Vous êtes sur la page 1sur 15

Atelier Renforcement de Capacités

Port-au-Prince - Haïti

Méthodologie de Projet
Écriture et Mise en Œuvre de Projet

Aide-Mémoire Formation Méthodologie de Projet ⎯ du 03 au 06 Mars 2022 | Page 1 of 15


QUELQUES DÉFINITIONS POUR COMMENCER
An nou mete n dakò sou sans mo yo

Metodoloji Yon demach, yon fason pou akonpli yon aksyon


Méthodologie Démarche suivie, manière de procéder.

Ékriti mwayen kominikasyon ki reprezante langaj verbal la ak enskripsyon yon seri de siy sou
diferant fòm.

Écriture moyen de communication qui représente le langage à travers l'inscription de signes


sur des supports variés.

Mizannèv yon komansman reyalizasyon oswa yon realizasyon konple

Mise en œuvre commencement de réalisation, action de mettre en œuvre.

Pwojè Yon PWOJÈ se :


• Yon ansanm aktivite ki byen konekte yon ak lot e ki byen oganize
o Ke plizyè moun mennen ansanm,
o Ki limite nan tan ak nan yon espas
o Ki mande mwayen imen, finansye ak materyèl,
o pour reponn a yon bezwen oswa pou amelyore sitiyasyon yon gwoup
moun an patikilye.

Projet Un projet, c'est


• Un ensemble cohérent et organisé d'activités
• menées collectivement,
• limitées dans le temps et l'espace
• qui nécessitent des moyens humains, financiers, matériels,
• pour répondre à un besoin ou améliorer la situation d'un groupe de
personnes données.

Nou adopte definisyon pwojè nan yon sans ki « gwo nèg » e konplè. Definisyon sa a sitou sèvi pou
pwogram developman. Men se paske nou vle trete aspè pwojè kiltirel asosyasyon nou yo nan menm nivo
ak yon pwojè developman. Si nou konprann tout eleman ki antre nan konsèp pwojè developman selon
definisyon sa a, nap alèz pou antreprann montaj yon pwojè kelkeswa enpòtans li, yon pwojè ponktyèl
(kankou yon spektak) oswa yon pwojè kout – mwayen ou lontèm (kolèk kòb pou gwoup la, ranfòse gwoup
yo, vwayaj kiltirèl elatriye).

Si nap pale de « Ekriti » ak « miz an èv » yon pwojè, nou konprann ke avan nou ekri oswa realize yon
pwojè, fòk nou kapab byen eksplike ki sa pwojè a ye, ki sa ki ladan l. Se sa nou ap wè pandan ekspoze
ak travo pratik nan ti kou sa a.

Aide-Mémoire Formation Méthodologie de Projet ⎯ du 03 au 06 Mars 2022 | Page 2 of 15


Nap komanse pale de ki sa ki antre nan yon pwojè. Gade modèl sa a ki sòti nan yon liv ki te prepare pou kèk
modèl afriken, nap wè ki sa yo rele sik yon pwojè, sa vle di ansanm gwo eleman ki antre nan ansanm aktivite ke
yo rele yon pwojè. :

Sik la komanse nan faz montaj la. Se nan faz montaj la premye pi gwo travay la chita epi se sou li tout lòt etap yo ap
atikule, ap konekte.

Nan fòmasyon sa a, nou pral rete sou faz MONTAJ pwojè a plis, men nap pale de tout etap yo an jeneral pou nou ka
rive nan egzèsis ekriti pwojè a, nap di pito ekriti dokiman pwojè a.

Nap apante de etap nan montaj la: 1) Idantifikasyon 2) Planifikasyon avan nou pran yon apèsi sou dokiman
pwojè a.

ETAP 1/ ÉTAPE 1 : Idantifye Pwojè a, teste epi presize premye ide w la. Identifier votre projet (tester et
préciser votre idée initiale). Nan etap sa a, nap pale de :
❑ Benefisyè Pwojè a ⎯ Benéficiaires autour de l’idée de projet
❑ Reyalize yon dyagnostik ak tout moun ki enplike yo ⎯ Réaliser un diagnostic participatif
❑ Defini objektif pwojè a ⎯ Définir les objectifs du projet
❑ Chwazi yon estrateji ⎯ Choisir une stratégie

An nou wè nan plis detay kijan nou pral teste epi presize premye ide pwojè nou genyen an.

