Vous êtes sur la page 1sur 18

Pou yon lengwistik ayisyen

Moles Paul/Francklyn Dorcé /Jean Odelin Petit Frère

Nan atik sa a, nou jete baz teyorik yon lengwistik ayisyen. Nou etidye divès pwoblematik
rechèch ki fèt nan lengwistik an Ayiti trete depi kòmansman ventyèm syèk la pou rive jodi a. Lè
nou fin gade ki plas lengwistik ayisyen kapab genyen nan lengwistik jeneral ak nan kreyolistik,
nou montre semantik pa twò prezan nan lengwistik sa a epi pi gwo deba yo fèt sitou sou kesyon
òtograf kreyòl ayisyen an. Nou bay rezon ki ta ka esplike sa.
Mo kle : Lengwistik ayisyen, lengwistik jeneral, kreyolistik, semantik.

Resumé
Dans cet article, nous jetons les bases théoriques d’une linguistique haitienne. Nous étudions
les différentes problématiques abordées au niveau de la recherche linguistique en Haïti du début
du vingtième siècle jusqu’à aujourd’hui. Après avoir situé la linguistique haïtienne par rapport à
la linguistique générale et à la créolistique, nous avons montré que la sémantique n’est pas trop
présente dans cette linguistique et que les principaux débats tournent autour de la question de
l’orthographe du créole haïtien. Nous donnons les raisons qui pourraient expliquer cela.
Mots-clés : Linguistique haïtienne, linguistique générale, créolistique, sémantique

Abstract
In this article, we lay the theoretical foundations of a Haitian linguistics. We study the different
issues addressed in linguistic research in Haiti from the beginning of the twentieth century until
today. After situating Haitian linguistics in general linguistics and creolistics, we have shown that
semantics is not too present in this linguistics and that the main debates revolve around the question
of Haitian Creole orthography. We provide the reasons that could explain this.
Keywords: Haitian linguistics, general linguistics, creolistics, semantics

Entwodiksyon

1
Lengwistik ayisyen an (LA) poko egziste sou plan teyorik1. Men, depi nan kòmansman
ventyèm syèk la, nou konstate genyen yon pratik rechèch nan lengwistik an Ayiti. Gen kèk lengwis
ayisyen2 ki reyalize kèk travay sou kreyòl ayisyen an (KA) e sou reyalite lengwistik an Ayiti an
jeneral. Pami yo, nou jwenn : Sylvain (1936) ; Faine (1937) ; Pompilus (1952, 1973, 1976, 1985);
Dejean (1977, 2006); Vernet (1980) ; Fattier (1998, 2000, 2012) ; DeGraff (2001) ak Saint-Fort
(2011), gen lòt ki ekri sou KA nan rapò li genyen ak lang fransè a sou baz enfliyans youn genyen
sou lòt. Malgre egzistans travay sa yo, selon sa nou konnen, jiskaprezan poko gen rechèch syantifik
ki fèt sou yo pou ta evalye yo, kesyone yo epi gade ki gwo deba ki genyen nan yo.

Nan atik sa a, nou vize etidye divès pwoblematik ki genyen nan nivo rechèch lengwistik an
Ayiti soti nan ventyèm syèk la pou rive jodi a. Premyèman, nou pral eseye sitiye yo nan gwo
moman ki genyen nan LA aprè nou ap defini rapò LA genyen ak lengwistik jeneral (LJ) ak
kreyolistik. Yon mannyè pou nou pi byen limite LA a, nou ap eseye gade plas li genyen nan
lengwistik an jeneral. Yon disiplin syantifik, yo defini li pou sa li fè (Mabilon-Bonfils ak Saadoun,
2007), menm si LA pa yon disiplin otonòm, objè li ak fason chèchè li yo pratike li enterese nou.
Puiske etid sans nan KA enterese nou, nou ap wè plas semantik genyen nan LA epi pou nou fini
nou ava fè kèk pwopozisyon rechèch pou pi devan nan LA.

1. Gran moman LA yo

Anvan nou bay yon lide jeneral sou gran moman LA konnen yo, li enpòtan pou nou presize lè
nou pale de LA, nou fè referans ak tout etid lengwistik ki fèt an Ayiti oubyen lòt kote sou KA e
sou lyen ki egziste ant KA ak lòt lang yo. Nan atik sa a, se sitou travay lengwis ayisyen yo ki
enterese nou. Nan lòt rechèch nou ap gen pou nou fè sou LA, nou ap gade sa lengwis etranje yo
pote tou epi gade plas yo kapab genyen nan divès moman ki travèse LA yo.
Lè nou byen gade, li pa fasil pou defini gran moman LA yo. Chèchè yo pa travay nan yon
menm kouran oubyen yon lekòl panse. Yo pa toujou abòde menm pwoblematik rechèch la. Sa bay
pwoblèm tou, lè nou vle etidye li nan chak jenerasyon. Petèt se paske LA parèt jèn. Se apati 1936,
LA egziste gras ak piblikasyon tèks Sylvain (1936) la epi pa Faine (1937) la. Nou kapab konsidere
chèchè sa yo kòm premye moun ki kòmanse ak rechèch nan LA.

1
Lè li ap egziste, nou pwopoze pou li rele « Ayisyanistik», yon fason pou byen montre diferans li genyen ak
kreyolistik.
2
Nou ap fè remake genyen kèk chèchè ki pa lengwis ki pibliye kèk travay sou KA oubyen sou reyalite lengwistik
an Ayiti.

2
Nou ap eseye divize LA an plizyè peryòd malgre sa pa fasil. Pou nou rive fè sa, nou ap chita
sou dat kèk zèv ki enpòtan anpil (ki make tan yo) ak sou kèk lòt kontribisyon kèk otè ayisyen fè.
Yon fason pou nou kapab konsidere kèk tematik rechèch ki travèse moman sa yo an jeneral, nou
regwoupe peryòd LA yo youn aprè lòt. Se nan lojik sa a, nou pwopoze klasifikasyon sa a :
1e moman LA (1936-1940)
Nou kapab site non sa yo :
a) Suzanne Comhaire-Sylvain
b) Jules Faine
2èm moman LA (1940-1980)
Nou kapab site3 :
a) Ormonde McConnell/Franck Laubach4
b) Charles Fernand Pressoir/Lélio Faublas
ch) Pradel Pompilus
3èm moman LA (1980 – pou rive jodi a)
Nou pran risk site sèlman kèk non parapò ak sa ki enterese nou nan travay la. Men nou admèt
gen non lòt chèchè ki fè travay ki gen anpil valè, nou pa site non yo la a. Pa egzanp Jean-Robert
Cadely reyalize anpil travay sou fonoloji KA. Nan lòt rechèch, n ap gade ki plas nou ta ka bay
chèchè sa yo.

a) Pierre Vernet
b) Yves Dejean
Ch) Dominique Fattier
d) Michel DeGraff
e) Robert Berrouët-Oriol
f) Hugues Saint-Fort
g) Renauld Govain
Kounye a, an nou bay yon lide sou yon seri gwo deba ki make diferan moman sa yo epi an nou
pale tou kòman chèchè nou sot site anlè a bay kontribisyon pa yo pou pèmèt deba sa yo vanse.

