yon
sijè sou dwa. Ou jwenn li nan yon seri atik yo pibliye, liv, tèz, memwa…

5 RAPÒ DWA A AVÈK LÒT DISIPLIN

• Dwa ak Lamoral : Lamoral prèske menm jan ak dwa a, se yon seri règ ki nan
sosyete a ki dikte ki konpòtman lèzòm dwe genyen pou tout moun kapab viv
byen ansanm, li defini ki sa ki byen ak sa ki mal. Lè w ap byen gade pifò règ
moral yo tankou respekte lavi lòt moun, respekte afè moun, yo nan dwa a tou,
pa egzanp lè lalwa entèdi moun touye moun, ak vòlè afè moun. Nan yon sans,
nou kapab di moral la bay moun k ap fè lwa yo enspirasyon.
• Dwa ak Sosyoloji : sosyoloji se yon etid syantifik ki fèt sou sa k ap pase nan
sosyete a, pou chèche konprann yo ak esplike yo, tandiske dwa a di ki
konpòtman moun nan sosyete a dwe genyen. Men yo pa twò diferan nan yon
sans paske se rapò ant lèzom ki entèrese yo.
• Dwa ak Listwa : sa ki pase nan yon sosyete pote anpil kontribisyon nan règ k
ap fèt pou amelyore lavi moun. Se sak fè, lalwa dwe koresponn egzakteman ak
sa sosyete a bezwen. Men malerezman, dwa a konn pa swiv evolisyon sosyete
a, sa ki esplike kèk lwa ki pa koresponn ankò ak sa moun yo bezwen. N ap vit
konprann ke listwa evolye pi rapid ke dwa a.
• Dwa ak lamedsin : gen yon seri prensip ki genyen nan dwa sivil ak nan dwa
penal tankou volonte yon moun genyen pou li fè yon aksyon, dwa a poukont pa
l konn pa kapab detèmine sa, donk l ap bezwen ekspètiz lamedsin nan sans sa
a.

6 ÒGANIZASYON TRIBINAL YO AN AYITI

Gen anpil lwa ki pran pou regle zafè tribinal yo an ayiti, ki di ki konpetans yo genyen,
prensip ki dirije yo ak fonksyon yo. Pami yo nou kapab site dekrè 22 dawout 1995 lan. Konsa,
pou peyi dayiti bay jistis li sèvi ak jiridiksyon jidisyè yo (tribinal sivil ak tribinal penal yo) ak
jiridiksyon administratif la.

6.1 Jiridiksyon jidisyè yo :

• tribinal kote yo ka jije yon kategori de moun (tribinal pou komèsan, tribinal
pou timoun, tribinal ki regle koze tè, tribinal pou zafè travay, tribinal pou jije
militè ak tribinal ki jije gwo fonksyonè leta yo) ;
• tribinal pou tout moun apa moun lalwa di yo paka jije nan jiridiksyon sivil
(tribinal de pè, tribinal premye enstans oubyen tribinal sivil, tribinal kote yo
rejije yon afè oubyen kou dapèl) ;
viii

• Tribinal penal yo (tribinal ki jije krim, tribinal ki jije yon deli, tribinal ki jije
yon kontravansyon) ;
• Lakou kasasyon oubyen tribinal siprèm lan.

6.2 Jiridiksyon administratif yo :

• Konsèy elektoral pèmanan ;


• Kou siperyè kont ak kontestasyon administratif
ix

Liv nou sèvi ak yo

Cours de droit civil, Me. François LATORTUE, 3e édition

100 Fiches pour comprendre le droit, 6e édition

La démocratie pour tous, Street Law Inc.

Lexique des termes juridiques, 25e édition

Droit civil, Me Raymond JEAN-BAPTISTE

Stanley Rene est étudiant en droit à la Faculté des sciences juridiques de l’Université Saint-François
d’Assise d’Haïti. Il est actuellement mémorand en vue d’obtenir le grade de licencié en droit.
stanleyrene09@gmail.com

Attention ! Ce document n’est en aucun cas un support de cours. Il n’est

qu’une compilation de notes gracieusement mises à disposition par des

étudiants ayant réussi l’examen relatif à cette matière.

Œuvre libre de droit, uniquement pour un usage personnel et non à des fins commerciales.

Vous aimerez peut-être aussi