Aide-Mémoire Formation Méthodologie de Projet ⎯ du 03 au 06 Mars 2022 | Page 3 of 15


Lide a fre nan tèt ou: Li bèl! L’idée est fraîche et puis ?

Ki sa ou pral fè ak ide sa a? Pataje’l ak manm asosyasyon an : eske idem nan


bon ? Eske lap jwenn soutyen (sipò), eske pwojè mwen an adapte ak konteks nou
an? Ki pwoblèm ki pou rezoud? Kijan? Ki moun ki ka asosye nan ide a?

Nan moman brase lide a:


1) Idantifye epi enplike Benefisyè ide a…
Sonje nan ka asosyon an, se manm yo yo menm ki ap toujou premye benefisyè ide a. Panse a ki yès lòt nou vize
kòm benefisyè nan kòmansman ide sa a? ENPLIKE yo nan premye refleksyon nou yo. Sonje ide a kapab genyen
benefisyè dirèk ak benefisyè endirèk. Nap gen pou devwa enplike tout benefisyè nou ka jwen ak yo nan moman
refleksyon sa a.

2) Realize yon dyagnostik ak anpil moun (diagnostic participatif)!


Pa neglije etap sa a: si yon medsen poze yon move diagnostik, lap preskri yon medikaman ki pa adapte pou ka
maladi lap oskilte a, pasyan an pap jwen bon jan swen li bezwen an!
Menm jan an, nan moman nap fè montaj yon pwojè kiltirèl oswa yon pwojè developman, si nou mal konprann
oswa mal analize bezwen yo an oswa pwoblèm nan (ou enjeux yo jan yo di an franse), solisyon nou pral propoze yo
nan kad pwojè a pap efikas.

Kisa dyagnostik la ye ?
Diagnostic ➔ Dyagnostik la se yon demach wap fè pou kolekte enfòmasyon sou yon sitiyasyon oswa yon zònavan
ou popoze amelyorasyon konkrè pou sitiyasyon an.
Nan moman dyagnostik la, menm jan sa dwe fèt tou nan moman planifikasyon pwojè a, li rekomande pou nou sèvi
nan yon "démarche participative" a vle di yon demanch ki asosye benefisyè yo ak pi fò "acteurs" ki antre nan pwojè
a. Pito ou fèl konsa pase pou pran yon "approche directive" sa vle di yo demach ki konsantre tout pouvwa desizyon
ak aksyon yo nan men kèk grenn dirijan nan asosyasyon an sèlman (pa egzanp).

Idantifye Aktè Yo
Nou déjà idantifye tout benefisyè ki ka rantre nan lide a, an nou wè kounye a ki moun ki ka « aktè » nan pwojè a

• Ki yès aktè a ye? ⎯ Yon aktè, se yon moun/endividu, yon gwoup moun, yon asosyasyon, yon enstitisyon,
oswa yon antrepriz ki kapab gen yo lyen ak pwojè a.
• Idantifye aktè yo ⎯ poze tèt ou kesyon: ki aktè posib ki ta ka enterese epi asosye ak pwojè a? Pale de yo: sa ta
gen dwa yon lòt asosyasyon katye, yon gwoupman pwodiktè, yon asosyasyon espò, lameri, oswa yon lòt
administrasyon piblik… Ann site kèk egzanp…
• Enpotans aktè yo ⎯ Yon analiz pwojè ki pa enplike tout entite ki ka aji (sa vle di vinn aktè) nan faz
idantifikasyon ide a ap prezante yon risk pou pwojè a. Risk la se ke pwojè a pap ka jwen sipò ni akò antite sa yo
(moun sa yo). Pi mal toujou, yo kapab kanpe an kwa pou fè opozisyon pou pwojè a pa pran pye.
Aide-Mémoire Formation Méthodologie de Projet ⎯ du 03 au 06 Mars 2022 | Page 4 of 15
Kontèks ide a / Le Contexte
Sonje nou nan faz dyagnostik la toujou. Sa ki enplike pou nou mande tèt nou : Ki kontèks ide pwojè a ? Kisa ki
antoure l? Ki moun ki te entèvni sou ide sa a déjà?