3
Nou ap siyale nan peryòd sa a, chèchè ameriken Paul Berry (1962, 1964) pibliye de (2) tèks enpòtan sou KA, kote
li poze pwoblèm òtograf kreyòl la tou. Pou plis detay sou sa otè a trete yo, nou envite lektè yo pou yo li tèks sa yo.
4
Puiske otè sa yo lye travay pa yo a, nou mete non yo ansanm.

3
1.1. Premye moman LA (1936-1940)

Pou kòmanse, nou ap poze ipotèz sa a: deba sou òtograf la prezan nan tout moman LA yo.
Chèchè yo trete anpil lòt tematik rechèch tou men kesyon òtograf la toujou la.
Sylvain (1936) pwopoze yon ipotèz ki enteresan sou orijin KA. Li dakò KA ak lang afriken
yo pataje kèk trè ki sanble. Li kore lide ki fè kwè KA se : « du français coulé dans le moule de la
syntaxe africaine, ou une langue ewe à vocabulaire français5 (ibid., 178). Demach Sylvain an se
pou montre ki enpòtans lang afriken an (Ewe pa egzanp) genyen nan fòmasyon KA kontrèman ak
sa yo te ap di nan epòk li a, kreyòl la ta soti senpman nan lang fransè a (Hurbon, 1975).
Aprè konsiderasyon sa yo otè a fè nan liv li a nan sa ki gen pou wè ak orijin KA, li enterese
tou ak kesyon òtograf KA, nan epòk li a yo te di ki se yon òtograf etimolojik epi ki fèt apati pa
fransè a kote yo te ap dekri KA a anba règ òtograf fransè a (Hilaire, 1993/2002). Sylvain (1936)
pwopoze yon ansanm siy grafik yo ta dwe itilize pou yo ekri KA. Nou ka konstate kèk fonèm ki
koube anba règ alfabè fonetik entènasyonal (API) la se : ã, ñ, g, f, i, k, l, õ… malerezman, enterè
otè a ta swete montre parapò ak pwopozisyon li yo pa manifeste (ibid.).
Kontrèman ak Sylvain, Faine (1937) sou bò pa li, defann yon ipotèz ki diferan nan sa ki gen
pou wè ak orijin KA. Li defann lide sila a sou KA: « une langue néo romane issue de la langue
d’oïl en passant par les anciens dialectes normand, picard, angevin, poitevin, et composée en outre
de mots empruntés à l’anglais et à l’espagnol et, dans une faible mesure, à l’indien caraïbe et à
des idiomes africains.6 » (ibid., 11). Ipotèz Sylvain an rele afwojenèz, sa Faine ap defann nan pote
non ewojenèz. Nou ap devlope yo nan seksyon de (2) nan travay la.
Faine tounen ankò avèk ansyen lide nan epòk li a sou fòmasyon KA ki te fè konprann KA soti
nan lang fransè pandan li admèt prezans lang afriken yo menm si se pa anpil. Puiske pou li menm,
kreyòl la se yon lang womán, li dakò pou itilize grafi KA ki te domine nan epòk li a (Hilaire,
1993/2002).

1.2. Dezyèm moman LA (1940-1980)

5
«Se yon fransè ki soti nan sentaks lang afriken yo oubyen yon lang Ewe ki gen Vokabilè fransè.» (Tradiksyon pa
nou).
6
«Se yon nouvo lang womàn ki soti nan lang dòy la pandan li sibi enfliyans ansyen dyalèk nòman an, pika, anjven,
pwatven, li prete mo nan lang anglè ak panyòl epi li prete mo tou nan lang endyen yo te pale nan karayib la ak idyòm
afriken yo, men mo sa yo pa anpil.» (Tradiksyon pa nou).

4
Sa ki make moman sa a, se sitou kesyon òtograf la. Pifò moun yo se edikatè ak moun ki nan
domèn literati. Nan lane 1940, selon Dejean (1980), pou rive alfabetize granmoun ayisyen yo,
Ormonde McConnell, Pastè metodis Ilanndè, pwopoze yon òtograf kreyòl ki koyeran epi ki
regilye. Se te yon sistèm grafik kote yon sèl siy poukont pa li ka genyen yon son pou li sèlman
(Hilaire, 1993/2002). Kèk tan aprè, li rankontre Franck Laubach, yon edikatè ameriken, yo de (2)
a mete sou pye yon lòt vèsyon nan sistèm grafik li a ki te rele sistèm McConnell-Laubach, se li yo
te konsidere kòm premye vrè òtograf KA. Men kèk siy nou jwenn nan òtograf sila a: a, b, d, é, ê,
g, i, j, l, n, ô, p, s, t, v, y. Li te pèmèt rezoud iregilarite ki te gen avan sa nan grafi kreyòl la, ayisyen
oubyen etranje te ap ekri kreyòl jan yo vle, nan menm fraz la, menm mo a, yo konn abitye ekri li
plizyè fason (Saint Fort, 2011a).

Yo te kritike òtograf sa a anpil nan peyi a. Puiske entèlektyèl ayisyen yo toujou rete pwòch
lang fransè a, yo konsidere òtograf sa a tankou yon tantativ pou fè Ayiti vin gen kilti ameriken, sa
yo rele ‘amerikanizasyon kiltirèl’ (Dejean, 1980).

Pressoir (1947) se youn nan moun ki kont òtograf McConnell-Laubach la, li pwopoze yon
chanjman. Daprè li menm, ta sanble McConnell envante yon òtograf fonetik ki respekte prensip
lang anglè a, li mete sh nan plas ch, u pou /u/ nan plas ou, you kòm fonèm nan plas gnou” (Saint-
Fort, 2011a). Aprè inisyativ Faublas ak tout yon gwoup li te mete sou pye te pran pou yo te chita
sou òtograf sa a, Faublas prezante sistèm sa a: a, d, eu, è, g, i, i-n, k, m, o, ou, r, t, v, z, an, ch, e, é,
f, gn, in, j, l, n, on, p, s, u, y. Yo te fè anpil tan ap itilize òtograf Pressoir-Faublas la an Ayiti jiska
fen ane 1970 yo (Hilaire, 1993/2002).

Li pa fasil pou nou sitiye Pompilus. Nou kapab jwenn li nan toude dènye moman yo an menm
tan. Li kòmanse pibliye refleksyon li yo soti nan kòmansman lane 1950 yo pou rive nan lane 1980
yo. Nou mete li nan dezyèm moman an paske gen kèk chèchè nan twazyèm moman an tankou
Vernet ki suiv menm liy rechèch li te lanse yo.

Pompilus (1952, 1973, 1976, 1985) bay kontribisyon pa li pou gen bon konpreyansyon sou
fonksyonnman KA ak reyalite sosyolengwistik ayisyen an. An 1973, nan yon atik ki soti nan revi
Conjonction, li soutni lide pou yo itilize òtograf ki etimolojik la epi ki fèt sou baz fransè a (Hilaire,
1993/2002).

