Vous êtes sur la page 1sur 3

Kisa Mak bèt la ye

Apocalypse, 14:9 -12 Et un autre, un troisième ange les suivit, en disant d`une voix forte: Si quelqu`un
adore la bête et son image, et reçoit une marque sur son front ou sur sa main,il boira, lui aussi, du vin
de la fureur de Dieu, versé sans mélange dans la coupe de sa colère, et il sera tourmenté dans le feu et
le soufre, devant les saints anges et devant l`agneau. Et la fumée de leur tourment monte aux siècles
des siècles; et ils n`ont de repos ni jour ni nuit, ceux qui adorent la bête et son image, et quiconque
reçoit la marque de son nom. C`est ici la persévérance des saints, qui gardent les commandements de
Dieu et la foi de Jésus.

(Sujè enpòtan,prete atansyon)

Anpil moun toujou di yo pap pran mak Bèt la,poutan majorite nan yo inyore kisa reyèlman ki mak
Bèt la? Kijan yon moun pral fè rejte mak Bèt la,si an reyalite li pa konnen kisa mak Bèt la ye? Satan fè
anpil moun kwè ke mak Bèt la se yon puce elektronik ke yap gen pou enplante anba po yo, gen lòt
moun ki panse se yon kòd 666 ke yap mete sou fwon yo,tout sa yo se ruz satanik pou kenbe moun
nan inyorans pou yo pa al chèche konnen kisa reyèlman ki mak Bèt la. Apokalips 13 ak 14 trè klè sou
sa, ke mak bèt la se yon siy ki lye ak adorasyon. Apokalips 13: 8 di ke tout abitan sou latè ki pat gen
nom yo ekri nan liv lavi a pral adore Bèt la, nan vèsè 16 la,li di ke imaj
Bèt la ki se protestantis aposta pral fè tout moun resevwa mak Bèt la sou fwon yo ak nan men yo,e nan
Apokalips 14: 9 a 11, 3èm Anj lan di si yon moun adore Bèt la ak tout imaj Bèt la,e sil resevwa mak bèt
la,lap gen poul bwè koup diven kòlè bonDye a e li pral boule nan letan dife ak souf lan . Donk,zanmim
yo,fòk nou entèlijan, pa gen dout sou sa,mak bèt la se yon siy d'adorasyon li ye. Dènye gran konfli ki
pral gen nan mond lan trè byento a,li pral chita sou adorasyon. Adorasyon vrè Dye a ak adorasyon Bèt
la. Mond lan pral divize an 2 kan ,pral gen 2 group adoratѐ։ Adoratѐ vrѐ Dye a ak adoratѐ Bѐt la. Moun
ki pral adore vrѐ Dye a yap resevwa so pa bonDye a ki twouvel nan 4èm kòmandman ki nan lwa li
a(Apokalips 7։ 1-3),epi moun ki pral adore Bèt la,yap resevwa mak bèt la ki an opozisyon ak So BonDye
a ki se fo sistѐm de jou adorasyon LaPAPOTE a ki se “DIMANCH”.

KISA BÈT 7 TЀT 10 KÒN NAN SENBOLIZE?

Pou nou kapab dekouvri sa ki mak Bèt la,premye bagay nou supoze fè se chèche konnen kisa Bèt la
reprezante oubyen senbolize? Depi nou fin konnen sa Bèt la senbolize lap fasil poun idantifye mak
otorite Bèt la. Nan profesi,yon Bèt se senbòl de yon Wayòm oubyen yon pwisans politik ou
relijye(Daniel 7: 17, 23). Bèt 7 tèt 10 kòn nan Apokalips 13: 1 a se yon senbòl de LaWòm Papal(Nou ka di
Lawòm Papal oubyen lawòm kretyèn) ou ankò La Papote,poum pi klè toujou Bèt la se yon senbòl ke Bib
la utilize poul fè referans ak Sistèm kap dirije gran Babilòn nan ki se (Legliz katolik Womèn). Sistèm sa a
genyen nan tèt li kòm chèf suprèm yon Pape. Labib utilize plizyè langaj kòde poul pale de sistèm sa a.
Nan Daniel 7 : 8, 21 li relel (Tikòn nan ) ,nan Apokalips 13: 1 li rele l (Bèt 7 tèt
10 kòn ki sòti nan lanmè a) ,Nan 2 Thessaloniciens 2,Apot Paul relel ( mystère de l'iniquité,fils de la
perdition,l'homme de Péché). Sistèm sa a se yon sistèm aposta ki opoze ak gouvènman bonDye
a,malgre li kache anba kouvèti la relijyon poul realize plan li yo,men bib la fè konnen ke li se yon sistèm
antikretyen,e refòmatè pwotestan yo pandan peryòd mwaneyaj la te idantifye sistèm sa a kòm Antikris
ki te gen pou chita nan tanp bonDye a e deklare tèt li Dye sou tè a. Tout sa profesi Daniel ak Apokalips
yo te anonse konsènan sistèm sa a tout te realize pandan peryòd 1260 ane sipremasi li a(538 a 1798).
Li te modifye lwa bonDye a kote ke li elimine 2èm ak 4èm kòmandman an,li te tante chanje tan
profetik yo,kote kel te devye sinyifikasyon profesi ki te konsènel yo,li te voye yo nan le futur,li te touye
près de 50 milyon kretyen,e li te pwononse yon pakèt pawòl awogan ak blasfèm kont otorite ak
souverènte bonDye(Daniel 7: 25 ; Apokalips 13: 5-7). E nan fen peryòd 1260 ane profetik yo,jan ke
profesi Apokalips 13: 3 te anonse l la,sistèm sa a ta pral resevwa yon blesi mòtèl,an 1798, jeneral
Berthier ta pral rantre a Wòm epi arete Pape Pie 6 mennenl nan prizon an Frans,e li ta pral mouri an
1799,se blesi mòtèl sa a ki ta pral mete yon fen ak sipremasi La papote a.