• Pote enterè nou sou kontèks ide a. Sa vle di sou ansanm karakteristik sosyal, ekonomik, jeografik,
enstitisyonèl ak anvironmantal ki egziste nan milieu ou vle entèvni a. Egzanp si ou vle fè yon spektak sou
yon plas oswa yon foire le 1er Mai, eske premye me a nan sezon lapli ?

• Etidye kontèks la vle di tou al chèche enfòmasyon sou pwojè ke lòt aktè te deja reyalize avan sa. Chèche
enfòmasyon epi dokimante nou sou kesyon an si nou gen mwayen fè sa.

Apre nou fini etidye kontèks nou, nan moman dyagnostik nous pral fè apel ak yon zouti yo sèvi anpil nan pwojè
developman. Zouti sa rele pyebwa pwoblèm yo. Se ak zouti sa a nou pral esaye byen dekri bezwen nou bezwen
satisfè pou asosyasyon an oswa dekri pwoblèm oswa pwoblematik sitiyasyon negatif ide pwojè a vle chanje a.

Pyebwa pwoblèm nan se yon zouti pou reflechi sou idee pwojè a nan moman idantifikasyon li.

Travay pratik : gade foto pyebwa sa a ki kankou yon radyografi, fè komantè sou li, selon jan chak patisipan wè li.

Atansyon ! Pa konfonn pwoblèm yo, kòz yo ak konsekans yo : pa mele yo!


• La conséquence est l'effet engendré par le problème. Konsekans lan se rezilta vizib pwoblèm lan mennen

• Le problème est la situation insatisfaisante à laquelle vous souhaitez remédier. Pwoblèm nan se move
sitiyasyon ou vle chanje a.

• La cause est l'origine de ce problème. Kòz la se rasin pwòblèm nan oswa problematik la. Pwoblematik la
vle di pwoblèm toujou men nan diferan aspè pi fouye.

Aide-Mémoire Formation Méthodologie de Projet ⎯ du 03 au 06 Mars 2022 | Page 5 of 15


Yon objektif se bi asosyason an vle atenn ak ide pwojè a. Se yon rezilta pou rive ladan l. Se pa yon aktivite li ye.
Objektif la se solisyon ou vle pote pou satisfè yon pati nan bezwen asosyasyon an genyen oswa rezoud yon
pwoblèm gwoup la vle korije.

Genyen 2 tip objektif nan yon pwojè:

• Objektif global: se amelyorasyon global sitiyasyon ide pwojè a vize an jeneral. Egzanp Objektif global :
"amelyore sitiyasyon pwodiksyon atis nan tèl kote"

• Objectif spécifique: se amelyorasyon konkrè ki ide pwojè a ap pèmèt atenn. Se yon rezilta presi ke nou angaje
tèt nou delivre dan yon delè byen defini, avèk tèl ou tèl mwayen. Egzanp Objektif spesifik (espesifik) : "monte
yon estidyo pwodiksyon pou atis yo anrejistre mizik yo nan 6 mwa ".

Sa ki fè diferans pou 2 tip objektif sa yo : objektif global la ap dire lontan, menm apre pwojè a fini men objektif
spesifik la dwe delivre nan tan pwojè a pral dire a.

Kalite Yon Bon Objektif : Spécifique – Mesurable – Acceptable – Réaliste – Temporel


Pou objektif yo bon, yo dwe prezante kalite sa yo (selon akrostich ‘smart’ la ki vle di entelijan nan lang angle) :

Spesifik • Spécifique ⎯ yon objektif : yon sèl ide, yon sèl aksyon.
Amelyore sitiyasyon fanm se yon objektif jeneral, aprann yo li ak ekri se yon objektif espesifik.

Mezirab • Mesurable ⎯ yon bon objektif dwe chifre, sa pèmèt fè suivi ak evalyasyon pwojè a
(300 fanm alfabetize, 1.000 moun gen aksè a dlo potab, 25 pyès enstriman pou yon lekòl mizik).

Akeptab • Acceptable ⎯ oswa aksesib. Objektif la pa dwe twò anbisye.


Ou gen dwa pa ka fè kou teyat pou tout klas yon lekòl fondamantal men si ou fikse travay ak elèv
premye pou rive twazyèm ane fondamantal pandan ane lekòl la, objektif la pi akseptab, li aksesib,
li pa depase kapasite asosyasyon an.