5
Nan lane 1973 ak 1976, li pibliye de (2) gwo zèv ki se yon etid konparativ KA ak fransè
pandan li chita sou KA. Nan toude tòm yo, li etidye aspè fonolojik, leksikal ak mòfosentaksik. Liv
sa yo te plis panche sou domèn pedagojik. Li te idantifye anpil entèferans nan fason elèv ayisyen
yo pratike fransè akoz estrikti de (2) lang yo ki diferan. Pompilus montre si ou ap anseye lokitè
kreyolofòn yo fransè pandan yo chita sou lang yo konnen deja, sa vle di lang manman yo, sa ap
bay pi bon rezilta. Yon metodoloji ansèyman fransè ki vle koresponn tout bon vre ak bezwen elèv
ayisyen dwe chita sou premye lang timoun nan pale a ki se kreyòl la. Li dwe chita sou resanblans
lang yo genyen. Li dwe fè timoun yo pran konsyans gen de (2) sistèm lengwistik ki egziste, pou
yo ka rive metrize sa ki pwòp ak chak sistèm sa yo.7

Pandan dewoulman peryòd sa a, gen anpil lòt kesyon sosyolengwistik ki gen rapò ak defans
KA an jeneral pou montre kreyòl la se lang menm jan ak tout lòt lang, itilizasyon lang lan nan
ansèyman an Ayiti, alfabetizasyon ak sa ki pou wè ak sitiyasyon sosyolengwistik peyi a
(bilengwis/diglosi) ak refòm edikatif. An 1979, te gen yon refòm edikatif ki te fèt an Ayiti avèk
Minis Edikasyon nan epòk la, Joseph C. Bernard ki te rele: “refòm Bèna a” ki te dakò pou entegre
KA nan sistèm edikatif ayisyen an. Pandan premye ane yo, kou yo ta pral fèt an kreyòl epi yo ta
pral entegre fransè a tanzantan. Refòm sa a pa te fè anpil tan, li fè gen plis deba sou òtograf kreyòl
la. Dat ki make egzistans òtograf ofisyèl kreyòl la, se 1980.

1.3. 3èm moman LA a (1980 pou rive jodi a)

Pandan 3èm moman LA, kesyon òtograf kreyòl la toujou la pandan nou ap ekri atik sa a.
Premye nimewo Kaye etid kreyòl la se yon bon prèv nan sans sa a. Men refleksyon yo an jeneral
plis ale nan sans pou defann kreyòl la,8 itilizasyon lang kreyòl la nan ansèyman an Ayiti menm jan
nou te obsève sa nan fen ane 1970 yo. Manke gen travay ki fèt sou fonksyónman lengwistik KA.
Menm si nou rekonèt gen anpil jefò ki fèt nan sans sa a. Nou ka mansyóne tèz Lainy (2010), pa
Paul (2021) an nan domèn semantik ak tèz Glaude la (2012) nan sentaks epi plizyè lòt travay
akademik ak atik chèchè etranje ak ayisyen fè ki touche fonksyónman KA.
Vernet jwe yon gwo wòl nan devlopman lengwistik la an Ayiti. An 1978, nan yon
kolaborasyon li te genyen avèk Association des Universités partiellement ou entièrement de langue

7
https://www.potomitan.info/travaux/espacecreole/paradoxaux.htm (Nou konsilte paj sa a nan dat 23 jen 2022).
8
Sa nou ta ka rele militantis lengwistik la.

6
française nan Pòtoprens (AUPELF) ki vin tounen kounye a Agence Universitaire de la
Francophonie (AUF), li kreye Sant Lengwistik Aplike, ki vin kounye a Fakilte Lengwistik Aplike
ki fòme plizyè jenerasyon lengwis. Se li ki kontinye travay Pompilus yo. Li te travay sou grafi KA
e sou fason pou yo anseye li epi li te kore lide pou genyen yon frankofoni ayisyen modèn 9
Dejean, youn nan potomitan LA, te fè pati gwo defansè lang lan. An 1977, li te pibliye yon
tèz doktora sou òtograf KA. Travay li yo ale nan objektif pou yo itilize lang kreyòl la nan ansèyman
an Ayiti. Dejean (2006) te denonse tout fay ki nan sistèm edikatif ayisyen an kote elèv yo ap aprann
nan yon lang yo pa konprann.
Kontrèman ak Dejean epi Vernet, Fattier ki popilè gras ak tèz li a li reyalize an 1998, pou nou
reprann sa li te di nan travay sa a, pwopoze yon atlas lengwistik. Se yon dokiman ki pwopoze yon
kòpis ki laj anpil sou KA ki pale kote moun pratike yon sèl lang epi li eseye fè limyè sou orijin
lang sa a gras ak kòmantè ki soti nan kòpis sila a. Li pibliye anpil travay sou fonksyónman
lengwistik KA tou.
DeGraff se yon lengwis ayisyen ki ap evolye nan Massachussets Institute of Technology
(MIT). Li fè anpil travay sou fonksyónman lengwistik KA a tankou DeGraff ak Véronique (2000),
DeGraff (2001). Kounye a, li se akademisyen, li ap defann kreyòl la menm jan ak Dejean. Li kore
lide pou ansèyman lekòl an Ayiti10 fèt nan lang kreyòl la.
Lengwis Berrouet-Oriol ak St Fort ki ap evolye aletranje, reflechi tou sou òtograf KA. Pou yo,
ta dwe genyen yon amenajman lengwistik an Ayiti yon fason pou Leta ayisyen ta fikse plas de (2)
lang ofisyèl peyi a. Travay yo ale nan sans pou gen yon bilengwis fransè/kreyòl ekilibre (Berrouet-
Oriol, 2011; Saint-Fort, 2011b). Kreyòl ak fransè ta dwe gen plas yo nan sistèm edikatif ayisyen
an. Se sa ki lakoz yo te nan polemik ak Dejean ki dakò pou ansèyman an sèlman fèt an kreyòl.
Akademi kreyòl Ayisyen (AKA), ki kreye nan dat 4 desanm 2014, te pibliye premye jen 2017
yon rezolisyon ki pwopoze yon refòm sou òtograf 1980 an. Anpil lengwis ayisyen te kritike
rezolisyon sa a. Al wè Govain (2017) epi Zèphyr (2017). Aprè desizyon rezolisyon sa a pa vrèman
gen travay ki reyalize nan nivo AKA; depi lè li kreye nou ka fè obsèvasyon sa a. Li sèlman patisipe
nan kèk aktivite ki gen rapò ak lakilti tankou selebrasyon kreyolofoni epi jounen lang manman.
Enstitisyon sa a ta dwe fè kèk pwojè sou deskripsyon KA e nan domèn tradiksyon kèk zèv
fondamantal pou sosyete ayisyen an.

9
https://fr.wikipedia.org/wiki/Pierre_Vernet (Nou konsilte paj sa a 20 Dawout 2017).
10
Zephyr enskri tèt li nan liy travay Dejean yo tou.