KISA MAK BÈT LA YE?

Pwiske nou fin konnen kisa Bèt la ye,kounya nou pral chèche konnen kisa Bèt la oubyen sistèm Papal
katolik women an di konsènan sa ki mak otorite eklezyastik li. Nan Daniel 7: 25,profèt la te predi ke
Tikòn nan ki se La Papote oubyen Sistèm Papal katolik Women an tap gen poul tante chanje Lwa orijinèl
bonDye a. Lwa sa a,se lwa moral ki gen 10 kòmandman yo,e 4èm kòmandman nan lwa sa a ki pale de
Saba 7èm jou a,Sistèm katolik women an ta pral chanjel
e li ta pral ranplasel pa Dimanch ki se premye jou semèn nan. E aprè yo te fin oze yo fè chanjman sa,yo
te fè plizyè deklarasyon konsènan chanjman sa a pou yo fè konnen ke se ak pwòp otorite eklezyastik
yo ke yo te fè sa a. E ke obsèvasyon Dimanch kòm jou repo a se mak otorite yo ke li ye. Se konsa
profesi ki te anonse nan Daniel 7: 25 lan ta pral jwenn akonplisman li,Bèt la ta pral pwomulge pwòp lwa
pa li epi chanje 4èm kòmandman an ki konsène òbsèvasyon saba 7èm jou a an Dimanch ki se premye
jou semèn nan,kòmandman ki gen so bonDye a li ta pral retirel epi enpoze mak otorite pal. Se konsa
Dimanch ta pral devni mak otorite Bèt la ki se(Sistèm Papal katolik women an). Men pou jiska prezan
poko gen moun kap obsève Dimanch kòm jou repo ki pran mak sa a,Pouki rezon ? Se paske
obsèvasyon jou Dimanch lan,kòm jou repo poko rantre nan faz profetik li,kilè sa ap gen pou fèt? Sa ap
fèt lòske legliz pwotestan Etazuni yo uni ak pouvwa sivil lan,kap vin fòme sa ke Apokalips 13 : 14-15
rele imaj Bèt la pral vote yon loi dimanch(Apokalips 13: 16) ,pou yo egzije tout moun pou yo obsève
Dimanch kòm jou repo pou yo kapab adore Bèt la(Sistèm Papal katolik women an) ,e tout moun ki pral
refuze soumèt yo ak lwa sa a pou yo obsève Dimanch kòm jou repo yap entèdi yo achte ak
vann(Apokalips 13: 17) e yo pral pèsekute yo,sezi byen yo,arete yo,e menm touye anpil ladan
yo(Apokalips 13: 15). Lè sa a tout moun,ki va konnen verite a men ki pral malgre tou chwazi
volontèman pèsiste nan obsèvasyon Dimanch kòm jou repo,yo va resevwa mak Bèt la,e kòm konsekans
yap gen pou bwè koup diven kòlè bonDye a ki pral vèse san melanj sou tout moun ki va pran mak bèt
la e ki va adore bèt la ak tout imaj li a.
Ke bonDye beni nou e ede nou a byen konprann etud sa a ,yon fason poun konn ki chwa nou supoze fè
lè moman test la va rive.

https://web.whatsapp.com 2/2

Vous aimerez peut-être aussi