Reyalis • Réaliste ⎯ yon bon objektif dwe baze sou mwayen ki disponib sou plas.
Egzanp. yon objektif enstale yon estidyo pwodiksyon pou atis anrejistre mizik yo pap reyalis si nan
zòn nan pa gen elektrisite ditou.

Tanporèl • Temporel ⎯ yon bon objektif dwe gen yon delè byen fikse pou realize yon lide nan
tan pwojè a ap dire.
Egzanp, monte yon fanfa ak 25 elèv diferan klas fondamantal lekòl la nan 10 mwa ane eskolè a.

Kounye a, nou gen zouti Pyebwa pwoblèm nan, nou wè ki jan pou nou enonse de bon objektif, nou pral fè plizyè egzèsis sou
pwen sa a. Pyebwa problèm nan pral ede nou pase nan yon lòt faz. Faz dekri objektif nou.

Tou dabò kijan pou nou defini objektif espesifik nou ?

Aide-Mémoire Formation Méthodologie de Projet ⎯ du 03 au 06 Mars 2022 | Page 6 of 15


Gen plizyè chemen pou ede nou enonse objektif espesifik nou yo. Nou pral wè yon lòt zouti ki ka ede nou fè
egzèsis sa a. (Egzèsis pratik : soti nan pwoblèm pou pale de solisyon, baze ou sou tableau korespondans sa a).

Pandan nou tap fè travo pratik yo, nou te tou travay sou estrateji a san mete aksan sou li. Men an nou wè li byen
kounye a. Chwazi yon estrateji se chwazi chemen ou wè ki pi pètinan pou rive nan objektif spesifik ou a.

Estrateji a se chemen nou wè kap bi adapte a pou nou rive atenn objektif spesifik nou yo. Li dwe reponn a kèk
kesyon tankou :

• Sa ou gen pou fè a, ak ki sa epi ak kiyès nou pral fè li ? (Toujou konsidere « savoir-faire local » la ki a la pòte
gwoup la !)
• Analize avantaj ak enkonvenyan chak solisyon ou enonse sou chak pwoblèm.
• Sonje si gen inisyativ avan pa nou an ki te gen echèk, nan estrateji nou dwe wè si pa gen difikilte ki kache
anba solysyon nou anvizaje yo.

Aide-Mémoire Formation Méthodologie de Projet ⎯ du 03 au 06 Mars 2022 | Page 7 of 15


Analize avantaj ak enkonvenyan chak solisyon ou idantifye. Gade ki merit chak estrateji nou propoze yo ta genyen.
Gade sou modèl sa a, ki ekri an franse (à lire avec une analyse faite en groupe):

Analyser les avantages et inconvénients de chaque solution identifiée : Plusieurs " axes stratégiques ", ou "
chemins " sont envisageables pour des jeunes handicapés sans emploi.

Apre anpil egzèsis pou pèmèt tout moun avanse byen sou pwen enpòtan sa yo, nou ka di nou rive nan finisman faz
idantifikasyon pwojè a. Nou konnen kounye a ki bezwen nap chèche satisfè, oswa ki pwoblèm nou ta renmen
rezoud. Nou konnen ki sa nou vle fè, pou kisa nou vle fè li, pou ki yès epi ak ki yès nap realize l.

Konsa nou ka pase nan dezyèm faz travay la, ki se faz planifikasyon pwojè a.

ETAP 2/ ÉTAPE 2 : Planifikasyon Pwojè a. Nan etap sa a, nap pale de :


❑ Konstwi lojik pwojè a / Construire la Logique du Projet
❑ Prevwa tout modalite mizannèv pwojè a / Prévoir les modalités de mise en œuvre

Nan etap planifikasyon ki se pati konkrè pwojè a, nou pral idantifye aktivite ki pou realize nan pwojè a, nou pral
prevwa mwayen ak tan ki nesesè pou sa yo rele mizannèv la ; nan faz sa tou nap fè estimasyon yon bidjè
prévizyonèl pou pwojè a.

Sonje definisyon pwojè a ki te di se yon ansanm aktivite ki konekte youn ak lòt ? En franse yo te di yon ansanm
cohérent d’activités bien organisé. Ebyen òganizasyon sa a ak koerans sa a, se nan faz sa nou pral konprann li lè nou
pral monte logik (logique) pwojè a.