7
Govain se yon lòt lengwis ayisyen ki reflechi sou reyalite sosyolengwistik peyi a. Govain
(2017) bay kontribisyon pa li, menm jan ak Zéphyr (2017) epi DeGraff11 nan deba ki gen sou
òtograf KA. Aprè AKA te fin pibliye rezolisyon sou òtograf KA an 2017 ki te pwopoze grafèm sa
yo : a, an, b, ch, d, e, è, en, f, g, h, i, j, k, l, m, n, ng, o, ò, on, ou, oun, p, r, s, t, ui, v, w, y, z, Govain
te gen kèk kritik sou sa. Li montre òtograf la manke nouvote. Li montre te dwe gen afrike sa yo:
« [tʃ] ak [tȝ] ». Kontrèman ak AKA ki konsidere [tʃ] ak [tȝ] se yon konpozisyon /t/ + /ʃ/ et /d/ + /ʒ/,
pou Govain afrike yo egziste nan sistèm fonolojik KA, yo se rezilta enfliyans sibstratik lang afriken
an. Nou jwenn yo anpil nan vokabilè vodou a: /baʤi/ ‘badji’ ‘magie’ /sobaʤi/ ‘sobadji ak nan
kreyòl bazilektal la : /ʧoka/ /malʤɔk/, pou site sa yo sèlman. Epi li pa wè rezon pou gen grafèm
“oun” nan, li konsidere li tankou yon varyant estilistik, li dakò ak Zéphyr nan kèk kritik li fè yo.
Pou AKA, pa gen aksantegi nan sistèm grafik KA men Govain wè aksantegi a gen plas li. Pou li
kore sa, li di menm jan nou itilize aksan grav pou nou ka jwenn [a] + [n], se menm jan an gen yon
seri ki nesesite aksantegi a pou diferansye [e] + [n] de /ɛ/̃ ; [o] + [n] de /ɔ/̃ . An nou pran egzanp
tankou [senyè] bay /sɛỹ ɛ/ men pou li fè /seyɛ/ li enpòtan pou nou itilize aksan an [sényè].

2. LA ak Lengwistik jeneral

Maingueneau (2009:23) fè konnen: « Traditionnellement, la recherche linguistique se divise en


deux grandes branches : la linguistique générale et la linguistique descriptive. La linguistique
générale étudie les propriétés invariables des langues et la manière dont elles évoluent,
indépendamment de telle ou telle langue particulière.12 » Tandiske lengwistik deskriptif la menm
etidye pwopriyete chak lang apa (KA se yon egzanp) oubyen yon gwoup lang (Maingueneau,
2009).

Pou reprann sa Maingueneau di yo (2009:29) :

« La linguistique générale et la linguistique descriptive sont les deux faces d’une même recherche. On
ne peut étudier le langage qu’en considérant comment sont faites les langues particulières ;

11
Sou kesyon òtograf KA, DeGraff gen kèk rezèv sou kritik Govain yo, li esprime yo sou rezo sosyal yo men li poko
pibliye atik sou sa.
12
«Tradisyonèlman, rechèch lengwistik la gen de (2) gran pati: lengwistik jeneral ak lengwistik deskriptif. Lengwistik
jeneral la etidye pwopriyete ki pa ka varye nan lang yo ak fason chak lang yo evolye an jeneral san li pa konsidere yo
chak poukont yo.» (Tradiksyon pa nou)

8
réciproquement, on ne peut étudier les langues particulières que si on fait appel aux catégories des
langues dégagées par la linguistique générale.13 »
Konsa, LA ta dwe enterese plis ak deskripsyon KA pou li konprann kòman li fonksyone, aplike
gran prensip lengwistik yo pou analize KA. Kilè nou nan yon apwòch syantifik ak yon apwòch
nòmatif ? Eske gen yon kreyòl estanda oubyen yon kreyòl popilè ki egziste? Ki rapò ki ta ka
genyen ant yon kreyòl ekri ak yon kreyòl pale ? Ki limyè etid senkwonik ak dyakwonik done
kreyòl yo ta ka pote sou fonksyónman lang an jeneral ? Jis kilè yon LA ava egziste ? Nou remake
pito egzistans yon sosyolengwistik ayisyen puiske majorite travay yo plis panche nan chan sa a.
Li difisil pou nou pale jodi a sou fason lengwis ayisyen yo resevwa gran teyori lengwistik yo.
Soti nan gramè konpare,14 pase nan estriktiralis (Sosiryanis15), glosematik, fonksyónalis,
distribisyonalis, sikomekanik langaj, jenerativis, teyori enonsyativ, pragmatik pou rive nan
lengwistik koyitif, lengwis ayisyen yo pa vrèman konsidere divès apwòch sa yo nan rechèch yo ap
fè yo.
Yon lòt bò, nou kapab siyale deskripsyon lang kreyòl yo an jeneral pote anpil bay lengwistik.
Limyè ki fèt sou jenèz lang kreyòl yo, elaborasyon yo ak konstriksyon yo se yon sous enfòmasyon
ki rich anpil pou rive konprann langaj ak konstriksyon yon seri nouvo sistèm gramatikal. Gen anpil
travay ki fèt sou lang kreyòl yo nan lengwistik (St-Fort, 2011). Deskripsyon lang kreyòl yo kapab
pèmèt lengwis yo kesyóne yon seri gran ipotèz yo te konn ap defann sou fonksyónman lang yo.
Pa egzanp, rechèch Paul (2017c) sou polisemi nan KA montre limit kritè non-infyabilite (pa ka
gen yon sèm jeneral ant divès sans mo polisemik yo) Kleiber (2010) pwopoze pou konprann
polisemi nan lang pandan li chita sou done ki soti nan KA.

3. LA ak kreyolistik

Rechèch ki fèt sou KA yo fè pati rechèch ki fèt nan kreyolistik yo ki se branch nan lengwistik
ki etidye lang kreyòl yo. Men nan kreyolistik, kisa ki ta ka pwòp ak etid ki fèt sou KA yo ?

13
« Lengwistik jeneral ak lengwistik deskriptif se de (2) aspè nan menm rechèch la. Nou pa ka etidye langaj san nou
pa konsidere kòman chak lang fonksyone; se menm jan an tou, nou pa ka etidye chak lang poukont yo si nou pa
konsidere kategori lang lengwisitik jeneral elabore yo.» (Tradiksyon pa nou)
14
Gramè konpare a parèt nan XIXèm syèk la nan peyi Almay. Se nan li lengwistik istorik la soti nan oryantasyon li te
pran yo (Fiala, Sarfati & Paveau, 2004).
15
Se konsa Ducrot ak Schaeffer (1985) montre refleksyon Saussure yo.

9
Chèchè kreyolistik yo tankou: Valdman (1978); Bickerton (1981); Lefebvre (1986),
Chaudenson (1992); DeGraff (2002); Mufwene (2002); Damoiseau16 (2012) mete aksan sou orijin
lang kreyòl yo, evolisyon yo, fonksyónman gramatikal yo ak reyalite sosyolengwistik yo (Lainy,
2012).

Konsa, travay ki fèt sou KA ka pèmèt nou byen konprann lang kreyòl yo epi menm jan tou,
travay ki fèt sou lang kreyòl yo ka pèmèt nou pi byen konprann KA.
An nou gade kòman kreyolistik poze pwoblèm orijin lang kreyòl yo. Pou nou fè sa, nou ap
chita sou Paul (2017a) ak Paul (2021).
Genyen plizyè ipotèz ki egziste sou jenèz lang kreyòl yo. Pami yo, men twa pi gran yo:
newojenèz Bickerton (1981) ap defann, afwojenèz Lefebvre (1996) ap defann ak ewojenèz
Chaudenson (1979, 2003) ap defann.
Pou Bickerton (1981), tout fenomèn nou jwenn nan lang kreyòl yo, se rezilta biyopwogram
nan ki se kapasite moun genyen pou yo aprann lang. Selon li menm, kreyòl la ta soti nan pidjin ki
se yon fòm pale ki senp epi ki san estrikti. Pitit esklav yo kreye kreyòl la gras ak biyopwogram
nan. Bickerton defann tèz lang kreyòl yo mwens konplèks parapò ak lòt lang ki pi ansyen yo puiske
se pitit esklav ki kreye yo. Timoun sa yo pa te ka rive nan degre konpleksite nou jwenn nan lòt
lang yo parapò ak laj yo. Sistèm tan, mòd, aspè (TMA) nou jwenn nan kreyòl yo se ta prèv yo pa
te rive nan degre konpleksite sa a. Yo mwens konplèks parapò ak lòt lang ki gen yon mòfoloji
fleksyonèl pou eksprime TMA.
Lefebvre (1986) reprann tèz Sylvain (1936) te devlope a. Li pran kèk trè ki makonnen nan lang
afriken yo ak lang kreyòl yo an jeneral. Pou li elabore ipotèz li a pou esplike kote lang kreyòl yo
soti a, li itilize yon fenomèn ki rele “releksifikasyon”. Pou li menm, releksifikasyon an se yon
pwosesis koyitif ki pèmèt kreyayon nouvo leksèm pandan yo chita sou antre leksikal ki egziste
deja nan leksik la men pandan yo ap ranplase fòm fonolojik yo ak fòm derive lang sib la. Pou
Lefebvre (1998), esklav yo pa te rive metrize lang kolon an ki se fransè. Kidonk, yo pran mo ki
soti nan lang fransè a, yo òganize mo sa yo apati sistèm gramatikal lang afriken yo.
Kontrèman ak Lefebvre, Chaudenson (1992) kore lide ki ta vle fè konprann kreyòl la soti nan
lang kolon yo te pale yo, pou ka KA, se fransè, lang leksifikatris. Esklav ki te konn travay nan
jaden yo pa te pale fransè, se sa ki fè yo te kreye kreyòl la. Li klè gen anpil trè gramatikal nou

16
Nou konsidere Damoiseau tankou yon kreyolis paske li fè anpil piblikasyon sou lang kreyòl yo tankou KA ak
kreyòl matinikè a. Li travay sou konparezon lang sa yo youn ak lòt. Li konpare yo ak fransè tou.

10
jwenn nan kèk kreyòl, ta sanble se diferan varyete lang fransè a. Nan ka kreyòl fransè yo, gramè
yo ak leksik yo fòme a pati varyete fransè 17èm ak 18èm syèk.
Chaudenson (1992 :162) fè nou konnen :
« Le système verbal des créoles repose, pour l’essentiel, sur l’usage de marqueurs
antéposés au thème verbal qui est à peu près invariable ; ces marqueurs, seuls ou combinés
entre eux, permettent de donner des valeurs de temps, de mode et d’aspect […].17»
Bò kote gran ipotèz sa yo, nou jwenn lòt apwòch tankou feature pool Mufwene (2001) ak pa
Aboh (2014) sou gramè ibrid ki chita sou lide rekonbinezon trè. Gramè kreyòl yo fòme apati kèk
trè gramatikal ki soti nan lòt lang ki te prezan nan kontèks kolonyal la (lang lokal yo ak lang kolon
yo). Timoun ki ap aprann kreyòl yo rekonbine trè sa yo. Yo kenbe kèk varyant epi yo pa sèvi ak
lòt yo.
Nou wè kesyon òtograf KA ap toujou rete kesyon fondamantal LA gras ak etid lengwistik ki
fèt nan kontèks ayisyen an tandiske, an jeneral, sou plan kreyolistik deba sou òtograf la pa gen tout
enpòtans sa a. Valdman (1999) reflechi sou kesyon òtograf KA tou. Ta sanble an Ayiti, lengwis
yo pa ka fini ak deba sa a. Kisa ki ta lakoz sa ? Pandan nou ap chita sou refleksyon de (2) otè sa
yo: Foucault ak Kuhn, nou ap eseye fè limyè sou kesyon sila a.
Konesans se ansanm enfòmasyon nou rive genyen sou yon objè kèlkonk. Konesans lan chita
kò li nan yon espas ak nan yon tan. Li posib pou gen rapò ant plizyè konesans ki pwodui nan yon
epòk, Foucault (1969) kreye konsèp “épistemè” pou konprann sa. Men kijan Foucault (1969 : 260)
defini konsèp épistemè a :

« L’ensemble des relations pouvant unir, à une époque donnée, les pratiques discursives qui
donnent lieu à des figures epistémologiques, à des sciences, éventuellemnt à des systèmes
formalisés […] C’est l’ensemble des relations qu’on peut découvrir pour une époque donnée, entre
les sciences quand on les analyse au niveau des regularités discursives.18 »
Yon lòt kote li pote presizyon sa a: « Ce sont tous [l]es phénomènes de rapport entre les
sciences ou entre les différents discours dans les divers secteurs scientifiques qui constituent ce

17
« Sistèm vèbal kreyòl yo chita sitou sou fason yo itilize makè ki devan vèb ki pa vrèman ka varye yo ; makè sa yo,
poukont yo oubyen lè yo mache ak lòt, yo eksprime tan, mòd ak aspè.» (Tradiksyon pa nou)
18
« Yon seri relasyon ki kapab reyini, nan yon menm epòk, tout diskou ki debouche sou epistemoloji, syans ak
petèt lòt sistèm fòmèl […] Se tout relasyon ki genyen ant syans yo lè nou analize yo nan nivo regilarite ki genyen
nan diskou yo, pandan yon epòk.» (Tradiksyon pa nou)