Lojik pwojè a rasanble objektif ki fikse yo, rezilta pou atenn yo, aktivite yo ak mwayen pou mobilize yo
nan yon suivi « cohérent » no ta di syantifik, antan nou konnen ke aktivite yo ak mwayen nesesè yo pou
reyalizasyon aktivite sa yo ap mete an plas pou reyaize yon objektif.
Tout eleman sa yo rasanble nan yon schéma yo rele tablo lojik pwojè a.

Aide-Mémoire Formation Méthodologie de Projet ⎯ du 03 au 06 Mars 2022 | Page 8 of 15


Le tableau logique
• Tablo lojik la se yon zouti ki montre nan totalite li, tout lojik andedan pwojè a. Sa vle di li montre tout
atikilasyon (sa vle di antre soti) ki genyen ant mwayen, aktivite, rezilta nap tann yo ak objektif yo.

Avantaj Tablo Lojik La


Tablo lojik la pèmèt reprezante pwojè a aklè epi li fasilite konpreyansyon rapid pwojè a. Tablo lojik la se yon sipò
pratik ki gen twa avantaj enpòtan:
• 1 – Zouti konsepsyon ⎯ ki ede konsevwa diferan eleman nan pwojè a ak tout anchenman lojik yo.
• 2 – Zouti korespondans pou echanj ak deba ⎯ ki ede tout aktè ki enplike nan pwojè a, pou yo tonbe dakò
sou diferan aspè pwojè yo asosye ladan l lan.
• 3 – Zouti referans pou suivi ak evalyasyon pwojè a ⎯ ki ede raple tout moun ki rezilta ak ki objektif pwojè
a te vize kòm reyalizasyon.

Autres éléments du tableau logique

Pou konpreansyon konplè tablo logik la nou pral wè kèk lòt eleman ak definisyon :

A. Définir les résultats attendus

• Les résultats attendus : Ce sont les améliorations et les changements produits par les activités. Ils
permettent d'atteindre l'objectif spécifique.

• Comment définir les résultats attendus… ? Les résultats attendus du projet se définissent à partir de
l’objectif spécifique et des choix stratégiques.

B. Choisir les activités à réaliser

• Les activités : Il s'agit des actions concrètes qui vont être réalisées dans le cadre du projet et qui
permettront d'atteindre les résultats attendus.

• Comment définir les activités? Les activités du projet se définissent à partir des objectifs et des résultats
attendus.

C. Déduire les moyens nécessaires

• Pour chaque activité, définissez vos besoins en matériel, en personnel et en compétences techniques. Ceci
facilitera aussi l'élaboration du tableau des dépenses (budget).

Attention : Si asosyasyon an pa genyen konpetans teknik pou detèmine mwayen nesesè oswa pou chwazi
solisyon ki adekwa yo, li dwe fè apèl compétences techniques pour déterminer les moyens nécessaires ou
pour choisir les solutions adéquates, a de spesyalis lokal, konsiltan, oswa a sèvis dekonsantre Leta mete
nan sèvis asosyasyon yo...

Aide-Mémoire Formation Méthodologie de Projet ⎯ du 03 au 06 Mars 2022 | Page 9 of 15


TABLEAU LOGIQUE DE PROJET BASÉ SUR LES OBJECTIFS

Aide-Mémoire Formation Méthodologie de Projet ⎯ du 03 au 06 Mars 2022 | Page 10 of 15


Pour que votre tableau logique soit un outil de suivi efficace et une base de travail utile à l'évaluation, trois
éléments complémentaires sont à considérer :

• les indicateurs,
• les risques et
• les conditions préalables.

L’indicateur
• Un indicateur est un moyen de mesurer de manière objective l'impact et les résultats de votre projet.

Deux types d’indicateurs


• l’indicateur peut être un chiffre : Indicateur quantitatif

• l’indicateur peut être un état : Indicateur qualitatif

Les conditions préalables


• Ce sont les conditions qui doivent être réunies avant la réalisation de votre projet : l'obtention d'un permis
de construire, d'une autorisation d'un ministère, de la signature d'un contrat de délégation avec la mairie...

• Et les risques externes ? C'est ce qui peut influencer la conduite du projet, mais qui ne dépend pas du
projet en lui-même, comme par exemple la stabilité sociale du pays, un problème climatique… Ils peuvent
constituer une menace pour le projet alors que vous n'avez aucune influence dessus.