11
que j’appelle épistemè d’une époque.19 » (Foucault, interview 1972 site nan Juignet, 2015). Nan
sans Foucault, tout refleksyon ki fèt sou òtograf KA soti nan lane 1936 pou rive jodi a se yon
“épistemè”.
Nan syans, depi poko gen yon antant nan kominote syantifik la sou yon pwoblèm, li nòmal pou
diskisyon yo kontinye fèt. Lè poko gen antant nan kominote syantifik la sou yon pwoblèm, Kuhn
(1962) pale de « Kriz ». Sa vle di gen yon bagay ki pa mache oswa ki poko mache. Nan moman
kriz la, chèchè yo mete yo dakò sou yon ansanm pwen; konsa yo rive adopte yon lòt modèl
refleksyon, nan sans sa a, Kuhn (1962) pale de « Paradig ».
Nan LA, divès deba ki gen sou òtograf la montre aklè gen yon malèz, se pou rezon sa a chèchè
yo oblije chèche konprann kòman yo ta rezoud pwoblèm sa a. Kidonk gen yon kriz nan sistèm
òtrograf KA. Pwoblèm nan kounye a se kesyon sa a: èske deba sou òtograf la dwe sispann fèt ?
Li pa te ap fè sans pou nou ta adopte yon pozisyon konsa. Okontrè, parapò ak konesans ki
egziste deja sou pwoblèm òtograf la, LA bezwen ‘nouvo epistemè’ nan sans Foucault ; epi lè nou
konsidere malèz li genyen ak kriz ki ap travèse li, LA bezwen “nouvo paradig” nan sans Kuhn.
Anplis, menm si chèchè yo ta rive jwenn yon antant sou pwoblèm òtograf la, li posib pou lòt
moman kriz parèt ankò, lè sa yo ap oblije chèche yon nouvo paradig. Pou Kuhn, konsèp paradig
la travèse tout istwa teyori syantifik yo. Yon paradig antre yon lòt paradig… Men nou ap siyale
refleksyon Kuhn yo poze pwoblèm nan nivo epistemolojik. Nou pa ap antre nan detay sa yo la,
pou kèk kritik sou teyori Kuhn nan, al wè Voizard (2016). Se pou rezon sa yo ap toujou gen deba
nan zafè òtograf la.
4. Plas semantik la nan LA

Semantik se branch nan lengwistik ki etidye kesyon sans. Refleksyon sou sans kòmanse depi
nan filozofi antik. Nou ka konsilte Paul (ki gen pou soti). Gen yon pakèt travay ki fèt sou sans lang
yo an jeneral. Genyen lengwis ki eseye elabore kèk teyori sou modèl estriktiralis la. Chèchè sa yo
rann yo kont lengwistik estriktiral la pa rive jwenn plas li nan domèn sans (Corneille, 1976) epi
sans rive reziste parapò ak estriktiralis la (Mounin, 2010). Lòt chèchè ki chita sou pwopozisyon
teyori enonsyasyon an ak pragmatik la kapte siyifikasyon yo apati yon seri kondisyon ki pèmèt
nou itilize langaj; sa vle di apati yon seri sitiyasyon ki konkrè epi se la echanj lengwistik yo fòme.

19
« Se tout rapò ki genyen ant syans yo oubyen ant divès diskou yo nan divès sektè nan lasyans, ki se sa m rele
epistemè yon epòk la.» (Tradiksyon pa nou)

12
Chèchè ki te sibi enfliyans apwòch lengwistik koyitif la pwopoze lòt modèl siyifikasyon epi yo
modifye aspè semantik ‘kontanporen’ an (k ap fèt jounen jodi a) (Nyckees, 1998: 241).
Malgre egzistans ak pètinans travay sa yo ki fèt sou lang lan genyen, nou konstate pa gen ase
travay ki fèt sou sans20 nan LA ak kreyolistik an jeneral. Nou ka pran kèk referans : Lainy (2010,
2012), Paul (2013, 2017b, 2021), François (2014) ak Dorcé (ki gen pou soti). Kisa ki ta lakoz
manke travay sou sans nan KA a ? An nou fè kèk konsiderasyon epistemolojik anvan nou reponn
kesyon sa a.
Pou nou itilize yon tèm ki enpòtan pou Foucault (1969), LA kòm diskou oubyen konesans
respekte yon ansanm kondisyon, ansanm paramèt oubyen reyalite sosyal ki menm rann li posib.
Nan sosyete ayisyen an, anpil lokitè toujou gen yon move imaj sou KA. Yo menm ap mande si li
se yon lang, si li pa yon defòmasyon lang fransè a, yon ansyen patwa. An reyalite, gen yon seri
lide ki egziste sou lang kreyòl yo, DeGraff (2005) rele ‘esepsyonalis lengwistik’. Govain (2021:13)
reprann yo tou. Men kèk nan yo: «
 Toutes les langues sont aptes à exprimer la science et la technique, excepté les créoles ;
 Toutes les langues sont capables de développer les discours esthétiques comme la poésie,
excepté les créoles ;
 Toutes les langues sont des outils de pensée, excepté les créoles ;
 Toutes les langues sont des systèmes compliqués, excepté les créoles ;
 Toutes les langues sont des outils de toutes sortes d’expression, excepté les créoles ;
 Toutes les langues suivent un ordre syntaxique bien défini, excepté les créoles… 21»

Govain (2021) kalifye diskou sa yo ‘idées reçues’.Otè a pote presizyon sila a : « [ces] idées
reçues exprimées à travers ces déclarations relèvent à la fois des représentations, des attitudes
des locuteurs en question et leur analyse renvoie tout aussi à la fois aux discours
épilinguistiques et métalinguistiques. »22 (Govain, ibid., 10). Nou ka ajoute diskou

20
Laroche (1975) eseye bay kèk eleman nan semantik KA ak sou Jwal kote li montre nan KA menm jan nan Jwal
gen kèk mo ki soti nan fransè oubyen nan anglè ki chanje sans pou esprime lòt reyalite. Pou sa ki konsène LA, li ta
enteresan pou refleksyon sa yo apwofondi.
21
« Tout lang kapab esprime lasyans ak tenik, sof lang kreyòl yo ; tout lang yo kapab devlope diskou estetik tankou
pwezi, sof lang kreyòl yo ; tout lang yo se zouti pou esprime panse, sof lang kreyòl yo ; tout lang se yon sistèm ki
konplike, sof lang kreyòl yo ; tout lang se tout kalte zouti espresyon, sof lang kreyòl yo ; tout lang mache selon yon
lòd sentaksik ki byen chapante, sof lang kreyòl yo… »

22
« Ide sa yo ki esprime atravè deklarasyon sa yo se reprezantasyon ak atitid lokitè ki fè yo a epi analiz yo fè
referans ak diskou epilengwistik ak metalengwistik. »

13
epilengwistik ak metalengwistik sa yo gen rapò ak kontèks kolonyal kote lang kreyòl yo soti.
Se diskou sa yo sou KA ki pwodui LA nan lide pou detwi yo, denonse yo epi pwopoze yon lòt
diskou ki syantifik, diskou moun ka plis fè konfyans. Si ta genyen yon paradig ki dominan, se
ta sa ki gen pou wè ak fè pwomosyon oubyen sa ki pran defans KA. Tout travay ki fèt yo (sou
deskripsyon oubyen sou lòt aspè) se pou montre KA a se lang menm jan ak tout lòt lang.

Konsa, lengwis ayisyen yo pa menm rive panse fè sans yon objè enpòtan nan rechèch yo.
Antouka, travay sou sans pa te ap rive chanje rapidman konsepsyon moun yo genyen sou KA.
Selon nou menm, li te ap pi bon pou travay sou grafi lang lan pito pou montre yo ka ekri kreyòl la
tou menm jan ak tout lòt lang sou latè.

Se vre deba sou òtograf la dwe kontinye fèt jiskaske lengwis yo jwenn yon antant men li pa
dwe sèl objè rechèch yo. An reyalite, anpil aspè merite trete nan nivo teyorik nan KA si nou vle
genyen yon LA tout bon.

5. Kèk pwopozisyon pou LA

Aprè gwo bilan oubyen konsta sa nou sot fè sou rechèch lengwistik an Ayiti, nou sèten jodi a,
LA manke ouvri chan etid li. Se vre, jodi a deba yo plis chita sou òtograf KA a men pi devan, LA
ta kapab:

a) Fè yon seri travay sou deskripsyon nan domèn semantik, sentaks, mòfoloji, fonoloji ak
leksikoloji ;
b) Fè etid nan domèn semantik, ale pi lwen pase kesyon enonsyasyon Lainy (2010) te
kòmanse a, etidye konstriksyon sans mo, sans fraz, tèks ak diskou;
ch) Pwodui konesans nan nivo semantik fòmèl ak pragmatik pandan li ap konsidere kèk
nan refleksyon filozòf langaj yo ;
d) Pi byen defini tèt li parapò ak travay sosyolengwistik yo. Konsa, li te ap konnen ki wòl
li genyen reyèlman ;
e) Fè etid pou konpare KA ak lòt lang kreyòl sa yo ki gen fransè, anglè ak lòt lang pou
baz leksikal yo ;
f) Eksplwate gwo teyori lengwistik yo pou fè plis limyè sou KA, gade limit yo epi
pwopoze lòt teyori tou pandan li ap chita sou KA.

14
Konklizyon
LA dwe panse tèt li epi chèchè yo dwe panse li tou. Konsa, nan travay sa a, nou te eseye panse
LA nan nivo entèn li, kòm chèchè ki ap evolye nan LA. Nou te oblije mete santiman nou sou kote
pou nou te kapab byen defini li, sitiye diferan moman li te konnen yo epi dekri ak bay karakteristik
yo. Yon lòt bò, nou te eseye gade lyen KA ka genyen ak LJ epi kreyolistik la, plas li bay semantik
la. Nou gade rezon ki fè deba sou òtograf la toujou prezan epi poukisa pa gen ase travay ki fèt sou
sans. Konsta nou fè yo pèmèt nou rive fè yon seri pwopozisyon kòm pèspektiv rechèch. Nou espere
pote kontribisyon pa nou nan fè LA (ki se yon konesans ki rich anpil) egziste sou plan teyorik.

Referans
Aboh, H. (2014), L’émergence des grammaires créoles dans le contexte multilingue 17ème/18ème
Siècle, Kou mastè syans langaj, Ayiti, FLA/UEH.
Berrouët-Oriol, R. (Dir.) (2011), L’aménagement linguistique en Haïti : enjeux, défis et
propositions, Monreyal, Editions du CIDIHCA/Pòtoprens : Editions de l’Université d’Etat
d’Haïti.
Berry, P. (1962), Introductory exercises in Haitian Creole, Filadèlfi, American Friends Service
Committee.
Berry, P. (1964), Writing Haitian Creole: Issues and Proposals for Orthography. Hudson
Institute.
Bickerton, D. (1981), Roots of language, Kawoma, Ann Arbor.
Chaudenson, R. (1979). Les créoles français, Pari, Nathan.
Chaudenson, R. (1992), Des iles, des hommes, des langues, langues créoles-cultures créoles, Pari,
L’Harmattan.
Chaudenson, R. (2003). La créolisation : théorie, applications, implications, Pari, L’Harmattan.
Corneille, J.-P. (1976), La linguistique structurale, sa portée, ses limites, Pari, Librairie Larousse.
Damoiseau, R. (2012), Le créole haïtien et les créoles des Petites Antilles et de la Guyane. Voix
Plurielles, 9(2), 47-61.
Dejean, Y. (1977), Comment écrire le créole d’Haïti, Tèz doktora, Indyana, Inivèsite Indyana.
Dejean, Y. (1980), Comment écrire le créole d’Haïti, Kebèk, Collectif Paroles.
Dejean, Y. (2006), Yon lekòl tèt anba, nan yon peyi tèt anba, Pòtoprens, Edition Deschamps.
DeGraff, M., Véronique, G.D. (2000), « À propos de la syntaxe des pronoms objets en créole
haïtien : points de vue croisés de la morphologie et de la diachronie», nan: Langages, 34ᵉ
année, n°138. Syntaxe des langues créoles [En hommage à Chris Corne], 89-113
DeGraff, M. (2001), Morphology. Creole genesis: Linguistics and ideology. Ken Hale: A life in
language, Michael Kenstowicz (dir.), Kambridj, MA: MIT Press, 53-121.
DeGraff, M. (2002), Relexification: a reevaluation, Anthroplogical linguistics, 44(4), 321-414.

15
DeGraff M. (2005), Do Creole languages constitute an exceptional typological class ? Revue
française de linguistique appliquée 1 (Vol X), 11-24.
Dorcé, F. (ki gen pou soti), Étude philosophique et sémantique des Noms propres en créole haitien,
Pòtoprens, memwa lisans, FLA/UEH.
Ducrot, O., Shaeffer, J.-M. (1995), Nouveau dictionnaire encyclopédique des sciences du langage,
Pari, Edition du seuil.
Faine, J. (1937), Philologie créole: études historiques et étymologiques sur la langue créole
d'Haïti, Pòtoprens, Imprimerie de l'Etat.
Fattier, D. (1998), Contribution à l’étude de la genèse d’un créole : l’Atlas linguistique d’Haïti,
cartes et commentaires. Tèz doktora, Eks-an-Pwovans, Université de Provence, Tome 1-5.
Fattier, D. (2000), « La genèse de la détermination postnominale en créole haïtien : l’empreinte
africaine», nan L’information grammaticale, 85, 39-46.
Fattier, D. (2012), ‘Le français d’Haïti (dans sa relation osmotique avec le créole) : Remarques à
propos des sources existantes’, nan André Thibault (Dir.), Le français dans les Antilles :
études linguistiques, Pari, L’Harmattan (Collection Kubaba du centre Alfred Ernout, série
‘grammaire et linguistique’ (Actes du Colloque « Le francais regional antillais : exploration
et délimitation d’un concept », organisé par André Thibault, les 26 et 27 novembre 2010,
Université Paris IV), p. 315-337.
Fiala, P., Marie-Anne, P. et Georges-Elia, S. (2004), Les grandes théories de la linguistique. De la
grammaire comparée à la pragmatique. Mots. Les langages du politique, 75, 129-132.
Foucault, M. (1969), L’archéologie du savoir, Pari, Gallimard.
François, N. (2014), Le sémantisme des verbes crées et des verbes immigrés en créole haïtien,
memwa lisans, Pòtoprens, FLA/UEH.
Glaude, H. (2012), Aspects de la syntaxe de l'haïtien, Tèz doktora, Pari, Université Paris-8.
Govain, R. (2017), « Konprann « Premye rezolisyon sou òtograf lang kreyòl ayisyen » an »,
alterpresse. http://www.alterpresse.org/spip.php?article21797#.WZhSlGxK3IU
Govain R. (2020), « L’orthographe du créole haïtien à l’épreuve du sandhi ». Nan G. L’Étang, C.
Mancé-Caster ak R. Confiant (dir.), Les tracées de Jean Bernabé, Pari, Scitep Éditions, 175-
200.
Govain, R. (2021), « De l’expression vernaculaire à l’élaboration scientifique : le créole haïtien à
l’épreuve des représentations méta-épilinguistiques. » Revue Contextes et Didactiques. [En
ligne] 17 | 2021. Disponible sur https://journals.openedition.org/ced/2723
Hilaire, J. (1993/2002), L’édifice créole en Haïti, tome 3, soubassements européens, CH-Fribou,
Edikreyòl.
Hurbon, L. (1975), « Suzanne Comhaire-Sylvain», Nan: Journal de la Société des Africanistes,
1975, tome 45, fascicule 1-2, 200-201.
Juignet, P. (2015), Michel Foucault et le concept d’épistemè, Philosophie, science et société,
https://philosciences.com/10
Kleiber, G. (2010), Petit essai pour montrer que la polysémie n’est pas un… sens interdit. Cahiers
de lexicologie, no 96, 133-153.