• Une fois les risques identifiés, on peut formuler des hypothèses

Aide-Mémoire Formation Méthodologie de Projet ⎯ du 03 au 06 Mars 2022 | Page 11 of 15


Méthode de Calcul du BUDGET : Tableau de dépenses par activité

CALENDRIER D’ACTTIVITÉS : UN MODÈLE

Aide-Mémoire Formation Méthodologie de Projet ⎯ du 03 au 06 Mars 2022 | Page 12 of 15


Modèle de budget global :

• L’évaluation est un outil qui sert le projet culturel afin de comprendre et d'analyser la réalisation
ou la non réalisation des actions et vérifier si les objectifs fixés ont été atteints.
• Elle permet de réajuster et/ou de repositionner le projet culturel et ses objectifs.
• Les modalités d’évaluation (interne ou externe) et les indicateurs sont définis dans la phase
d’élaboration du projet culturel.

ÉTAPE 3 : Présenter votre projet


Le document de projet
Tout ansanm pwojè a planifye, pwojè a ase konstwi pou nou ka pase nan redije yon dokiman pwojè ak
tout konklizyon travay nou an.

Un document de projet, qu'est-ce que c'est ?


Dokiman pwojè a mete kanpe tout repons ak tout kesyon nou te poze nan faz idantifikasyon ak
planifikasyon pwojè a.

Aide-Mémoire Formation Méthodologie de Projet ⎯ du 03 au 06 Mars 2022 | Page 13 of 15


Chan daksyon kiltirèl pwojè yo kapab konsène : création, production, formation ;
❖ Artisanat d’art
❖ Arts vivants (chant, musique, théâtre …..)
❖ Arts plastiques
❖ Photographie et audiovisuel
❖ Littérature
❖ Recherche et publication dans les divers champs relatifs à la culture et l’art haïtiens.
❖ Projet à caractère purement social, à caractère social et économique ou d'un projet générateur de revenus.

• On appelle "porteur de projet" tout groupe de personnes qui se mobilise collectivement pour initier,
monter et mettre et œuvre un projet.
• Le porteur a la responsabilité technique et financière de la bonne marche du projet.
• Les membres du groupe porteur peuvent faire partie des bénéficiaires du projet

PROJET ÉCRIT : DONNER RÉPONSES AUX QUESTIONS


QUI – QUAND – COMMENT – POURQUOI – COMBIEN ?
Kèk eleman ki rantre nan dokiman pwojè a
• La présentation du ou des porteurs du projet et de son origine : QUI ? POURQUOI ? (2 pages
environ).
• Le descriptif du projet : QUOI ? Où ? QUAND ? (2 pages).
• Les moyens à mobiliser : humains, techniques, logistiques, financiers. COMMENT ? (2 pages maxi
en précisant ceux que vous avez déjà réunis).
• Le budget prévisionnel : COMBIEN ? (1 page).
• L’argumentaire (adapté) en direction du partenaire : Pourquoi soutenir votre projet ? Pourquoi lui
? Ce que vous attendez de lui et ce qu’il peut attendre de vous en contrepartie (2 pages max).
Remarque : avec le budget prévisionnel, c’est l’une des fiches les plus évolutives du dossier.
• La communication : ce que vous avez prévu de faire pour promouvoir votre projet et vos
partenaires (1 page).
• Les annexes : engagements de soutien déjà acquis, contacts en cours, articles de presse,
indications techniques complémentaires, photos, dessins…
Une fois le document de projet bien rempli, le porteur de projet (association, artiste solo ou autre), peut
passer à la recherche de financement.

Aide-Mémoire Formation Méthodologie de Projet ⎯ du 03 au 06 Mars 2022 | Page 14 of 15


Dossier de projet
• Titre
• Présentation du porteur de projet
• Contexte
• Descriptif du projet
• Objectifs général / spécifiques
• Durée / dates
• Lieu(x)
• Activités
• Résultats
• Bénéficiaires directs / indirects
• Budget
• Plan de communication
• Annexe : partenaires existants, plan et autres documents en rapport avec les
activités, etc.

Aide-Mémoire Formation Méthodologie de Projet ⎯ du 03 au 06 Mars 2022 | Page 15 of 15

Vous aimerez peut-être aussi