16
Kuhn, Th. (1962/1970), The structure of scientific revolutions, Chikago, University of Chicago.
Lainy, R. (2010), Temps et aspect dans la structure de l’énonciation rapportée, comparaison entre
le français et le créole haïtien, tèz doktora ki pa pibliye, Wan, Université de Rouen.
Lainy, R. (2012), L’étude du couple discours direct/discours indirect dans les formes libres :
comparaison entre le créole haïtien et le français, Dialogues et culture, Présence haïtienne,
58, 91-99.
Lefebvre, C. (1986), Relexification in Creole genesis revisited: the case of Haitian Creole, Nan
Muysken, P., Norval S. (dir.), Substrata versus universals in creole genesis, Amsterdam,
John Benjamins, 279-300.
Lefebvre, C. (1998). Creole genesis and the acquisition of grammar, the case of Haitian Creole,
Kanmbridj, Cambridge University press.
Maingueneau, D. (2009), Aborder la linguistique, Pari, Edition du Seuil.
Mabilon-Bonfils, B., Saadoun, L. (2007), Le mémoire de recherche en sciences sociales, Pari,
Elipses.
Laroche, M. (1975), Esquisse d’une sémantique du créole haïtien et du joual québécois, Voix et
images du pays, 91, 239–260.
Mounin, G. (2010), La sémantique, Pari, Payot.
Mufwene, S. (2001). The ecology of language evolution, Kanmbridj, Cambridge University Press.
Mufwene, S. (2002), « Développement des créoles et évolution des langues», Nan La créolisation
: à chacun sa vérité, Etudes Créoles, vol. XXV, 1, 45-70.
Nyckees, V. (1998), La sémantique, Pari, Belin.
Paul, M. (2013), Valeur sémantique des prédicats non-verbaux dans le discours de la presse parlée
en créole haïtien, memwa lisans, Pòtoprens, FLA/UEH.
Paul, M. (2017a), Altènans kodik nan diskou laprès pale nan kreyòl ayisyen, memwa lisans,
Pòtoprens, FASCH-UEH.
Paul, M. (2017b), Etude sémantique des analogies utilisées dans le discours de la presse parlée
en créole haïtien, Memwa mastè, Pòtoprens, FLA/UEH.
Paul, M. (2017c), Pour une étude de la polysémie en créole haïtien, DOKREIS, revue haïtienne
des cultures créoles, vwayaj, no 1, 158-164.
Paul, M. (2021), Les modalités du futur en créole haïtien, tèz doktora ki pa pibliye, Pari, Université
Paris-8.
Paul, M. (ki gen pou soti), La problématique du sens dans la philosophie du langage : quelques
pistes de réflexion pour une étude sémantique des noms propres en créole haitien.
Pompilus, P. (1952), Destin de la langue française en Haïti, conférence prononcée à l’Institut
français de Port-au-Prince le 19 fevrier1952. Texte non publié.
Pompilus, P. (1973), Contribution à l’étude comparée du créole et du français à partir du créole
haitien, phonologie et lexique, 1ère partie, Pòtoprens, Ed. Caraïbes.
Pompilus, P. (1976), Contribution à l’étude comparée du créole et du français à partir du créole
haitien, morphologie et syntaxe, 2ème partie, Pòtoprens, Ed. Caraïbes.
Pompilus, P. (1985), Le problème linguistique haïtien, Pòtoprens, Ed. Fardin.

17
Pressoir, C.F. (1947), Débats sur le créole et le folklore, Pòtoprens, Imprimerie de l’Etat.
Saint-Fort, H. (2011a), Pour en finir avec les mythes relatifs à l’écriture du créole haïtien,
http://elsie-news.over-blog.com
Saint-Fort, H. (2011b), Haïti : questions de langues, langues en question, Pòtoprens, Ed. de
l’Université d’Etat d’Haïti.
Sylvain, S. C. (1936/2012), Le créole haïtien: Morphologie et syntaxe, Genève, Statkine Reprints.
Belgique : Wetteren, De Meester.
Valdman, A. (1978), Le créole : Structure, statut et origine, Nis, Klincksieck.
Valdman, A. (1999), « L’orthographe du créole haïtien : au-delà de l’alphabet », Nan Etudes
créoles, vol xxii, 1, 81-96.
Vernet, P. (1980), Technique d’écriture du créole haïtien, Pòtoprens, Le Natal.
Voizard, A. (2016), « Sur la notion de schème conceptuel : Kuhn, Davidson et Quine », Nan
Nadeau, R. (dir.), Philosophies de la connaissance, Vrin : PUM, 373-396.
Zéphyr, L. (2017), Analiz rezolisyon akademi kreyòl ayisyen an sou òtograf kreyòl la,
http://www.berrouet-oriol.com/linguistique/otograf-kreyol-ayisyen
https://fr.wikipedia.org/wiki/Pierre_Vernet (Nou konsilte paj sa a nan dat 20 Dawout 2017)
https://www.potomitan.info/travaux/espacecreole/paradoxaux.htm (Nou konsilte paj sa a nan dat
23 jen 2022).

Referans atik la
Paul Moles et al. (2022), Pou yon lengwistik ayisyen. In Renauld Govain (Dir.), Òtograf kreyòl:
istwa, evolisyon, kesyònman. Fokis sou kreyòl ayisyen an. Rechèch Etid Kreyòl, no 1, Editions
JEBCA.

18

Vous aimerez peut-être aussi